Koulè
Vèt
PREMYE
LEKTI
«Nou tout
nou se pitit Bondye gras a lafwa».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO 3,
22-29
Frè m’ yo:
Labib la fèmen tout bagay anba
peche, pou yo te kapab bay pwomès la nan men moun ki kwè yo gras a lafwa
Jezikri a.
Anvan lafwa a te vini, se lalwa
a ki te sèvi nou gad, nou te fèmen ap tann pou lafwa a ki te pou devwale a. Se
pousa lalwa a se te mèt lekòl nou nan Jezikri, pou nou te kapab vin kòrèk gras
a lafwa a. Men lè lafwa a rive, nou pa anba men mèt lekòl la ankò; sèke nou
tout nou se pitit Bondye gras a lafwa a, ki nan Jezikri a.
Reyèlman
vre, nou tout ki batize nan Jezikri, nou abiye ak Jezikri. Pa gen kesyon Juif
ni Grèk, nan pwen ni esklav ni moun lib, pa gen ni gason ni fi: sèke nou tout
se yon sèl nou fè nan Jezikri. Si nou pou Jezikri, konsa nou se ras Abraam,
eritye daprè pwomès la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 104, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Granmèt
la sonjé kontra-l la pou tout tan.
Chante pou li, jwe mizik pou li,
kalkile sou tout mèvèy li yo.
Fè lwanj nou nan non l’ ki sen an,
se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.R.
Chèche Granmèt la ak pouvwa l’,
chèche fas li tout tan. Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak jijman bouch li.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit
Jakòb, sila a li chwazi a, se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman
l’ yo.R.
LEVANJIL
«Se
chans pou vant ki te pote ou la. Se chans pito
pou moun ki koute pawòl Bondye a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11,
27-28
Lè sa a:
Pandan Jezi t’ap pale ak foul
yo, yon madanm leve vwa l’ nan foul la, li di l’: «Se chans pou vant la ki te
pòte ou la, ak tete ou te souse yo».
Li menm menm, li di: «Se chans
pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Apot Pòl
di nou ak asirans: «Reyèlman vre, nou tout ki batize nan Jezikri, nou abiye ak
Jezikri. Pa gen kesyon Juif ni Grèk, nan pwen ni esklav ni moun lib, pa gen ni
gason ni fi: sèke nou tout se yon sèl nou fè nan Jezikri» (Gal 3,27-28).
Zanmi Bondye yo, gras ak batèm nou
nou tounen pitit Bondye e li fè nou tounen Wa, Pwofèt ak Pè nan Jezikri. Nou
tounen Wa pou nou gouvène, pou nou
sèvi frè ak sè nou yo; se pa pou nou kraze yo, men pou nou pwoteje yo, paske
nan Jezikri nou fè yon sèl kò.
Nou tounen Pwofèt pou nou anonse sa ki byen, denonse
sa ki pa bon nan sosyete a, tout bagay ki fè moun soufri, ki rann nou divize,
ki rann youn ap kraze lòt. Wòl nou kòm pwofèt, se fè konnen wayòm Bondye a, se
anonse pawòl li a ak tout moun, se fè konnen lanmou Bondye pou pèp li a.
Nan batèm nan, nou tounen pè pou
nou anseye epi sanktifye pèp Bondye a, pou nou sèvi modèl. Kòm batize, nou dwe
kole sou Bondye, nou dwe fè l’ tounen ranpa pou nou, nou dwe pran l’ pou Sovè
nou.
Nou dwe pran modèl sou Jezi antan
n’ap kite pawòl Bondye a gide nou, pawòl sa a ki pote delivrans la, limyè pou
klere chemen lavi nou.
Sèke nou tout
nou se pitit Bondye gras ak lafwa a, ki nan Jezikri a. Ebyen kòm pitit, nou dwe
aji daprè volonte Papa nou, nou dwe fè sa l’ mande nou fè. Paske l’ pa janm
bliye kontra li pase ak nou an, li p’ap janm trayi nou, nou tout se pitit li,
kit nou rich kit nou pòv, kit nou blan kit nou nwa.
Se pou nou mete tèt nou ansanm pou
nou fè lwanj Granmèt la, paske se nan li lavi nou asire. Fè lwanj non l’ ki sen an, se pou kè nou k’ap chèche Granmèt la kontan.
Yon fason,
menm jan ak madanm sa ki fè gwo deklarasyon lafwa sa a, « Se chans pou vant la
ki te pòte w’ la, ak tete ou te souse yo», konsa Jezi va di nou tou: «Se chans
pito pou moun ki koute pawòl Bondye a epi ki kenbe l’».
Se chans pou nou chak jodi a ki
aksepte vin tande pawòl sa, ki aksepte plante l’ nan kè nou pou nou fè l’
donnen. Se chans pou nou ki gade pawòl sa a nan kè nou pou jan l’ pwòp, pou jan
l’ bon. Wi frè m’ak sè m’ yo, se chans pou nou chak ki kontan mache daprè lòd
Granmèt la, paske peyi wa ki nan syèl la se pou nou. Se chans
pou nou jodi a ki gen kè nou pòv nan Bondye, paske peyi wa ki nan syèl la se
pou nou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa ou menm ki fè nou fè yon sèl nan
Pitit ou a, Jezikri, gras ak batèm nou an, tanpri fè nou rete kole sou ou, pou
nou aji jan ou mande nou sa. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Mwen
p'ap fè silans fas ak enjistis sosyete a, m'ap ranpli wòl pwofetik mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario