Páginas

JEDI 13

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Li chwazi nou nan Jezikri anvan tè a te fèt»
KÒMANSMAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 1, 1-10
Pòl, apot Jezikri gras a volonte Bondye, pou tout sen yo, ki Efèz, ak fidèl yo nan Jezikri. Favè pou nou ak lapè sot nan Bondye Papa nou ak Granmèt Jezikri.
Konpliman pou Bondye Papa Granmèt nou Jezikri, li menm ki beni nou ak tout kalite benediksyon Lespri a nan syèl yo nan Jezikri; jan li te chwazi nou nan li anvan tè a te fèt la, pou nou sen, san repwòch devan l’ nan charite a; li menm ki te destine nou davans pou nou vin tounen pitit adoptif gras a Jezikri pou li, daprè desizyon volonte l’, pou lwanj bèlte favè l’, kote li fè nou favè nan Pitit li a li renmen an.
Nan li nou gen delivrans gras a san l’, padon peche yo daprè richès favè l’, ki ranvèse sou nou nan tout kalite sajès ak syans; pou l’ te kapab fè nou konnen mèvèy sakre volonte l’, daprè bon plezi l’, sa l’ te ranje davans nan li pou fè tan yo rive nan dènye bout kous yo pou l’ poze fondasyon tout bagay nan Jezikri, ni sa k’ nan syèl yo ni sa k’ sou tè a, nan li menm.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 97, 1. 2-3ab. 3cd-4. 5-6
R/ Granmèt la fè konnen delivrans li.
Chante yon kantik nouvo pou Granmèt la, poutèt mèvèy li fè. Delivrans la sot nan men dwat li, nan bra li ki sen an.R.
Granmèt la fè konnen delivrans li a, devan fas nasyon yo li devwale jistis li a. Li sonje kè sansib li, ak verite l’ pou kay Izraèl la.R.
Tout limit tè a ap wè delivrans Bondye nou an. Bat bravo pou Bondye, tout tè a, eklate, danse, chante.R.
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
LEVANJIL
«Y’ap mande kont pou san pwofèt yo depi sou san Abèl jous sou san Zakari»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 11, 47-54
Lè sa a: Granmèt la di:
«Madichon pou nou, nou menm k’ap bati kavo pwofèt yo; men se zansèt nou yo ki te touye yo! Konsa nou sèvi temwen nou dakò ak aksyon zansèt nou yo; paske yo menm yo fin touye yo, nou menm menm nou bati kavo yo.
Se pousa sajès Bondye a di: «M’ap voye pwofèt ak apot kote yo, gen nan yo y’ap touye, y’ap pèsekite, pou yo mande kont pou san tout pwofèt yo ki te vide a, depi tè a te fèt, san sa a jenerasyon sa a fè koule a, depi sou san Abèl jous sou san Zakari ki mouri ant lotèl la ak pati ki pi rezève nan kay sakre a». Wi, mwen di nou, y’ap mande jenerasyon sa a kont.
Madichon pou nou pwofesè lalwa yo, paske nou wete kle syans la: nou menm nou pa antre, men sila yo ki t’ap antre yo, nou anpeche yo!»
Lè l’ di yo bagay sa yo, farizyen yo ak pwofesè lalwa yo kòmanse kole kò yo sou li sere, pou yo fè l’ pale ak bouch li sou anpil bagay, antan y’ap poze pyèj pou li, yo t’ap chèche pran kichòy nan bouch li, pou yo akize l’.
 An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
  REFLEKSYON:
Jodi a, yo prezante nou sans, akseptasyon ak konpòtman anvè pwofèt yo: «M’ap voye pwofèt ak apot kote yo, gen nan yo y’ap touye, y’ap pèsekite,…» (Lik 11, 49). Pwofèt yo, se moun ki te sòti nan nenpòt ran sosyal ou relijyez, se moun ki te resevwa yon mesaj ki te sòti nan syèl e ki te kite mesaj sa a penetre yo; epi ak pouvwa Lespri a, yo eksprime mesaj sa a atravè siy oubyen pawòl ki adapte ak epòk yo t’ap viv.
Se yon mesaj ki transmèt atravè diskou oubyen aksyon ki trè difisil pou moun aksepte. Youn nan bagay ki karakterize pwofesi a, sèke li mete moun mal alèz, li deranje moun. Don an, se yon enkomodite pou moun ki resevwa li, paske sa boule li sou pa anndan epi li mete moun ki pwòch li mal alèz, yon malèz ki, jounen jodi a, gras a entènèt, touche yon popilasyon ki pi laj.
Moun ki viv nan menm epòk ak pwofèt la gen tandans kondane li pou li fè silans, joure li epi fè manti sou li jiskaske li mouri. Lè li mouri atò, se lè sa a yo ka konstwi yon gwo moniman pou yo fè kavo li, epi òganize bèl seremoni pou yo rann li omaj. Nan dènye tan sa yo, nou pa t’ manke pwofèt. Mè Teresa, Jan XXII, Monseyè Romewo… Èske nou sonje pou ki kòz yo te batay epi kisa yo t’ap reklame?
Èske nou mete lansèyman yo an Pratik? Jenerasyon nou an ap gen pou rann kont sou twou nan kouch ozón nan, sou gaspiyaj dlo ak sechrès yo lakòz, men tou sou jan yo trete pwofèt yo lè yo vle mete yo sou kote sosyete a.Nou menm ki batize, nou gen yon misyon pwofetik.
An nou gade kijan n’ap ranpli misyon sa a nan tan n’ap viv la antan n’ap pran konsyans de tout difikilte n’ap rankontre sou wout nou.
Se pou Lespri Bondye a akonpaye nou, pou nou ka akonpli misyon nou kòm pwofèt ak disip-misyonè Jezikri.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri vide Lespri Sen w’ nan nan kè nou, pou li chofe nou, pou nou ka reyalize misyon ou konfye nou kòm pwofèt nan tan ak nan sosyete n’ap viv la. Amèn.

PWOPOZISYON:Kisa mwen dwe denonse jodi a nan fanmi mwen ak nan sosyete a? Kisa mwen ka pwopoze pou yon lavi miyò? Kisa mwen ka fè konkrètman antan m’ap envite lòt moun kopere ak mwen?

No hay comentarios:

Publicar un comentario