Koulè
Vèt
PREMYE
LEKTI
«Jezikri se tèt la, kote tout kò a
pran sous pou devlope a»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4, 7-16
Frè m’ yo:
Chak moun nan nou
jwenn kado gras la daprè sa Jezikri mezire pou li a.
Se pousa yo di: «Antan l’ monte nan wotè
a, li kondui prizonye, li bay moun yo kado yo».
Kesyon li monte sa a, sa sa vle di, si
se pa paske li te kòmanse desann nan rejyon ki anba tè a? Sa a ki desann nan,
se li menm tou ki te monte anlè tout syèl yo, pou l’ plen tout bagay.
Se li menm ki bay kèk moun gras pou yo
apot, kèk moun menm se pwofèt, dòt ankò evanjelis, dòt menm se gadyen ak savan
sakre. Kado sa yo se pou sen yo kapab vin kòrèk nèt nan travay sèvis la, antan
kò Jezikri a ap bati, joustan nou tout nou rive fè yon sèl nan lafwa a ak
konesans Pitit Bondye a, pou nou rive nan moun sa a ki kòrèk nèt la, nan mezi
dènye devlopman kote Jezikri anfòm nèt la. Konsa nou p’ap tankou ti moun piti
ankò k’ap ezite, nou p’ap kite yo fè nou fè laviwonn nan tout van move anseyman
moun, nan riz moun k’ap toudi nou nan move chemen; okontrè, antan n’ap fè
verite a nan renmen, n’a devlope nan tout bagay nan li menm, Jezikri ki tèt la;
se nan li tout kò a fè yon sèl, li mare ak tout kalite jwenti k’ap transmèt
mouvman an, daprè aktivite ki nan mezi chak manb, pou kò a devlope antan l’ap
bati nan renmen an.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 121, 1-2. 3-4a. 4b-5
R/ Nan kay Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Mwen kontan poutèt yo di m’:
«Nan kay Granmèt la n’a prale».
Pye nou deja kanpe nan pòt ou
yo, Jerizalèm.R.
Sèke se la ras yo ap monte, ras
Granmèt la, temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt la. Paske se la twòn yo
enstale pou jijman an, twòn kay David la.R.
LEVANJIL
«Si nou
pa fè penitans, nou tout ap peri menm jan»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 13,
1-9
Lè sa a, gen kèk moun ki pwoche,
yo pote nouvèl bay Jezi sot Galile, sou moun yo Pilat te mele san yo avèk
sakrifis yo t’ap ofri yo; li pran lapawòl, li di yo: «Èske nou kwè Galileyen sa
yo te fè peche plis pase tout Galileyen yo, pou yo soufri kalite bagay sa yo?
Non, mwen di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout ap peri menm jan». Menm jan
dizuit sa yo tou a te tonbe sou yo na Siloe a, epi li te touye yo a, èske nou
konprann yo menm yo te pi koupab pase tout moun ki abite nan Jerizalèm? Non, mwen
di nou; men si nou pa fè penitans, nou tout menm jan n’ap peri.
Li te di yo parabòl sa a tou:
«Yon mesye te gen yon pye figye ki te plante nan jaden rezen l’; li vin chèche
fwi ladan l’, li pa jwenn.
Li di jeran jaden pye rezen an:
«Sa fè twazan m’ap vin chèche fwi nan pye figye sa a, epi mwen pa jwenn; koupe
l’, pouki sa pou l’ ap okipe plas nan tè a?»
Jeran an reponn, li di l’: «Mèt,
kite l’ ane sa a ankò, joustan mwen fouye alantou l’, mwen mete fimye; petèt
l’ap donnen fwi, otreman, w’a koupe l’ aprè».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a, Pawòl Jezi yo envite nou
medite sou enkonvenyan oubyen dezavantaj ipokrizi. «Yon mesye te gen yon pye
figye ki te plante nan jaden rezen l’; li vin chèche fwi ladan l’, li pa jwenn.
(Lik 13,6). Ipokrit la, se sila ki montre sa li pa ye. Mansonj sa rive nan
dènye limit li lè moun nan fè kòmsi li se yon moun ki kòrèk, ki dwat (aspè
moral) tandiske li chaje ak vis ak defo, ouyen lè moun nan pran pòz li gen
devosyon (aspè relijyon an) nan chèchè pwòp enterè pa li, antan li neglije
Bondye. Ipokrizi moral la fò anpil nan mond la, ipokrizi relijyez la fè Legliz
la anpil mal.
Pawòl Jezi
te lanse kont eskrib yo ak farizyen yo pou vekse yo – ke nou jwenn pi klè e
dirèk nan lòt pasaj Levanjil — se pawòl tèrib. Nou pa kapab li oubyen tande
pawòl sa yo san nou pa santi yo touche kè nou, si vrèman nou te tande yo epi
konprann yo.
Se yon bagay ki konsène nou
tout, puiske nou tout nou manke koeran, paske nou fè eksperyans kontradiksyon
ant sa nou montre ak sa nou ye vrèman. Nou menm politisyen, lè nou pwofite peyi
a antan n’ap pwoklame ke se sèvi n’ap sèvi li; nou menm polisye lè n’ap pwoteje
gwoup kowonpi sou pretèks se lòd n’ap mete nan popilasyon an; nou menm medsen,
enfimyè, lè nou elimine lavi k’ap pran nesans, sou pretèks medsin ap fè pwogrè;
nou menm nan mwayen kominikasyon sosyal, lè nou falsifye enfòmasyon epi nou
pèvèti moun yo pandan nou di se divèti n’ap divèti yo; nou menm k’ap administre
lajan Leta, lè nou kase kèk biyè ladan pou nou foure nan pòch nou (nan pòch pa
nou oubyen nan pòch pati politik pa nou) antan n’ap vante tèt nou kòmkwa nou se
moun ki onèt, moun ki serye; nou menm
layik, lè nou anpeche relijyon manifeste piblikman nan non libète konsyans; nou
menm relijye, lè nou viv sou do enstitisyon nou yo akoz enfelite nou ak lespri
ak ekzijans fondatè yo; nou menm pè yo, lè nou ap viv gras a lotèl la epi nou
pa sèvi fidèl pawas nou yo avèk senplisite ak lespri Levanjil la; elatriye.
A! E ou menm ak mwen, nan mezi konsyans nou di nou sa nou dwe fè ak sa
nou pa dwe fè, pou nou ka pase tan nou ap gade ti pay ki nan je lòt la, san nou
pa menm vle rann nou kont de bout bwa ki avegle nou an. Wi ou non?
Jezi, Sovè mond lan, sove nou
anba medyokrite nou yo ak anba gwo ipokrizi nou yo!
LAPRIYÈ: Granmèt,
tanpri ede m’ konbat tout ipokrizi ki nan mwen, antan m’ap montre sou pa deyò
sa mwen ye sou pa anndan an.
PWOPOZISYON: Avan mwen
lonje dwèt sou lòt yo, m'ap gade ki defo mwen geyen nan lavi mwen ke mwen dwe
korije.
No hay comentarios:
Publicar un comentario