Koulè Vèt.
PREMYÈ LEKTI
“Koulye
a yo devwale mèvèy sakre Jezikri a, nasyon yo vin eritye pwomès la tou”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU
EFEZYEN YO 3, 2-12
Frè m’ yo :
Si nou te tande ki responsabilite
favè Bondye a, yo te ban m’ pou nou an ! sèke daprè sa yo devwale ban mwen an,
yo fè m’ konnen mèvèy sakre a, jan m’ te ekri de mo sou sa pi wo a; antan n’ap
li 1’, nou kapab konprann konesans afon mwen genyen nan mèvèy sakre Jezikri a,
mèvèy sakre sa a, pitit moun yo pa t’ konnen 1’ nan lòt jenerasyon yo jan yo
devwale 1’ koulye a bay apot li yo ki sen yo epi bay pwofèt yo nan Lespri a :
nasyon yo gen menm eritaj la, yo manb menm kò a, yo patisipe nan menm pwomès li
a nan Jezikri, gras a Levanjil la. Levanjil sa a mwen vin tounen sèvitè 1’ la,
daprè kado favè Bondye ban mwen an gras a fòs pouvwa 1’.
Mwen menm ki pi piti nan tout sen
yo, se mwen menm yo fè favè sa a pou m’ anonse nasyon yo richès Jezikri yo pa
kapab sonde yo, pou m’ fè tout moun wè byen klè valè mèvèy sakre a ki kache
depi syèk tan nan Bondye, li menm ki kreye tout bagay la; se dekwa pou chèf yo
ak otorite yo nan syèl yo rekonèt bon konprann Bondye a nan divès fòm li gras a
Legliz la. Men sa 1’ vin reyalize nan Jezikri Granmèt nou an, daprè desizyon ki
te regle depi syèk tan davans. Nan Jezikri nou gen konfyans e nou kapab pwoche
avèk asirans gras a lafwa nan li a.
Pawòl Granmèt la
SOM : Is 12, 2-3. 4bcd. 5-6
R/
N’ap tire dlo ak kè kontan nan sous Sovè a.
Men
Bondye sovè m’ nan,
mwen
gen konfyans, mwen pap pè,
paske
fòs mwen ak lwanj mwen se Granmèt la,
vin
sèvi m’ delivrans.
Nap
tire dlo ak kè kontan nan sous sovè a.R.
Fè
lwanj pou Granmèt la, rele non 1’, fè konnen mèvèy li yo nan nasyon yo; sonje
kijan non 1’ anlè nèt. R.
Chante
pou Granmèt la paske li fè mèvèy, anonse sa sou tout tè a.
Danse,
fè lwanj, pèp Siyon,
paske
li gran nan mitan ou, Sen Izrayèl la.R.
LEVANJIL
“Tout
moun yo bay anpil, y’ap mande 1’ anpil”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
LIK KI SEN :
12,39-48
Lè sa a :
Jezi di patizan 1’ yo : “Aprann
sa, si mèt kay la te konnen kilè vòlè a t’ap vini, li t’ap veye sètènman, epi
li pa t’ap kite yo kase kay li a. Ebyen nou menm tou se pou nou pare, paske se
lè nou pa panse a, Pitit moun nan ap vini”.
Pyè menm di 1’ : “Granmèt, èske
se pou nou menm ou ap di parabòl sa a, oubyen si se pou tout moun ?
Granmèt la di : “Kilès jeran
fidèl ki gen ladrès, pou mèt li enstale 1’ kòm responsab moun lakay la, pou 1’
ba yo pòsyon manje a nan tan yo bezwen an ? Se chans pou sèvitè sa a, si lè mèt
la rive, li jwenn li ap fè sa. An verite mwen di nou, se sou tout sa 1’ posede
1’ap enstale 1’. Men si sèvitè sa a ret ap di nan kè 1’: ‘Mèt mwen pran tan pou
1’ rive’, epi li kòmanse frape sèvitè yo, gason kon fi, 1’ap manje, 1’ap bwè,
1’ap soule tèt li, mèt sèvitè sa a ap rive jou li pa espere a, ak lè li pa
konnen an, 1’ap mete 1 deyò, 1’ap konsidere1’ nan menm ran ak moun ki pa fidèl
yo.
Sèvitè sa a ki konnen volonte mèt
li a, epi ki pa t’ pare, ki pat fè volonte 1’,1’ap pini 1’ rèd; men sila a ki
pa t’ konnen epi ki fè bagay ki merite kou, 1’ap pini 1’ yon ti kras. Tout moun
yo bay anpil, y’ap reklame anpil nan men 1’; moun yo renmèt anpil, y’ap mande
1’ plis”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: «Nou menm tou, se pou nou pare, paske se lè nou pa
panse a, Pitit moun nan ap vini».
Jodi a, pòsyon
Levanjil nou li a ape de nou konprann kijan chak moun dwe yon (jeran)
administratè : lè nou fèt, nou resevwa tout kapasite (richès) ki pou ede
nou reyalize nou nan lavi a. Nou dekouvri ke kapasite sa yo, menm pwòp lavi nou
se kado Bondye fè nou, paske nou pa t’ fè anyen pou nou te resevwa yo. Se de
talan sa yo Jezi pale nou( cf.Mat.25,15), se kalite nou dwe pran swen tout otan
n’ap viv.
Jezi di nou :
«Se lè nou pa panse a, Pitit moun nan ap vini» (Lk 12,40). Lespwa nou se nan
vini Granmèt. Men jodi a, isit la, Jezi fè li prezan nan lavi nou, nan
senplisite ak konpleksite chak moman. Se Jodi a tou nou kapab viv Wayòm Bondye
ak konkou lagras li. Sen Ogisten fè nou sonje sa nan pawòl Sòm 32,12 : «Ala
bon sa bon lè yon peyi gen Granmèt la pou Bondye li ! Ala bon sa bon pou
pèp li chwazi li rele l’ pa l’ la !
«Nou menm tou se
pou nou pare» (Lk 12,40), se yon ankourajman pou nou rete nan fidelite Bondye.
Nou responsab pou nou fè talan nou te resevwa nan lavi nou yo donnen. Antan nou
konnen volonte Mèt nou (Lik 12,47), se sa nou rele konsyans la, e se sa kif è
nou responsab akzyon nou. Repons nou dwe bay pwochen nou, tout sa ki gen lavi
nan li, se yon repons ki dwe plen lanmou.
LAPRIYÈ :Bondye Papa, pa kite nou dòmi nan fènwa move santiman nou yo,
tanpri fè Lespri ou anime nou, pou nou travay nan solidarite pou solèy lavi a
ka klere nou.
PWOPOZISYON: «Se
lè nou pa panse a, Pitit moun nan ap vini» (Lk 12,40). Si Jezi ta frape pòt kay
mwen jodi a, èske mwen pare pou mwen resevwa li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario