Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Lè Moyiz leve men l’, Izrayèl ranpòte laviktwa”.
NAN LIV EKZÒD 17, 8-13
Jou sa yo:
Amalèk rive,
li batay kont Izrayèl nan Refidim.
Moyiz di
Jozye: “Chwazi vanyan gason, sòti, al batay kont Amalèk; demen m’ap kanpe sou
tèt ti mòn nan, m’ap kenbe baton Bondye a nan men m’”. Jozye fè jan Moyiz te di
a, li batay kont Amalèk; Moyiz menm avèk Aawon epi Our monte sou tèt ti mòn
nan.
Lè Moyiz leve
men l’, Izrayèl ranpòte laviktwa; otreman lè ofi-amezi men l’ap febli, Amalèk
ap pran pye sou yo. Men Moyiz te vin lou; yo pran wòch, yo mete anba l’, li
chita sou li; Aawon menm avèk Our soutni men l’ chak kote. Konsa men l’ pa
febli jous solèy kouche. Jozye blije Amalèk sove kò l’ ak pèp li a nan bout epe
a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 120, 1-2. 3-4.5-6. 7-8
R/ Sekou nou o non Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.
M’ap leve je
m’ nan mòn yo: kote sekou m’ ap vini?
Sekou m’ap
vin sot nan Granmèt la, ki fè syèl la ak tè a.R.
Li p’ap kite
pye ou bite, li p’ap dòmi li menm k’ap veye sou ou a. Gade, li p’ap dòmi, li p’ap
fèmen je l’, li menm k’ap veye sou Izrayèl la.R.
Granmèt la ap
veye sou ou, Granmèt la se lonbraj ou, li sou bò men dwat ou.Lajounen solèy
p’ap frappe ou, ni lalin pandan nannuit.R.
Granmèt la ap
veye sou ou kont tout malè; Granmèt la ap veye sou nanm ou.Granmèt la ap veye
sou antre ou ak sòti ou, depi koulye a jous pou tout tan.R.
DEZYÈM LEKTI
“Moun Bondye a dwe kòrèk, pou l’ pare pou tout bon aksyon”.
NAN DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 3, 14-4, 2
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Rete nan sa
ou te aprann, nan sa ou te kwè yo; ou konnen nan men ki moun ou te aprann yo;
depi ou tou piti ou konnen labib, li kapab ba ou lansèyman pou delivrans la,
gras a lafwa nan Jezikri a. Tout labib se Lespri Bondye a ki fè yo ekri l’; li
sèvi pou bay lansèyman, pou bay prèv, pou korije, pou bay lenstriksyon nan
jistis la, pou moun Bondye a kapab vin kòrèk nèt, pou l’ pare pou tout kalite
bon aksyon.
Mwen mande ou
devan Bondye ak Jezikri, k’ap vin jjje vivan yo ak mò yo, poutèt li gen pou l’
vini an, poutèt l’ap kòmande kòm wa a: preche pawòl la, pèsiste vle pa vle, bay
prèv, plede mande, menase, avèk pasyans nèt ale antan ou anvi anseye.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Bondye ap tire vanjans pou moun li chwazi yo k’ap rele kote l’ yo”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18,1-8
Lè sa a:
Jezi t’ap di
disip li yo yon parabòl pou l’ montre pou yo lapriyè tout tan, san febli, li
di: “Te gen yon jij nan yon vil, li pa t’ pè Bondye, li pa t’ respekte moun.
Te gen yon
vèv nan lavil sa a ki te konn kote l’, ap di: “Rann mwen jistis kont lènmi m’
nan”. Li pa t’ konn vle pandan lontan.
Aprè sa, li
di nan kè l’: “Menm si mwen pa pè Bondye, menm si mwen pa respekte moun, sèlman
paske vèv sa a ap kase tèt mwen an, m’ap rann li jistis, pou l’ pa vin anbete
m’ ankò”.
Granmèt la
di: “Nou tande sa move jij la di. Èske Bondye p’ap fè jistis pou moun li chwazi
yo k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit, èske l’ap fè yo tann?
Mwen di nou
l’ap rann yo jistis byen vit. Sèlman lè Pitit moun nan ap vini, èske nou kwè
l’ap jwenn lafwa sou tè a?”
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
« Fòk nou lapriyè tout tan, san febli»
Jodi a, Jezi fè nou sonje «fòk nou priye tout
tan, san febli» (Lk 18, 1). Li aprann nou sa nan aksyon li ak nan pawòl li. Sen
Lik parèt tankou sila ki rakonte nou jan Jezi te konn lapriyè.Vrèman vre, nan
kèk sikonstans ki make lavi Granmèt la, ke yo rakonte nou Labib la, se sèl Sen
Lik ki montre nou Jezi k’ap priye.
Nan Batèm nan larivyè Jouden an, nan eleksyon Douz
yo ak nan Transfigirasyon an. Lè youn nan disip li yo te mande li «Granmèt, montre nou priye» (Lk 11,1), li
te montre yo «Papa nou». Lè li te
anonse kòman Pyè t’ap di li pa konnen li : «mwen lapriyè pou ou, Simon,
pou konfyans ou nan Bondye pa febli» (Lk 22,32). Lè yo te klouwe li sou kwa
a :« Papa, mwen remèt lespri mwen nan men ou» (Sòm 31). Se Jezi menm ki
mòdèl nou, se li ki montre nou kòman pou nou mande Papa, espesyalman nan fason
li te lapriyè nan Jetsemani.
Nou kapab lapriyè Bondye nan tout sikonstans nan
lavi nou, nan divès aktivite n’ap mennen (nan fanmi nou, nan lekòl la, sou
teren an, nan lari a…). Gen divès kalite lapriyè : Se pa menm bagay lè w’
mande ak lè w’ di mèsi ; lè w’ adore ak lè w’ mande padon.
Lavyèj Mari, se yon modèl lapriyè. Nan nòs Kana,
lapriyè li a te fè «lè» Jezi a rive pi vit ! Lè mirak la, li te manifeste
anpil renmen pou envite yo ak anpil konfyans nan Pitit li, Jezi.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, koute pèp ou k’ap plenyen nan pye w’ ; afè l’ pa bon,
li gen anpil pwoblèm, li sibi anpil enjistis, men l’ konte sou ou ; nou
sèten w’ap tande, w’ap ba li laviktwa. Nou mande w’ sa a pa pouvwa Jezi Granmèt
nou an. Amèn
PWOPOZISYON: Si yon moun mande
w’ kichòy, si w’ kapab ba li l’ tousuit.
No hay comentarios:
Publicar un comentario