Páginas

JEDI 20

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se pou nou anrasinen nan renmen an, pou nou pran fondasyon nan li, pou nou kapab plen ak tout sa Bondye plen an»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 3, 14-21
Frè m’ yo:
Mwen ajenou devan Papa Granmèt nou Jezikri, se nan li tout sa k’ fè yon papa nan syèl la ak sou tè a pran non li; se pou l’ fè nou favè, daprè richès bèlte l’, pou moun nou ye sou pa anndan an vin pi solid nan nou ak bon fòs, gras a Lespri l’ la; se pou Jezikri abite nan kè nou gras a lafwa a; se pou nou pran rasin nan renmen an pou nou plante nan li, pou nou kapab konprann avèk tout sen yo ki lajè, ak longè, ak wotè, ak fondè; pou nou konnen charite Jezikri a ki depase tout syans, pou n’ap vin plen ak tout sa Bondye plen an.
Sila a ki gen pouvwa fè tout bagay depase mezi nan sa nou mande oubyen nou konprann, daprè fòs ki deplwaye nan nou, konpliman pou li nan legliz la ak nan Jezikri, nan tout jenerasyon, pou tout tan k’ap gen tan. Amèn.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 32, 1-2. 4-5.11-12 18-19 (r.: 5b)
R/ Kè sansib Granmèt la plen tè a.
Fete nan Granmèt la, nou menm ki kòrèk yo; lwanj la ale ak moun ki dwat yo. Fè lwanj pou Granmèt la sou gita, sou enstriman dis kòd la, chante pou li.R.
Sèke pawòl Granmèt la dwat, tout aksyon l’ yo nan fidelite. Li renmen jistis ak jijman, kè sansib Granmèt la plen tè a.R.
Plan Granmèt la rete pou tout tan, kalkil kè l’ pou jenerasyon ak jenerasyon. Se chans pou nasyon an, ki gen Granmèt la pou Bondye l’, pèp la li chwazi kòm eritaj li a.R.
Men je Granmèt la sou moun ki respekte l’ yo, sou moun ki espere sou kè sansib li, pou l’ delivre nam yo sot nan lanmò, pou l’ ba yo manje nan grangou.R.
LEVANJIL
«Mwen pa vin bay lapè men separasyon»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 12, 49-53
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Mwen vin voye dife sou tè a, epi ki sa m’ vle si se pa pou l’ boule. Mwen gen yon batèm pou m’ resevwa, epi se pa ti kras anvi mwen anvi pou l’ reyalize.
Èske nou konprann se lapè mwen vin bay sou tè a? Non, mwen di nou, men se divizyon. Sèke senk moun nan yon sèl kay, y’ap divize: twa kont de, epi de kont twa: papa kont pitit, epi pitit kont papa l’; manman kont pitit fi a, pitit fi a kont manman l’; bèlmè kont bèlfi, epi bèlfi kont bèlmè.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, Jezi prezante li tankou yon nèg ki gen gran dezi: «Mwen vin voye dife sou tè a, epi ki sa m’ vle si se pa pou l’ boule!» (Lik 12,49). Jezi ta renmen wè mond la k’ap boule ak flanm charite! Se pa lòt bagay! Fòk li pase nan eprèv yon batèm - lakwa a - e li ta renmen wè sa fèt deja! San dout! Jezi gen anpil plan epi li prese pou wè yo reyalize. Nou ta kapab di li pa gen pasyans. Nou menm tou, nou gen anpil lide ak pwojè, e nou ta renmen wè yo tounen reyalite toutsuit. Tan an anbarase nou. Jezi di: «Se pa ti kras anvi mwen anvi pou l’ reyalize. (Lik 12,50).
Se tansyon lavi a, se enkyetid ke moun ki gen gran pwojè kapab santi. Poutan, moun ki pa gen dezi, li tankou yon mò, yon moun ki rete an plas, yon machine ki frennen. An plis li vin tounen yon moun ki anmè, yon moun k’ap kritike moun k’ap travay. Moun ki bouje e ki fè bouje sa ki bò kote li, se moun ki gen gran dezi, se moun sa a ki avanse e ki fè tout bagay avanse.
Se pou ou gen gran dezi! Vize sa ki wo! Chache pèfeksyon pèsonèl, pèfeksyon fanmi ou, travay ou, tout sa w’ap fè, nan tout responsablite yo ba ou. Sen yo te gen dezi rive nan sa ki pi kòrèk. Yo pa t’ tranble, yo te bouje. Ou menm tou, se pou ou bouje! Sonje pawòl sa yo ke Sen Ogiste te di: «Si ou di sa kont, ou pèdi. Toujou ale, toujou mache, toujou avanse; pa kanpe nan wout, pa fè bak, pa pèdi wout ou. Moun ki pa avanse kanpe; … pito ou bwate sou chemen an, olye pou w’ap kouri pase sou kote». Epi li ajoute:
«Ekzamine tèt ou epi pa kontante ou ak sa ou ye, si ou vle rive sa ou pa ye. Paske nan moman menm ou fè tèt ou plezi, se la menm ou kanpe». Èske ou se yon moun k’ap bouje oubyen yon moun ki kanpe? Mande Lavyèj Mari pou li ede ou, li menm ki se Manman Esperans la.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri limen dife renmen w’ lan nan kè nou, pou nou ka boule tout tandans egoyis nou yo ak tout sa ki divize nou, ki fè nou pa ka viv kòm frè ak sè, pitit ou menm ki se Papa nou tout. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: Evalye nan ki pwen mwen ye sou wout la ak Jezi, konbyen pa mwen rete pou mwen fè, pou m’ ka rive nan sa ki kòrèk nèt la. Chèche fè yon pa an plis jodi a antan m’ap chache epi fè sa ki bon.

No hay comentarios:

Publicar un comentario