Páginas

SAMDI 15

Koulè Blan
SEN TERÈZ DE JEZI,
Vyèj e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
"Li bay Jezikri kòm tèt sou legliz la, ki kò li".
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO 1, 15-23
Frè m’ yo:
Lè m’ tande pale sou lafwa nou, ki nan Granmèt Jezi a, ak sou renmen nou genyen pou tout sen yo, mwen pa sispann ap di Bondye mèsi pou nou, antan m’ap fè sonje nou nan lapriyè m’ yo:
Se pou Bondye Granmèt nou Jezikri, Papa bèlte a, ba nou lespri sajès avèk revelasyon ki fè nou konnen l’ vre; se pou l’ klere je kè nou, pou nou konnen ki espwa ki genyen nan rele li rele nou an, ki richès bèlte eritaj li a genyen nan sen yo, kijan pouvwa l’ gran depase mezi nan nou menm ki kwè yo, daprè aktivite fòs pouvwa l’, li deplwaye nan Jezikri, antan l’ leve l’ sot nan pami mò yo, li fè l’ chita adwat li nan syèl la, sou tout rèy, pouvwa, otorite ak kòmandman ak tout non yo kapab nonmen, pa sèlman nan syèk sa a, men nan sa k’ap vini an tou.
Epi "li mete tout bagay anba pye l’", li bay li kòm tèt sou tout legliz la, ki kò li ak sa l’ plen an; se li menm Kris la ki reyalize tout bagay nan tout moun.
SÒM REPONS 8, 2-3a. 4-5. 6-7 (r.: cf. 7)
R/ Ou mete Pitit ou a kòm chèf sou travay men ou yo.
Granmèt, Granmèt nou,
ala gran non-ou gran sou tout tè a; paske grandè ou wo anlè syèl yo.R.
Nan bouch ti moun piti ak sa ki nan tété yo, ou réalizé bèl louanj.
Lè m’ wè syèl ou yo, travay dwèt ou yo, lalin ak zetwal yo ou fikse:
sa moun nan ye, pou ou sonje l’?
oubyen pitit moun nan, pou ou vizite l’?R.
Ou fè l’ vin pi pa ba yon ti kras anba Mesaje yo, ak bèlte ak konsiderasyon ou kouwonnen l’; ou mete l’ kòm chèf anlè travay men ou yo. Tout bagay, ou mete yo anba pye l’.R.
LEVANJIL
"Lespri Sen an ap aprann nou nan lè sa a menm sa n’ap gen pou nou di".
MEN BÒN NOUVEL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 12, 8-12
Lè sa: Jezi di disip li yo:
"Tout moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt li tou devan Mesaje Bondye yo, men sa ki nye m’ devan lèzòm, m’ap nye l’ devan Mesaje Bondye yo.
Tout moun ki di yon pawòl kont Pitit moun nan, y’ap padonnen l’; men moun ki derespekte Lespri Sen an, yo p’ap padonnen l’. Lè yo fè nou konparèt nan kay reyinyon yo ak devan majistra yo ak otorite yo, pa pran tèt chaje pou ki mòd jan oubyen ki sa n’ap reponn oubyen kisa n’ap di; Lespri Sen an ap aprann nou, nan lè sa a menm, sa nou gen pou nou di".
REFLEKSYON: «Tout moun ki rekonèt mwen devan lèzòm, Pitit moun nan ap rekonèt li tou devan Mesaje Bondye yo».
Jodi a, Granmèt Jezi fè lanp lafwa nou limen e li fè nou gen plis lespwa sou li. Li di nou davans nou gen pou nou parèt devan Bondye yon jou pou nou pase yon ekzamen. Tout moun ki te rekonèt Jezi, ki te defann li nan bat tèt li, ebyen « Pitit moun nan ap rékonèt li tou» (Lik 12,8). Se nan nou pale, aji, fason nou viv, se konsa nou kapab temwaye nou rekonèt Jezi.
Nan n’ap viv la, Jezi kontinye rele nou pou nou konvèti, nan yon tan kote moun yo pa vle koute vwa Bondye ni swiv chemen lavi a. Fason nou temwaye lafwa nou kapab genyen gwo konsekans sou lavni nou. Nou pa kapab pwoklame lafwa nou paske nou pè chatiman. Okontrè se yon nesesite ki mande pou nou pa pèdi tan, ki mande nou leve kanpe pou defann lavi. Sen Jan Krizostòm di nou: « Bondye pa mande nou yon lafwa sou pa anndan sèlman, li mande nou montre sa sou pa deyò devan je tout moun, e se konsa li ankouraje nou gen plis konfyans ak plis renmen nan kè nou».
Pwoklamasyon lafwa sa a, se fòs ak asirans Lespri li a k’ap travay nan nou k’ap pèmèt nou rete fèm. Fason Jezi kapab rekonèt nou devan mesaje yo trè enpòtan pou nou, paske sa ap pèmèt nou wè li fas a fas, n’ap viva k li, limyè li a ap klere nou. Si Jezi pa ta rekonèt nou, ebyen se yon sèl bagay n’ap konnen, se soufrans, lanmò, fènwa. An nou mande Bondye lagras pou nou pa janm derekonèt Jezi akòz nou pè, oubyen akòz nou inyoran; an nou kontinye kwè nan sa Legliz la anseye nou, an nou kite lafwa nou pouse nou aji, an nou pran responsablite nou kòm kretyen. Nou pa dwe janm pè soufri e menm mouri akòz non Jezi. Se pou nou gen kouraj, se pou nou brav. Lespri Sen an avèk nou. Avèk Lespri Sen an, nou gen Manman Mari tou ki akonpaye nou.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri bon fòs Lespri w’ la pou m’ kapab toujou temwaye renmen w’ lan ak plis fòs, toutan nan lavi mwen.

PWOPOZISYON:Nan fason m’ap aji ak pwoche mwen, m’ap montre mwen rekonèt Jezi prezan nan li.

No hay comentarios:

Publicar un comentario