Páginas

MÈKREDI 12

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
"Moun ki disip Jezikri, yo kloure chè yo sou kwa a avèk vis yo".
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU GALAT YO 5, 18-25
Frè m’ yo:
Si se Lespri a k’ap kondui nou, nou pa anba lalwa a.
Aktivite chè a, yo devwale, se move plezi, bagay ki pa pwòp, move konduit, banbòch, sèvis zidòl, maji, rayisans, diskisyon, jalouzi, kòlè, batay, kont, divizyon, lanvi, krim, vin sou, manje twòp, ak bagay konsa. Mwen di nou sa davans, jan m’ te deja di nou li: moun ki aji konsa yo, yo p’ap jwenn rèy Bondye a.
Men fwi Lespri a menm se charite, kè kontan, lapè, pasyans, bon jan, bon kè, padon, dousè, lafwa, senplisite, kontwole move tandans, regle plezi kò a. Kont kalite bagay sa yo pa gen lalwa. Moun ki disip Jezikri yo, yo kloure chè yo sou kwa a avèk move defo yo ak vye lanvi yo. Si se Lespri a k’ap fè nou viv, se daprè Lespri a tou pou nou mache.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6 (r.: Jn 8, 12)
R/ Moun k’ap suiv ou, Granmèt, l’ap gen limyè lavi a.
Se chans pou moun, ki pa ale suiv konsèy mechan yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan reyinyon moun k’ap derespekte Bondye yo;
men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò dlo k’ap kouri, k’ap bay fwi l’ nan sezon l’; fèy li p’ap tonbe, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou mechan yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap vòltije.
Sèke Granmèt la konnen wout moun kòrèk yo, men chemen moun peche yo ap peri.R.
LEVANJIL
Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni’’.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN :
11, 27-28
Pandan Jezi t'ap pale konsa, yon fanm pran pale byen fò nan mitan foul la, epi l' di: Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni!
11:28 Jezi reponn li: Moun ki koute pawòl Bondye epi ki mete l' an pratik, se yo menm Bondye beni.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a, nou li yon pasaj ki kout nan Levanjil Sen Lik la. Nou apèsi yon yon pèp ki senp, ki admire Jezi, e ki eksprime li atravè bouch yon madanm : «Fanm ki te pote ou nan vant li epi ki te ba ou tete a, se yon fanm Bondye beni!» (Lk 11,27).
Nou ta di gen yon nouvo kè kontan ki ajoute, lajwa Pawòl la (Kè kontan Levanjil la), ki se an menm tan yon nouvo konpliman pou Mari ki Sen, ke Pitit li a fè pou li. Paske, vrèman vre, se li menm an premye kit e koute e kit e aksepte Pawòl Bondye a atravè anons Anj la, lè li te di «Se pou sa fèt pou mwen…», yon fason enkondisyonèl, san li pa t’ espere okenn rekonpans. Lè Mari te di «Mwen swate pou sa rive m' jan ou di a» (Lk 1,38), li te montre li gen konfyans nan Bondye epi an menm tan tou, li louvri pòt delivrans la pou lèzòm.Tankou Sen Irene di nou sa, «antan Mari obeyi, li vin tounen sous delivrans pou pwòp tèt li ak pou tout moun».
Lajwa Pawòl la fè nou sonje tou yon lòt pasaj Levanjil, kote Jezi tout moun ki koute Pawòl Bondye e ki mete li an pratik, se fanmi li: «Manman m’ak frè m', se moun ki koute pawòl Bondye a epi ki fè sa pawòl la di» (Lk 8,21).
Mari, se Manman Legliz la. Mari se Manman tout mou ki akeyi Pawòl Bondye a e ki eseye pratike li ak kè kontan tankou pitit li. Fason Lavyèj Mari koute epi li mete Pawòl Bondye a an pratik, fè li tounen yon modèl lafwa pou disip Kris la. Mari fè nou konnen, kwè nan Pawòl Bondye (koute li epi mete li an pratik) sa lakòz gwo chanjman fèt nan lavi nou chak jou.
LAPRIYÈ: Papa Bondye, menm jan ak Manman nou Mari, tanpri fè nou gen disponiblite pou sèvi ou nan frè ak sè nou yo. Amèn

PWOPOZISYON: Jodi a, m’ap kite Bondye itilize m’ pou sèvis yon frè oubyen yon sè.

No hay comentarios:

Publicar un comentario