Páginas

VANDREDI 7

Koulè Blan (ou Ble)
MARI KI SEN, KI VYÈJ, DAPRÈ WOZÈ A
(Memwa)
PREMYE LEKTI
NAN TRAVAY APOT YO 1, 12-14
 Apre sa, apòt yo desann mòn Oliv, yo tounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa. Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la. Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS : Lik 1, 46-55
R/ Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.
Nanm mwen ap chante pou Mèt la ki gen pouvwa.Lespri m' pran plezi nan Bondye ki delivrans mwen.R
Paske li voye je l' sou mwen, yon sèvant ki soumèt devan li. Wi, depi koulye a, epi pou tout tan, tout moun pral di: Ou se yon fanm Bondye beni! R
Paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè anpil bèl bagay pou mwen. Non li, se yon non pou tout moun respekte.R
L'ap toujou gen pitye pou tout moun ki gen krentif pou li. Li fè lèzòm santi fòs ponyèt li. Li fè moun ki gen lògèy ak gwo lide nan kè yo pèdi tèt yo.R
Li desann chèf ki te byen chita nan fotèy yo. Li leve moun ki pa gen pretansyon yo. Li bay moun ki grangou yo anpil byen.R
Li voye rich yo ale san anyen. Li vin pote sekou bay pèp Izrayèl k'ap sèvi l' la. Li pa bliye fè wè jan li toujou gen kè sansib, pou Abraram ansanm ak tout ras li a, dapre pwomès li te fè zansèt nou yo.R
LEVANJIL
Men wap ansent, w’ap anfante yon ti gason.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 1, 26-38
Lè sa a:
Bondye voye anj Gabriyèl nan yon vil Galile yo rele Nazarèt, kot yon vyèj ki te fiyanse avèk yon mesye yo te rele Jozèf, moun nan kay David la, non vyèj la se te Mari.
Anj la antre kote l, li di : Sali, ou menm ki plen favè, Granmèt la avèk ou, ou beni pami tout fi.
Lè l’ tande sa, li twouble poutèt pawòl li a, li t’ap kalkile ki kalite mòd salitasyon sa a.
Anj la di l’: Pa pè, Mari, ou jwenn gras kot Bondye: men w’ap ansent, w’ap anfante yon ti pitit gason, w’ap rele non l’ Jezi. L’ap gran, y’ap rele l’ Pitit Sa a ki anwo nèt la, Granmèt Bondye ap ba li twòn David papa l’, l’ap kòmande kòm wa nan kay Jakòb la, pou tout tan peyi wa l’ la p’ap janm fini.
Mari di Anj la: «Kijan pou sa fèt, paske mwen  pa gen konesans lèzòm?»
Anj la reponn, li di l’ : « Espri Sen an ap vini nan ou, fòs Sa a ki anwo nèt la ap kouvri ou ak lonbraj li. Se pousa Sa a k’ap fèt nan ou a, l’ap sen, y’ap rele l’ Pitit Bondye. Men Elizabèt, kouzin ou an, li menm li ansent yon ti gason nan vyeyès li a, mwa sa a se sizyèm nan pou sa a yo te rele “pa kapab fè pitit la”; paske anyen pa enposib kot Bondye ».
Mari di: « Men sèvant Granmèt la; se pou sa fèt pou mwen daprè pawòl ou a ». Epi anj la pati kite l’.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON : Jodi a Legliz ap fete Mari ki sen, ki vyèj, daprè Wozè a (Notre-Dam Wozè). Nan okazyon sa a, n’ap fè yon ti reflechi sou valè ak enpòtans chaplè a. Petèt pafwa nou menm kretyen katolik, nou pran prekosyon pou frè ak sè pwotestan nou yo pa wè si n’ap resite chaplè, paske lè yo wè nou, yo kapab lonje dwèt sou nou pou di men moun k’ap adore Mari yo. Nou pa dakò, ak fason yo gade nou an, nou santi se yon gwo atak yo fè nou. An nou gade ki kote chaplè sòti, pou nou kapab rekonsidere enpòtans li genyen pou nou.
Konprann chaplè a nan detay ak istwa li: Yon chaplè gen 5 dizèn (kidon, 50 grenn). Lè nou pale de yon wozè, nou vle pale de 3 fwa yon chaplè (3x5=15) epi (15x10=150). Ebyen 150 grenn chaplè sa a reprezante 150 sòm ke mwán yo te konn resite chak jou. Venerasyon nou genyen pou manman Mari kòmanse ofisyèlman anndan Legliz la avèk pap Pi X, ki te selebre grandyozman fèt Imakile Konsepsyon, ki vle di Mari ki san tach. Nou salye Manman Mari ak anpil respè antan nou prete menm pawòl zanj Gabriyèl la nou jwenn nan levanjil jodi a: «Mari fè kèw kontan ou menm ki plen favè Granmèt la avèk ou..».Si nou ta kontinye menm chapit levanjil sa a n’ap wè kote Elizabèt te konplete priyè sa a pandanl t’ap di: «Kilès mwen ye pou manman Sovè a vin visite m’!». «Li beni w’ pase tout fi e li beni pitit w’ap fè a»(Zanj Gabriyèl).
Manman Mari te viv nan yon sosyete ki te ekzijan, men li te konprann nesesite pou li te fè volonte Bondye anvan tout bagay; li pa t’ pè kritik sosyete a, li pa t’ pè pèdi bèl nòs, elatriye. “Wi” li te di a, se li n’ap viv jodi a; Jezi ki fèt nan vant yon fanm, ki te mouri epi ki leve byen vivan e k’ap entèsede pou nou bò kot Papa a. Pousa, ann mande Granmèt la fòs ak kouraj Lespri Sen an pou nou aprann kite volonte li fèt nan lavi nou, pou nou aprann di li “wi” menm si anpil fwa nou pa fin wè klè, oubyen nou pa fin konprann plan li.
LAPRIYÈ : Granmèt, vide gras ou a nan kè nou, nou menm ki konnen, daprè nouvèl anj la te bay, Jezikri Pitit ou a te tounen moun, tanpri, gras a priyè Mari ki sen, ki Vyèj, fè soufrans li ak lakwa li, kondui nou rive jous nan glwa rezireksyon an. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON : Resite yon dizèn chaplè nan entansyon tout moun ki inyore enpòtans Manman mari nan Legliz la.

No hay comentarios:

Publicar un comentario