Páginas

DIMANCH 9

Koulè Vèt
VENTUITYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ, ANE-C
PREMYE LEKTI
“Naaman tounen kot moun Bondye a, li rekonèt Granmèt la”.
NAN DEZYÈM LIV WA YO 5, 14-17
Jou sa yo:
Naaman Siryen an desann, li lave kò l’ sèt fwa nan Jouden an, daprè pawòl Elize, moun Bondye a; chè l’ vin tankou chè yon ti bebe ki tou piti, li geri sot nan maladi lalèp li a.
Li tounen kot moun Bondye a avèk tout moun ki te akonpaye l’ yo, li rive, li kanpe devan l’, li di: “Mwen konnen reyèlman vre pa gen dòt Bondye sou tout tè a, sof nan Izrayèl sèlman. Tanpri, resevwa konpliman nan men sèvitè ou”.
Li reponn: “Sou lavi Granmèt la, li menm mwen kanpe devan l’ nan, mwen p’ap aksepte”. Malgre li ensiste, li pa aksepte ditou.
Naaman di: “Se jan ou vle; men, tanpri, fè sèvitè ou favè, pou m’ pran yon chajman tè sou do de milèt, paske sèvitè w’ la p’ap ofri sakrifis antye ak bèt bay dòt dye, sof Granmèt la”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4
R/Devan fas nasyon yo Granmèt la devwale delivrans li a.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Men dwat li sove pou li, bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje kè sansib li ak verite l’ pou kay Izrayèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
DEZYÈM LEKTI
“Si nou sipòte tray, n’ap kòmande kòm wa avèk Jezikri”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIMOTE 2, 8-13
Ou menm mwen renmen anpil la:
Sonje Granmèt Jezikri te leve vivan sot nan pami mò yo, li menm ki sòti nan ras David la daprè levanjil mwen an; se pou li m’ap soufri jous nan chenn yo tankou yon malfetè a; men pawòl Bondye a pa mare. Se pousa mwen sipòte tout bagay pou moun yo Bondye chwazi a, pou yo menm tou yo kapab jwenn delivrans ki nan Jezikri a, avèk bèlte syèl la.
Pawòl la sèten; sèke, si nou mouri avèk li, n’ap viv ansanm avèk li; si nou sipòte tray, n’ap kòmande kòm wa avèk li; si nou nye l’, l’ap nye nou tou; si nou pa kwè, li menm li ret fidèl: li pa kapab nye pwòp tèt li.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pa genyen ki tounen vin di Bondye mèsi, sof etranje sa a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 17, 11-19
Lè sa a:
Rive, pandan Jezi t’a pral Jerizalèm, li t’ap travèse nan mitan Lasamari ak Lagalile.
Pandan l’ap antre nan yon bouk, gen dis moun maladi lalèp ki vin devan l’, yo kanpe byen lwen, yo leve vwa yo, yo di: “Jezi, mèt, pitye pou nou”.
Lè l’ wè yo, li di: “Ale, fè prèt yo wè nou”. Rive, pandan y’a prale, yo geri.
Youn nan yo, lè l’ wè li geri, li tounen antan l’ap rele byen fò, l’ap fè konpliman pou Bondye; li tonbe sou fas li devan pye Jezi, l’ap di l’ mèsi: se te yon Samariten.
Jezi pran lapawòl, li di: “Èske dis yo pa t’ geri? E nèf yo kote yo? Pa gen pèsònn ki tounen pou di Bondye mèsi, sof etranje sa a”.
Li di l’: “Leve, ale, paske lafwa ou sove ou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, se ventuityèm dimanch tan òdinè nan ane C. Lekti pawòl Bondye pou jodi a ap envite nou gen pasyans ak rekonesans: se de kalite ki enpòtan anpil pou yon moun genyen nan lavi a. Anpil fwa, yon moun konn pwomèt ou kichòy, men ou konn tèlman anvi resevwa sa l’ap ba ou, lè anpil tan pase ou konn santi ou pa gen pasyans ankò, ou dezespere.
Nan tan lontan, pèp Izrayèl la ki t’ap pase anpil move moman nan lavi li, t’ap tann yon Mesi, yon Sovè, yon Liberatè ki pou delivre li. Ebyen li te pran pasyans e Mesi a te vini, li te libere li anba tout mal ki t’ap wonje li. Mesi a vini e li louvri je avèg yo, li fè bèbè yo pale, soud yo tande, bwate yo mache, moun ki te grangou yo jwenn manje, moun ki te gen lalèp yo geri. Wayòm Bondye a prezan pami nou. Gen yon pwovèb alman ki di: «Yon chyen rekonesan gen plis valè pase yon moun engra»; konsa gen yon pwovèb kreyòl ki di tou: «Granmesi chyen se kout baton». Konbyen fwa se sa nou wè nan lavi: Ou fè kichòy pou yon moun, ou ede l’, ou fè l’ sòti nan move pa, lè fini li bliye sa, li pa di ou mèsi. Pi mal toujou, gen defwa li joure ou, li pale ou mal. Pafwa paran ti moun yo fè san sot nan wòch, yo voye yo lekòl, men lè ti moun yo gran, yo engra, yo bliye paran yo.
Levanjil la rakonte nou Jezi t’ap antre nan yon bouk sou bò limit peyi Galile. Dis moun ki te gen maladi lalèp vin kontre li. Yo rete kanpe byen lwen l’. (Se sa lalwa te bay yo lòd fè, paske maladi lalèp se te yon move maladi. Tout moun te pè maladi sa a, ki fè yo repouse malad sa yo nan bwa, kòm si yo te mouri deja). Mesye sa yo t’ap rele byen fò: Jezi, Mèt, gen pitye pou nou. Jezi wè yo, li di yo: al fè prèt yo wè nou pou yo deklare nou geri. Pandan yo t’a prale, yo geri. Youn ladan yo ki wè li geri, li tounen sou wout li, li t’ap fè lwanj Bondye byen fò pou tout moun tande. Li lage kò l’ atè nan pye Jezi, li di l’ mèsi. Moun sa a, se te yon Samariten. Jezi pran lapawòl, li di l’: E kwè touledis te geri? Kote nèf lòt yo? Se etranje sa a sèlman ki sonje pou l’ vin fè lwanj Bondye? Epi li di li: Leve, non! Ou mèt ale, se lafwa ou ki sove ou. Mezanmi, nou te di: Granmesi chyen se kout baton. Ala moun engra! Jezi te sove yo anba yon maladi ki te pi mal pase tout maladi yo, yon maladi ki te fè yo pase pou moun ki mouri deja. E poutan yo pa menm di l’ mèsi. Lè nou li sa, nou sezi. Men èske nou pi byen pase yo? Lè peyi a nan boulvès, lè gen mizè ak kalamite, legliz la plen moun, men lè tout bagay fin retounen nan lòd, nou bliye vin di Bondye mèsi.
Premye kretyen yo te konsidere maladi lalèp kòm yon pòtre peche. Menm jan ak maladi sa a, peche fè nou pase pou moun ki mouri deja. Epi Jezi vini pou l’ sove nou anba peche. Li aksepte mouri sou lakwa pou li kab fè nou antre nan lavi an plen. Men, èske nou genyen li rekonesans? Èske nou konn vin di l’ mèsi? Chak dimanch, kretyen yo rasanble ansanm pou fè lwanj pou Bondye, pou di li mèsi. Nou menm, èske nou konn vini tou? Konbyen fwa nou kite lèzòt yo ale, men nou menm nou rete dèyè! Samariten an t’ap anonse byen fò devan tout moun sa Jezi te fè pou li, men nou menm, nou pè sèvi Jezi temwen devan lòt moun yo. Nou pa vle deranje nou pou fè apostola, fè katechis. Jodi a, Jezi ba nou Samariten sa a kòm ekzanp. Menm jan ak li, nou geri anba maladi peche. Kounye a se pou nou di Jezi mèsi, li menm ki te sove nou. Se pou nou swiv li sou chemen lakwa, ki mennen nan lavi pou tout tan.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi anpil pou tout sa w’ fè pou mwen; ou tèlman fè mèvèy nan lavi mwen, mwen p’ap janm ka fin di ou mèsi. Mèsi anpil.

PWOPOZISYON: Jodi a m’ap pran yon ti tan pou mwen reflechi pou mwen wè konbyen fwa mwen te engra epi m’ap di tout moun ki te fè kichòy pou mwen mèsi.

No hay comentarios:

Publicar un comentario