Páginas

VANDREDI 21

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Yon sèl kò, yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4,1-6
Frè m’ yo:
Mwen lapriyè nou, mwen menm prizonye nan Granmèt la, pou nou mache daprè direksyon kote yo rele nou an, antan nou tou piti nan kè n’, nou tou dou; se pou nou pran pasyans pou nou youn sipòte lòt nan charite a; fè efò pou nou konsève lespri ki fè nou fè yon sèl la nan chenn lapè a: yon sèl kò ak yon sèl lespri, menm jan se nan yon sèl espwa yo rele nou kote yo rele nou an; yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl batèm; yon sèl Bondye ak Papa tout moun, ki anlè tout moun, ki nan tout bagay epi ki nan nou tout.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6 (r.: cf. 6)
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Paske se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou gran larivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap kanpe sou plas li ki sen an? Moun ki gen men l’ inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan men Bondye delivrans li a. Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
«Nou konn obsève sans fas syèl la ak tè a; men tan sa a, kòman nou fè pa obsève l’?»
 MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SE LIK 12, 54-59
Lè sa a: Jezi te di foul yo:
«Lè nou wè yon nyaj k’ap monte sot nan direksyon kot solèy kouche a, menm lè a, nou di «Lapli ap vini», epi se sa k’ fèt. Epi, lè se van nan sid k’ap soufle, nou di: «L’a pral fè cho», epi sa rive. Ipokrit, nou konn jije fas syèl la ak tè a; men kòman fè nou pa kapab jije tan sa a? Pouki sa nou menm ak pwòp tèt pa nou nou pa jije sa k’ kòrèk la tou?
Lè w’a pral devan chèf la ansanm avèk lènmi ou, pandan ou sou wout la eseye antann ou avèk li, pou li pa renmèt ou nan men jij la, jij la menm pa lage ou nan men gad la, pou gad la menm pa mete ou nan prizon.
Mwen di ou: «Ou p’ap sòti la, joustan ou pa fin renmèt dènye santim nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Nan premye lekti jodi a Pòl envite nou, pou nou priye pou n’ kab fè yon sèl fanmi nan yon menm lespri; li di nou se pou nou fè kò nou piti, se pou nou dou, sa ki pi bèl toujou, li ekzòte nou se pou nou gen anpil pasyans pou youn kab sipòte lòt ak charite nan yon chenn lapè: ala bèl pawòl Pòl yo bèl! Se pou nou konsève chalè Lespri Sen an k’ap soude nou youn ak lòt, paske se li ki rasanble nou ansanm, yon sèl Granmèt, yon sèl lafwa, yon sèl Batèm. Menm jan Pòl ap ekzòte nou nan yon seri de bagay, se konsa Sen Lik nan Levanjil li ekri a, ap ede nou fè diferans ant sa ki nesesè ak sa ki esansyèl, lè nou entèprete siy tan yo, sa ede nou òganize travay nou yo.
Pa ekzanp, lè n’ap fè jaden, nou veye sezon lapli, epi avèk lalin nan, menm jan tou, nou kapab òganize nou nan relasyon nou gen ak Bondye Granmèt la, pou nou kab wè si nou kòrèk ak sa li mande n’, fòk nou entelijan, lè n’ antre nan dyalòg ak Bondye pou n’ konprann byen ki sa l’ap mande nou.
Sen Lik envite n’ aprann rekonsilye youn ak lòt davans pou nou pa al peye sa aprè: chak fwa nou rekonsilye, se wayòm Bondye a nou konstwi sou tè a, pou nenpòt tikrik tikrak, nou pa bezwen rive devan jij. Lè nou pran chemen rekonsilyasyon, balans lavi nou ekilibre.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, tanpri, ede nou sispann viv tankou chen ak chat, aprann nou youn sipòte lòt nan renmen, nan dyalòg ak nan rekonsilyasyon.

PWOPOZISYON: Chèche viv nan dyalòg ak amoni.

No hay comentarios:

Publicar un comentario