Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Nan tan pa yo tout bagay pase anba syèl la»
LEKTI LIV KOELÈT 3, 1-11
Tout bagay gen tan, epi nan tan pa
yo tout bagay pase anba syèl la. Yon tan pou fèt ak yon tan pou mouri, yon tan
pou plante ak yon tan pou rache sa yo te plante a, yon tan pou touye ak yon tan
pou geri, yon tan pou detwi ak yon tan pou bati, yon tan pou kriye ak yon tan
pou ri, yon tan pou plenyen ak yon tan pou danse, yon tan pou voye wòch ak yon
tan pou ranmase, yon tan pou anbrase ak yon tan pou sispann anbrase, yon tan
pou posede ak yon tan pou pèdi, yon tan pou kenbe ak yon tan pou jete, yon tan
pou chire ak yon tan pou koud, yon tan pou pe bouch ak yon tan pou pale, yon
tan renmen ak yon tan rayi, yon tan lagè ak yon tan lapè.
Ki sa yon
moun genyen an plis nan redi travay? Mwen wè tray Bondye bay pitit moun yo pou
yo pase.
Li fè tout
bagay bon nan tan l’, li renmèt tè a bay diskisyon moun yo, kifè moun nan pa
jwenn aksyon Bondye fè depi nan kòmansman jous nan finisman.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
143, la e 2abc. 34 (r: la)
R/ Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an.
Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an.
Kè sansib mwen ak fòs mwen, kachèt mwen ak delivrans
mwen; pwoteksyon m’, nan li mwen espere.R.
Granmèt, ki sa moun nan ye, pou ou rekonèt li, oubyen
pitit moun nan, pou ou konsidere l’? Moun nan sanble ak vid, jou l’ yo tankou
lonbraj k’ap pase.R.
LEVANJIL
«Ou se Kris Bondye a. Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 9, 18-22
Lè sa a: Jezi t’ap lapriyè pou kont li, disip yo te
avèk li. Li poze yo kesyon, li di: «Kilès foul yo di mwen ye?»
Yo reponn, yo di: «Jan Batis; dòt menm Eli; dòt ankò se
youn nan pwofèt lontan yo ki leve». Men li di yo: «Nou menm menm kilès nou di
mwen ye?»
Simon Pyè pran lapawòl, li di: «Kris Bondye a».
Jezi menm menase yo, li pase yo lòd sevè pou yo pa di
pèsonn sa, li di: «Sèke Pitit moun nan gen pou l’ soufri anpil, pou ansyen yo
rejte l’, ni chèf prèt yo, ni pwofesè yo, l’ap mouri, men sou twazyèm jou a,
l’ap leve vivan».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Yon tan pou chak bagay»
Pawòl sa nou repete chak jou a, nou jwenn li nan la Bib la (Koelèt 3,1).
Souvan nou pale konsa pou nou eksprime youn nan sitiyasyon ke yo pale nou nan
tèks la. Men youn nan sitiyasyon sa yo ki make nou anpil, se lè li di :
«yon tan pou touye ak yon tan pou geri ».
Jounen jodi a youn nan pawòl nou plis tande se pawòl touye. Nou te ka di
n’ap viv nan tan Kayen. Sa vle di, se mal la k’ap mennen sou byen an. Touye se
bagay moun fè fasil jounen jodi a. Menm ti bebe ki san defans ki nan vant yo
touye l’. Kantite moun ki dakò pou yo touye ti bebe yo nan vant depase kantite
ki pa dakò. Li fasil pou yon moun jete yon pitit men li pa fasil pou bliye zak
sa a. Konbyen moun ki konnen sa?Men fòk nou pa janm bliye si gen touye gen
geri. Se Bondye menm k’ap geri nou avèk men li.
Jodi a, nan Levanjil
la, Mèt la poze tout moun de kesyon. Premyè
kesyon an mande yon repons estatistik, apwoksimatif: «Kilès foul yo di mwen
ye?» (Lik 9, 18). Li pouse nou gade nan antouraj nou pou wè kijan lòt yo rezoud
kesyon sa a: vwazen nou, kòlèg travay nou, zanmi nou, fanmi nou. Nou gade nan
antouraj nou e nou santi plizoumwen nou responsab (sa depan de ki ka) oubyen
nou sanse gen menm repons ak moun ki an afè ak nou nan kote n’ap viv la. Epi
repons la di nou plis toujou, li enfòme nou sou sa moun ki bò kote nou bezwen,
oubyen sa y’ap chache. Repons la ede nou
viv an amoni ak lòt yo, kote nou ka dekouvri sa nou genyen an komen ak yo pou
nou ka vanse pou pi devan…
Genyen
yon dezyèm kesyon ki konsène nou menm: «Nou menm menm kilès nou di
mwen ye?» (Lik 9,20). Se yon kesyon fondamantal ki frape pòt nou, k’ap mande bò
kote nou chak: yon adezyon oubyen yon rejè; yon venerasyon oubyen yon
endiferans; mache ak li tout bon vre oubyen fè yon senp zanmi ak li. Kesyon sa
a pa fasil, paske li touche nou. Kisa bouch nou ak aksyon nou yo temwaye? Èske
nou vle viv nan fidelite ak Sila ki bay lavi nou yon sans la? Èske nou gen yon
volonte sensè pou nou suiv li sou chemen lavi a? Èske nou dispoze pou nou mache
ak li Jerizalèm sou chemen lakwa ak viktwa a?
«Se yon chemen soufrans ak rezireksyon (…). Lakwa a
se yon ekzaltasyon Kris la, se leve Kris la byen wo. Se li menm menm ki te di
sa: «Lè yo leve mwen sou kwa, m’ap atire tout moun vin jwenn mwen». (…) Kidonk
lakwa se glwa ak ekzaltasyon Kris la.» (Sen Andre de Krèt). Èske nou deja sou
wout Jerizalèm nan? Sèlman avèk Jezi epi nan Jezi, pa vre?
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede mwen montre kijan mwen kwè nan Jezi epi m’ap mache
avèk li nan fason mwen pale ak nan jan mwen aji. Amèn.
PWOPOZISYON : Respekte epi defann lavi tout moun, espesyalman
lavi timoun yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario