Páginas

LENDI 17

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Li ba nou lavi nan Jezikri, li fè nou chita avèk li nan syèl yo»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 2, 1-10
Frè m’ yo:
Nou te mouri poutèt fot ak peche nou yo. Se nan yo nou te konn mache lontan daprè mòd lavi sa a, daprè chèf pouvwa lè sa a, ki se lespri k’ap travay koulye a nan pitit rebèl yo; se nan yo nou menm tou, nou tout lontan, nou te konn kondui tèt nou an, nan lanvi chè nou an, antan n’ap fè sa chè a avèk vye lide yo mande a, epi nou te vin tounen pitit kòlè tankou lòt yo daprè kondisyon lavi nou.
Malgre sa, Bondye menm, ki rich nan kè sansib, poutèt gran charite l’ la li renmen nou an, malgre nou te mouri akoz peche yo, li fè nou viv nan Jezikri, e se gras a favè Jezikri a, nou sove; li leve nou, li fè nou chita avèk li nan syèl yo nan Jezikri; li te vle konsa montre nan syèk ki t’ap vini yo richès favè l’ nan jan l’ bon pou nou nan Jezikri.
Se gras a favè a nou sove poutèt lafwa a, epi bagay sa a pa sòti nan nou menm: se yon kado Bondye; se pa nan aksyon yo li sòti, pou pèsònn pa fè logèy.
Nou se bagay li fè, li kreye nou nan Jezikri pou bon aksyon yo, sa Bondye te prepare yo, pou nou mache nan yo a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 99, 2. 3. 4. 5 (r.: 3b)
R/ Se Granmèt la menm ki fè nou, se pou li nou ye.
Fè lwanj pou Granmèt la, tout tè a, sèvi Granmèt la nan kè kontan; antre devan fas li avèk gran fèt.R.
Konnen Granmèt la se li menm ki Bondye; se li menm ki fè nou, se pou li nou ye, pèp li ak mouton pak li.R.
Antre nan pòtay li yo avèk lwanj, nan lakou l’ yo avèk kantik, fè lwanj li, fè konpliman pou non l’.R.
Paske Granmèt la bon; pou tout tan kè l’ sansib pou jenerasyon ak jenerasyon verite l’ la.R.
LEVANJIL
«Sa ou pare yo, pou kilès y’ap ye?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 12, 13-21
Lè sa a:
Yon moun nan foul la di Jezi: «Mèt, di frè m’ nan pou l’ separe eritaj la avèk mwen».
Jezi menm di l’: «Monchè, kilès ki enstale m’ kòm jij oubyen notè sou nou?» Li di yo: «Gade, fè atansyon pou nou evite tout lanbisyon richès; paske, yon moun te mèt gen pakèt richès, se pa byen l’ yo ki kab garanti lavi li».
Li di yon parabòl pou yo: «Te gen yon moun rich, jaden l’ te rapòte anpil richès, epi li t’ap kalkile anndan kè l’, li t’ap di: «Ki sa m’ap fè, paske mwen pa gen kote pou m’ ranmase rekòlt mwen yo?» Li di: «Men sa m’ap fè: m’ap kraze magazen m’ yo, m’ap fè lòt ki pi gran, se la m’ap ranmase tout rekòlt mwen yo ak byen mwen yo.
Epi m’ap di nam mwen: Nam mwen, ou gen anpil byen ki an rezèv pou anpil ane; repoze ou, manje, bwè, fè fèt».
Men Bondye di l’: «Enbesil, nannuit sa a menm y’ap mande ou nam ou; sa ou te pare yo, pou kilès y’ap ye?»
Se konsa li ye, moun k’ap ranmase richès pou pwòp tèt pa l’, moun ki pa rich nan Bondye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
«Yon moun te mèt gen pakèt richès, se pa byen l’ yo ki kab garanti lavi li»
Jodi a,  si nou pa bouche zòrèy nou e si nou pa fèmen je nou, n’ap konprann byen sa Levanjil la di nou: «Gade, fè atansyon pou nou evite tout lanbisyon richès; paske, yon moun te mèt gen pakèt richès, se pa byen l’ yo ki kab garanti lavi li» (Lk 12,15). Kisa ki garanti lavi yon moun?
Nou konnen byen sa ki garanti lavi Jezi, paske li di nou: «Papa a gen pouvwa pou l' bay lavi. Konsa tou, li bay Pitit la pouvwa pou bay lavi tou» (Jn 5,26). Nou konnen lavi Jezi sòti nan Papa, e lavi li se fè sa Papa vle, paske se sa ki nouriti li, e volonte Papa a, pou tout moun sove, atravè lavi li Jezi bay pou zanmi li yo, kote li montre pi gwo prèv lanmou pou lèzòm. Kidonk, lavi Jezi, se yon lavi li resevwa nan men Papa, epi li remèt li bay Papa, akoz lanmou li gen pou Papa a ak pou lèzòm. Nan kondisyon sa a, èske lavi moun nan te kapab gen valè pou sa li ye? Èske nou kapab nye ke lavi a se yon don (kado) Bondye fè nou? Èskè nou pa dwe di Bondye mèsi pou sa? Sen Jewòm di nou: «Okenn moun pa dwe kwè li se mèt lavi li».
Nan sans sa a, nou kapab poze tèt nou kesyon sa: «Ki sans lavi nou kapab genyen si li fèmen sou li menm, si li pran plezi nan di: «Nam mwen, ou gen anpil byen ki an rezèv pou anpil ane; repoze ou, manje, bwè, fè fèt» (Lk 12,19)? Si lavi Jezi se yon kado li resevwa epi li bay nan lanmou, konsa tou lavi pa nou dwe yon don (kado) pou Bondye ak pou frè ak sè nou yo, paske «moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an» (Jn 12, 25).
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri ede nou kole kò nou sou ou pou nou ka jwenn richès lavi ou revele nou nan Jezi, Pitit ou a. Amèn.

PWOPOZISYON: Si nou mete lavi nou nan sèvis lòt yo, n’a gen garanti lavi ki p’ap janm fini an.

No hay comentarios:

Publicar un comentario