Páginas

LENDI 10

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Nou pa pitit madanm ki esklav la, men pitit madanm ki lib la".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU GALAT YO 4, 22-23. 26-27. 31-5, 1
Frè m’ yo:
Nan labib yo ekri Abraam te gen de pitit, youn ki sòti nan madanm ki esklav la, lòt la ki sòti nan madanm ki lib la; men sa ki sòti nan madanm ki esklav la, li fèt daprè chè a; sa ki sòti nan madanm ki lib la, li fèt pou pwomès la.
Bagay sa yo rive an parabòl. Se de testaman: youn sou mòn Sinayi a ki anfante pou esklavaj, se Agar; lòt la menm, ki anlè a, se Jerizalèm ki lib, li se manman nou. Reyèlman vre labib la ekri: "Fè kè ou kontan, ou menm ki pa ansent; vòltije, danse, ou menm ki pa anfante; paske pitit madanm nan ki pou kont li a, yo plis pase pitit sila a ki gen mari a".
Se pousa, frè m’ yo, nou pa pitit madanm ki esklav la, men nou se pitit madanm ki lib la, se ak libète sa a Jezikri delivre nou. Kanpe, pa kite yo fèmen nou ankò anba jouk esklavaj la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 112, 1-2. 3-4. 5a e 6-7 (r.: cf. 2)
R/ Se pou non Granmèt la beni pou tout tan.
Fè lwanj, timoun Granmèt la, fè lwanj pou non Granmèt la.
Se pou non Granmèt la beni depi koulye a ak pou tout tan. R.
Depi kot solèy leve jous kote l’ kouche non Granmèt la merite lwanj.
Granmèt la anlè nèt anwo tout nasyon yo, anlè syèl yo bèlte l’ ye. R.
Kilès ki tankou Granmèt Bondye nou an ki abite nan wotè yo,
ki voye je sou pòv yo nan syèl la ak sou tè a?
Li leve pòv la sot atè a,
li drese malere a sot nan fatra a.R.
LEVANJIL
"Yo p’ap bay jenerasyon sa a dòt siy pase siy pwofèt Jonas la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 11, 29-32
Lè sa a:
Kòm foul yo t’ap gonfle sou Jezi, li kòmanse di: "Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki mechan; l’ap chèche siy, ebyen yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la. Reyèlman vre menm jan Jonas te sèvi siy pou moun Niniv yo, konsa tou Pitit moun nan ap sèvi siy pou jenerasyon sa a. Rèn nan sid la ap leve jou jijman an ansanm ak moun jenerasyon sa a, l’ap kondane yo; paske li te vini sòti nan bout tè a pou l’ koute sajès Salomon, epi gen plis pase Salomon isit la. Moun Niniv yo ap leve jou jijman an ansanm ak jenerasyon sa a epi y’ap kondane l’ paske yo te fè penitans nan prèch Jonas la, epi gen plis pase Jonas isit la".
An nou fè lwanj ak konpliman pou Pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki mechan; l’ap chèche siy»
Jodi a, nou tande vwa Jezi: yon vwa dous, men sevè. Li di nou fè atansyon ak sila yo ki kwè yo deja gen tikè pou antre nan Paradi a, paske y’ap di: «Jezi ala bèl ou bèl!». Se vre Jezi te peye prix delivrans nou, men nou menm tou nou gen jefò pa nou pou nou fè. Nou pa kapab gen pretansyon ke Jezi dwe fè tout bagay, epi nou menm nou kwaze bra nou. Si nou fè sa nou vin tounen moun sòt an menm tan tou, nou kite ògèy plen kè nou. Se pou sa Granmèt itilize mo «mechan» jodi a: «Jenerasyon sa a se yon jenerasyon ki mechan; l’ap chèche siy, ebyen yo p’ap ba l’ siy, sof siy pwofèt Jonas la» (Lik 11, 29). Kidonk, se yon jenerasyon k’ap chèche kondisyon gwo mirak, kòmkwa li ta vle manipile Bondye.
Jezi pa antre nan lojik sa a, menm devan konpatriyòt li yo (nan Nazarèt) ki t’ap ekzije li montre li se Mesi a nan fè gwo mirak, kòmsi se nan yon sal sinema yo te chita. Men se enposib: Granmèt la ofri delivrans la bay tout moun ki fè yo tou pitit devan li nan obeyisans ki sòti nan lafwa, yon lafwa ki espere e ki fè silans. Bondye mande nou lafwa, menm lafwa li te ba nou tankou semans lagras la.
Gen yon pwovèb ki di :«Pa gen moun ki plis soud ke moun ki bouch zòrèy li pou li pa tande a». Kris la yo kondane pou li mouri a, li gen pou l’ leve byen vivan sou twa jou : moun ki rekonèt li, li pwopoze yo delivrans li a ; lòt moun yo ki pa rekonèt li a, lè li retounen kòm jij l’a tande kondanasyon yo akòz kwè yo te refize kwè a. An nou pwofite moman sa : ann aksepte Kris la nan lafwa ak lanmou. Nou va rekonèt li, li menm tou l’a rekonèt nou tankou moun pa li. Gen yon sèvitè Bondye ki te di : « Bondye pa gaspiye kouran : li limen lanp ki nesesè, nan moman ki mande sa».
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, ou men’m ki konn transfome kè lèzom, tanpri chanje kè nou, ba nou sajès ak kouraj pou mache ak ou toutan. Pa pouvwa Jezikri. Amèn

PWOPOZISYON: M’ap eseye dekouvri nan ki siy Bondye ap pale ak mwen jodi a. Petèt se nan yon pwochen. M’ap prete plis atansyon ak moun ki nan antouraj mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario