Koulè
Vèt.
PREMYE
LEKTI
«Anvan,
nou te espere nan Jezikri, epi nou menm Lespri sen an make nou»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO
1, 11-14
Frè m’ yo:
Nan Jezikri yo chwazi nou, yo rele
nou, nou menm tou, pitit Izrayèl yo, yo destine nou davans daprè plan sila a ki
fè tout bagay daprè desizyon volonte l’ la, pou nou vin sèvi lwanj bèlte l’,
nou menm ki te espere davans nan Jezikri a. Nan li menm nou menm tou, lè nou te
tande pawòl verite a, levanjil delivrans nou an, lè nou te kwè nan li tou,
Lespri Sen yo te pwomèt la siyen nou, li menm ki avalwa eritaj nou an, pou
delivrans k’ap vini an, pou lwanj bèlte l’.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
32, 1-2. 4-5. 12-13
R/ Se chans
pou pèp sa a Bondye chwazi kòm eritaj li a.
Fete nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo; lwanj la ale ak
moun ki dwat yo. Fè lwanj pou Granmèt la sou gita, sou
enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke pawòl Granmèt la dwat, tout
aksyon l’ yo nan fidelite.Li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen
tè a.R.
Se chans pou nasyon an, ki gen
Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a. Antan l’ nan syèl
la Granmèt la voye je l’, li wè tout pitit moun yo.R.
LEVANJIL
«Tout
cheve tèt nou konte»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN
12, 1-7
Lè sa a:
Anpil foul te antoure Jezi, si
tèlman youn t’ap mache sou pye lòt; Jezi kòmanse di disip li yo: «Fè atansyon
leven farizyen yo, sa vle di jan yo ipokrit. Nan pwen anyen ki kache ki p’ap
devwale, ni anyen ki an kachèt yo p’ap konnen. Sa nou di nan fè nwa, y’ap di l’
nan limyè, epi sa nou pale nan zòrèy anndan chanm, y’ap preche l’ sou tèt kay.
Nou menm zanmi m’ yo,
mwen di nou: Pa pè moun yo k’ap touye kò a, epi aprè sa yo pa kapab fè anyen pi
plis. M’ap montre nou kilès pou nou pè: se pou nou pè sila a, lè l’ fin touye
a, ki gen pouvwa pou l’ jete nan lanfè a. Wi, mwen di nou, se sila a pou nou pè.
Èske yo pa vann senk ti zwazo
pou de goud, epoutan youn nan yo, Bondye pa bliye l’? Men tout cheve nan tèt
nou yo konte.
Konsa, pa pè: nou vo plis pase
anpil zwazo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, Granmèt la envite nou
reflechi sou yon move leven ki pa fè pen an leve, men ki fè li sanble gwosi,
antan pen an rete kri epi li pa nouri moun ki manje li: «Fè atansyon leven
farizyen yo» (Lik 12,1).
Sa pa gen lòt non ke ipokrizi e se
yon aparans ‘‘byen’’, se yon mask ki fèt ak pyès ki gen plizyè koulè, kote yo
kache tout vis ak defòmasyon moral, enfeksyon lespri a ak mikwòb yo ki sal
panse a, epi ansuit ekzistans nou.
Se konsa Jezi envite nou pran
prekosyon ak moun sa yo k’ap twonpe moun ki, antan y’ap preche nan bay move
ekzanp, yo simen pwazon nan antouraj yo. Mwen sonje yon jounalis ki te ekzèse
metye li ase byen. Se te yon pwofesè filozofi ki te vle atake pozisyon Legliz
Katolik pran konsènan pretansyon moun ki vle «marye fanm ak fanm» epi «gason ak
gason».
Jounalis sa ki te fyè de tèt li,
avèk yon pil fo rezònman li, li te antre an kontradiksyon ak lansèyman Legliz
la. Ebyen nou ta kapab di se yon farizyen k’ap viv nan epòk pa nou an, aprè li
fin di li batize epi li se yon kwayan, li pase sou kote panse Legliz la ak
Lespri Kris la, kote li pretann fè tèt li pase pou mèt, akonpayatè ak gid fidèl
yo.
Pou pale de yon lòt sijè, Mèt la
rekòmande nou fè distenksyon ant krent e krent: «Pa pè moun yo k’ap touye kò a,
epi aprè sa yo pa kapab fè anyen pi plis» (Lik 12,4), se moun k’ap pèsekite
Legliz la ak kretyen yo, moun k’ap touye fidèl pa dizèn nan epòk «lachas moun»
… Jezi klè ak nou lè li di nou: se pou nou pè sila a, lè l’ fin touye a, ki gen
pouvwa pou l’ jete nan lanfè a (Sa pa vle di nanm nan ap mouri: si se ta konsa
se yon gras yo ta fè pechè a. Okontrè, nanm nan se traka li pral pase.)
An nou koute Sen Ogisten k’ap di
nou: «Si ou chwazi byen sou tè sa a, yo p’ap voye ou al sibi pèn pou tout tan.
Etan done sou tè sa a ou pa ka chwazi pa mouri, pandan w’ap viv chwazi pou ou
pa mouri pou tout tan». Se sa Inyas te fè, se sa k’ fè li se yon modèl pou
Legliz la, yon modèl pou tout kretyen.
LAPRIYÈ: Bondye
ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki dekore kò Legliz ou a ki
sakre a avèk deklarasyon lafwa mati yo ki sen yo, tanpri, fè nou favè pou, menm
jan soufrans mati n’ap fete jodi a te bay Inyas ki sen yon grandè k’ap dire
tout tan, konsa tou pou l’ toujou ap pote nou sekou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: Chache
konnen istwa lavi Sen Inyas.Viv san ipokrizi, san fent.
No hay comentarios:
Publicar un comentario