Koulè Vèt
TRANTYÈM
DIMANCH NAN ANE-C
PREMYE LEKTI
“Lapriyè moun
ki rabese tèt li a, li travèse nyaj yo”.
NAN LIV
SIRASID LA 35, 15b-17. 20- 22a
Granmèt la se
jij; kote l’, nan pwen glwa pèsòn: Granmèt la pa konsidere figi moun kont pòv
la, l’ap koute priyè moun yo fè pwofitè sou li a. Li p’ap meprize priyè òfelen
an ak vèv la, ni vèv la k’ap dechaje kè l’ gras a pawòl plenyen.
Yon moun ki
adore Bondye, yo resevwa l’ avèk plezi, priyè l’ ap rive jous nan nyaj yo.
Priyè moun ki rabese tèt li antre nan nyaj yo; toutotan li poko rive, moun nan
pa konsole, ni li pa sispann joustan Sa a ki anwo nèt la voye je l’ sou li.
Granmèt la
p’ap vire do, men l’ap rann moun kòrèk yo jistis, l’ap fè jijman.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 33, 2-3. 17-18. 19 e 23
R/ Yon pòv rele, Granmèt la koute l’.
M’ap fè
konpliman pou Granmèt la tout tan, tout tan lwanj li nan bouch mwen.Nan Granmèt
la nanm mwen ap jwenn konsiderasyon l’, se pou pòv yo tande, pou yo kontan.R.
Fas Granmèt
la sou moun k’ap fè mal yo, pou l’ fè souvni yo disparèt sot sou tè a.
Yo rele,
Granmèt la tande, nan tout tray yo li delivre yo.R.
Granmèt la
tou pre moun ki gen kè yo kraze yo,l’ap sove sa k’ gen lespri yo boulvèse.
Granmèt la ap delivre nanm sèvitè l’ yo, li p’ap pini tout moun ki espere nan
li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Sa k’ rete m’ se kouwòn jistis la y’ap ban mwen”.
NAN DEZYÈM
LÈT APOT PÒL KI SEN POU TIMOTE 4, 6-8.
16-18
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Mwen se yon
ofrann ki fin vide, tan an rive pou m’ kite vi sa a. Mwen batay bon batay la,
mwen fini kous mwen, mwen kenbe lafwa a. Sa k’ rete m’, se resevwa kouwòn
jistis la, sa Granmèt la ap ban mwen jou sa a, li menm jij ki kòrèk la; pa
sèlman pou mwen, men pou sa yo ki renmen jou l’ap vini an.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pibliken an desann lakay li anrèg plis pase farizyen an”.
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 18,
9-14
Lè sa a:
Jezi di
parabòl sa a pou kèk moun ki te met konfyans nan pwòp tèt yo kòmsi yo te kòrèk,
epi ki t’ap meprize lòt yo: “De mesye te monte nan Tanp la pou yo priye; youn
te Farizyen, lòt la pibliken.
Farizyen an
kanpe la, l’ap priye nan kè l’: “Bondye, mwen remèsye ou, paske mwen pa tankou
lòt moun yo, yo vòlè, yo enjis, yo adiltè, oubyen tankou pibliken sa a. Mwen fè
jèn de fwa nan semèn nan, mwen bay dizyèm pati nan tout sa m’ genyen”. Pibliken
an menm kanpe lwen, li pa t’ vle leve je l’ nan syèl la, men l’ap frape pwatri
n’ li, li di: “Bondye, pitye pou mwen, ki pechè”.
Mwen di nou:
li menm li desann anrèg lakay li plis pase lòt la; paske tout moun k’ap leve
tèt li, y’ap rabese l’, moun ki rabese tèt li, y’ap leve l’ anlè”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Imilite oubyen senplisite, se yon gwo kalite ki kapab ede nou rankontre ak
Bondye; se pou sa pawòl nou sot tande a mande n’ pou nou fè nou tou piti devan
Granmèt la. Nèg grandizè ap rete lwen syèl la, nèg ki konprann se li ki pi bon,
ki pi sen, ki pi konnen, li pa jwenn kouwòn jistis Bondye a. Men nèg ki rekonèt
li se pechè a, li konnen li pa merite leve tèt li devan Bondye, li pa diy pou
antre nan kay sakre a, nèg ki pa chèche gwo plas pou meprize ak imilye lòt yo,
nèg ki tou piti devan Bondye a, l’ap antre nan peyi kote Bondye wa a, peche l’
yo ap padone. Li te antre tèt bese, li sòti tèt leve. Se pou tèt sa nou di
lakay nou : « sa k’ sòti pi wo pran pi gwo so».
Zanmi m’ yo, pa kite wotè kraze nou. Fòk nou genyen
konba kont mal la, se pou nou genyen konba lafwa a, tankou Sen Pòl. Bondye nou
an pa nan dòmi. Li toujou la, li prè pou l’ delivre nou. Yon pòv rele, Bondye
koute ; si kè l’ sere la lache. Pran kouraj pa febli. Nou pa ka pèdi
kouwòn jistis moun ki fè yo tou piti devan Bondye, kouwòn moun k’ap batay pou
jistis tabli sou tè a. Sa se kouwòn lapè, kouwòn kè kontan. Kouwòn nan se pou
nou li ye, si nou viv jan Bondye mande n’ nan, san fè grandizè, sans pran pòz
nou pi plis pase lòt la, nou pi sen pase lòt la. Se nan rekonèt fot nou yo, nan
prezante jan nou ye a san nou pa nye idantite nou sekrè kouwòn jistis la ye.
Jezi va di nou : « nèg sa a sòti tèt leve, peche l’ yo padone ;
moun ki beze tèt Bondye ap fè l’ leve l’, men moun ki leve tèt Bondye ap fè l’
bese l’». Se pou Bondye beni nou byen beni.
LAPRIYÈ :Granmèt, tanpri ede nou nan konba lavi a, aprann nou fè nou tou piti nan
men ou, pou nou rekonèt tò nou yo, delivre nou. Pran pitye pou nou. Amèn
PWOPOZISYON : Pa fè grandizè. Se sèl Bondye ki gwo nèg. Moun ki konnen li bezwen Bondye
a, l’ap rive nan peyi kote Bondye wa a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario