Koulè Ble ou Blan
NOTREDAM MÈSEDÈS,
PATWÒN REPIBLIK DOMINIKÈN
(GRAN FÈT)
PREMYE LEKTI
NAN LIV PWOFET JEREMI 30,8-11ª
Granmèt ki
gen tout pouvwa a di ankò: Lè jou sa a va vini, m'a kraze jouk bèf ki dèyè kou
yo a, m'a kase chenn ki nan ren yo a. Yo p'ap janm esklav moun lòt nasyon ankò.
Se mwen
menm, Granmèt la, Bondye yo a, y'a sèvi ansanm ak yon pitit David m'a mete wa
sou yo.
Nou pa
bezwen pè, nou menm pitit Jakòb, sèvitè mwen an. Nou pa bezwen tranble, nou
menm moun pèp Izrayèl. M'ap vin delivre nou nan peyi lwen sa yo. M'ap vin sove
pitit nou yo nan peyi kote yo te depòte nou an.N'ap tounen lakay nou pou nou
viv ak kè poze, san pesonn pa chache nou kont ankò.
M'ap vin jwenn nou, m'ap sove nou. Se Granmèt la menm ki di sa. M'ap disparèt
tout nasyon kote mwen te gaye nou yo.Nou menm, mwen p'ap detwi nou. Men, pou
pini se pou m' pini nou, jan sa dwe fèt. Mwen p'ap kite anyen pou nou.
SOM REPONS 125. 1-2ab. 2cd-3. 4-5. 6 (r. : 3)
R/ Granmèt la fè mèvèy pou nou; nou vin gen kè kontan.
Lè Granmèt
la t’ap fè prizonye Siyon yo tounen, nou te tankou moun ki nan rèv,
Lè sa a bouch nou vin plen ak
kontantman, lang nou ak chante fèt.R.
Le sa a yo
t’ap di nan pami nasyon yo:
"Granmèt
la fè mèvèy avèk yo. Granmet la fè mèvèy avèk nou: nou vin gen kè kontan.R.
Granmèt, fè
prizonye nou yo tounen, tankou ravin nan Sid yo.
Moun k’ap
simen ak dlo nan je, y’ap rekelte ak chante fèt, antan y’ap pote zepi yo.R.
Yo t’a
prale antan y’ap priye, yo t’ap pote semans pou yo simen an; y’ap tounen
ak chante fèt, antan y’ap pote zepi yo.R.
DEZYÈM LEKTI
NAN LÈT APOT PÒL POU GALAT YO 5, 1-2,13-25
Se pou n' te ka lib tout bon
kifè Kris la te delivre nou. Se poutèt sa, ann rete fèm nan libète sa a. Veye
kò nou pou n' pa tounen esklav ankò.
Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen.
Tande byen. Men sa mwen menm Pòl m'ap di nou: Si nou kite yo sikonsi nou, sa vle di Kris la pa sèvi nou anyen.
Kanta nou menm, frè m' yo,
Bondye te rele nou pou n' te ka gen libète nou. Sèlman, pa pran libète a sèvi
eskiz pou nou viv daprè ekzijans lachè. Okontrè, se pou nou youn sèvi lòt nan
renmen nou youn gen pou lòt.
Paske tout sa lalwa a mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
Men, si youn ap mòde lòt, youn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou youn pa touye lòt tou!
Paske tout sa lalwa a mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.
Men, si youn ap mòde lòt, youn ap devore lòt tankou bèt sovaj, atansyon pou youn pa touye lòt tou!
Se poutèt sa, men sa m'ap di
nou: Kite Lespri Bondye dirije lavi nou.
Pa obeyi egzijans kò a. Kò a gen
egzijans ki pa dakò ak egzijans Lespri Bondye a. Konsa tou, Lespri Bondye a gen
egzijans ki pa dakò ak egzijans kò a. Se de bagay ki pa mache ansanm menm. Se
sa k’ fè nou pa kapab fè sa nou vle. Men, si se Lespri Bondye a k'ap dirije
lavi nou, nou pa anba lalwa ankò.
Se fasil pou nou wè sa egzijans
kò a fè moun fè: se imoralite, malpwòpte ak vis. Se sèvi zidòl, se fè maji, se
youn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se youn pa vle wè lòt, se
fè ti pil gwo pil.Youn anvye sò lòt, yo tafyatè, yo saf konsa, ak yon bann lòt
bagay ankò y'ap fè. Mwen deja di nou sa, epi m'ap repete l' ankò pou nou: moun
ki fè tout bagay sa yo p'ap antre menm nan peyi kote Bondye wa a.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Men, Lespri Bondye a bay renmen, kè kontan, kè poze, pasyans, bon kè, seryozite, li fè ou gen bon manyè. Li fè ou aji ak dousè, li fè ou konn kontwole kò ou. Lalwa Moyiz la pa kont okenn nan bagay sa yo.
Moun ki moun Jezikri, yo fè kò a
mouri ansanm ak tout egzijans li yo, ak tout lanvi li yo. Se Lespri Bondye a ki
ban nou lavi, se pou n' kite li dirije lavi nou nan tout bagay.
LEVANJIL
Sa a Jezi fè l’ kòm kòmansman mirak yo nan Kana Lagalile".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
SEN JAN 2, 1-12
Lè sa a:
Te gen nòs nan Kana Lagalile, manman Jezi te la. Yo te envite Jezi tou nan
nòs la, ansanm ak patizan l’ yo. Diven vin manke, manman Jezi di l’: "Yo
pa gen diven". Jezi di l’: "Sa sa ye pou mwen menm ak ou menm,
madanm? Lè m’ pa ko rive". Manman l’ di sèvitè yo: "Nenpòt sa l’ di
nou, se pou nou fè l’".
Te gen sis ja yo te fouye nan wòch, pou Juif yo pwòpte kò yo, yo chak te
kapab kenbe de oubyen twa mezi. Jezi di yo: "Plen ja yo dlo". Yo plen
yo jous nan bouch. Jezi di yo: "Tire koulye a, pote bay chèf kanbiz
la". Yo pote.
Lè chèf kanbiz la goute dlo a ki te vin tounen diven an (li pa t’ konnen
kote l’ sòti, sèvitè yo menm te konnen, yo menm ki te tire dlo a), chèf kanbiz
la rele mesye marye a, li di l’: "Tout moun kòmanse mete bon diven, epi lè
moun yo sou, yo mete pi move kalite a; ou menm menm ou konsève bon diven an
jous koulye a".
Sa a, Jezi fè l’ kòm kòmansman mirak yo nan Kana Lagalile, li montre bèlte
l’, patizan l’ yo kwè nan li. Aprè sa li desann Kafanawòm, ni li ni manman l’,
ni frè l’ yo ni patizan l’ yo, yo rete la kèk jou.
REFLEKSYON: Selon
Kalandriye Legliz Repiblik Dominikèn, se fèt Notredam Mèsedès. Se yon lòt non
Manman Mari genyen, e se ak non sa yo rekonèt li kòm Patwòn Repiblik Dominikèn.
Depi lè Kristòf Kolon te dekouvri zile a nan lane 1492, anpil moun te deja
montre atachman yo ak vyèj la. Non «Mèsedès» la, yo te bay manman Lavyèj li,
depi lè yo te fonde lòd relijyez «mèsedaryo» nan dat 10 dawou 1218, nan
Baselòn, nan peyi Lespay. Sen Pyè Nolasko te fonde yon lòd ke li te dedye ak Mèsedès
(travay mizerikòd). Misyon patikilye lòd sa a, se mizerikòd anvè kretyen ki
prizonye nan men mizilman yo. Anpil moun nan lòd sa a te bay lavi yo pou
prizonye ak esklav. Wa Jaime I te bay lòd sa gwo sipò. San Pyè Nolasko ak frè li yo te gen anpil
devosyon pou Lavyèj Mari, antan yo te pran li pou patwòn yo ak gid yo. Yo te
vle tounen chevalye Lavyèj Mari nan sèvis travay liberasyon an. Se pou sa yo
onore li tankou Manman Mèsedès oubyen Lavyèj Delivrans la. Nan lane 1406, Pè Antonio Quexal, antan ke
jeneral lòd la, te di: «Mari se baza k tèt lòd nou an».
Nan dat 8 septanm 1615, te gen yon
gwo tranblemantè ki te sakaj zile a e sa te trè afekte Sen Domeng. Lè sa se te
nan epòk kote Don Dyego Gomès de Sandoval t’ap gouvènen. Se konsa, konsa
gouvènman an te deklare Lavyèj Mèsedès «Patwòn Ispanyola», kidonk patwòn tout
zile a. Yo te konn selebre gwo fèt Mèsedes la nan dat 8 septanm, ki se dat
tranblemantè a te pase a. Men nan lane 1740, yo te deside chanje dat la pou
selebre fèt sa 24 septanm.
Lè Sen Domeng te pran endepantans
li nan lane 1844, yo te deklare Lavyèj Mèsedès kòm Patwòn Repiblik Dominikèn.
Nou kapab ale nan kay prensipal kote yo venere li, sou tèt yon ti mòn, ke yo
rele «Santo Cerro», nan pye ti mòn sa nou jwenn yon ansyen vil yo rele «Konsepsyon
La Vega» (Ansyen La Vega).
Anplis ke li se Patwòn Repiblik
Dominikèn, Lavyèj Mèsedès se patwòn espirityèl plizyè vil nan peyi a, e akoz sa
yo fete fèt patwonal yo 24 septanm chak lane. Kèk nan vil sa yo, se Cabrerera, Constanza, Hato Mayor, Imbert, Pimentel.
Mesaj nou dekouvri nan fèt jodi
a, sèke Manman Mari se Manman Limanite, chak pitit li gen yon fason yo
relasyone ak li, yo ba li yon ti non ki montre atachman ak rekonesans yo. Mari
se Manman ki toujou kanpe ak nou, li toujou prezan menm jan li te toujou prezan
bò kote Jezi, Pitit ki fè nou vin tounen pitit manman li a. Levanjil jodi a
sifi pou fè nou konprann afeksyon ak atansyon manman sa gen pou nou. Se yon
manman k’ap fè ale-vini bò kote nou ak bò kote Jezi. Li di Jezi "Yo
pa gen diven"; aprè sa l’ di sèvitè yo: "Nenpòt sa l’ di nou, se pou
nou fè l’". Se nan kontèks sa Jezi te fè premye mirak li, nan nòs yo te
envite li Kana a. Avèk konkou entèsesyon Lavyèj Mari, ke n’ap fete jodi a sou
vokab Notre Dam Mèsedès, Jezi kapab fè mirak nan lavi nou. Tou senpleman se pou
nou fè sa li mande nou fè.
LAPRIYÈ: Jezi Granmèt, mèsi pou manman w’ ou ba nou kòm manman, tanpri
fè nou renmen li menm jan li renmen nou, fè nou renmen li menm jan ak ou. Amèn
PWOPOZISYON: Pandan jounen sa a, m’ap pote
tout pwoblèm mwen yo nan lage nan wòb manman Mari, antan m’ap di li mèsi poutèt
li toujou la pou entèsede, pou pote mwen sekou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario