Páginas

LENDI 24

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Mache nan renmen an tankou Jezikri li menm»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 4, 32-5, 8
Frè m’ yo:
Se pou nou youn bon pou lòt, pou nou gen bon kè, pou nou youn padonnen lòt, tankou Bondye li menm te padonnen nou nan Jezikri.
Konsa se pou nou pran modèl sou Bondye, tankou pitit li renmen anpil; se pou nou mache nan renmen an, tankou Jezikri li menm te renmen nou epi li te renmèt pwòp tèt li bay Bondye pou nou kòm kado ak sakrifis ki santi bon.
Kanta pou move plezi a, ni tout kalite bagay ki pa pwòp oubyen renmen lajan, yo pa dwe nonmen non yo menm nan mitan nou, jan sa dwe fèt pou sen yo; ni bagay ki fè moun wont, ni move mo, ni move plezantri, bagay ki pa gen plas yo la; men se pou nou di Bondye mèsi pito.
Aprann sa byen: tout moun k’ap fè move plezi oubyen moun ki pa pwòp oubyen moun ki renmen lajan, — e sa se yon sèvis zidòl, — yo pa gen eritaj nan peyi-wa Jezikri ak Bondye. Pa kite pèsònn twonpe nou ak pawòl ki vid; se poutèt sa reyèlman kòlè Bondye a rive sou pitit ki rebèl yo. Pa fè asosye avèk yo.
Lontan nou te pèdi wout nan fènwa, koulye a menm se limyè a nan Granmèt la: se pou nou mache tankou pitit limyè.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6 (r.: cf; Ef. 5, 1)
R/ Se pou nou pran modèl sou Bondye, tankou pitit li renmen anpil yo.
Ala kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa respekte Bondye yo, ki pa kanpe nan chemen moun peche yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a nan jwèt yo, men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen kon lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li, li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa respekte Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
«Pitit fi Abraam sa a, èske se pa pou yo te delivre l’ sot nan chenn nan jou saba a?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 13, 10-17
Lè sa a:
Jezi t’ap bay ansèyman nan sinagòg yo a jou saba. Te gen yon madanm, ki te gen yon espri feblès depi dizuitan, li te plwaye, li pa t’ kapab gade anlè ditou.
Lè Jezi wè l’, li rele l’ vin jwenn li, li di l’: «Madanm, ou geri sot anba maladi ou la». Li poze men sou li, menm lè a madanm nan drese, li pran fè lwanj Bondye.
Chèf sinagòg la menm pran lapawòl, li te kontrarye poutèt se jou saba a Jezi te fè gerizon an, li di foul yo: «Gen sis jou, kote yo dwe travay; se jou sa yo pou nou vin fè yo geri nou, se pa jou saba».
Jezi menm reponn li, li di: «Ipokrit, èske, jou saba a, nenpòt ki moun nan nou pa lage bèf li oubyen bourik li sot nan pak, pou l’ mennen l’ al bwè dlo? Epi pitit fi Abraam sa a, li menm Satan te mare depi dizuitan, èske yo pa t’ dwe lage l’ sot nan chenn sa a jou saba a?»
Pandan l’ ap di bagay sa yo, tout ènmi l’ yo te vin wont anpil, men tout pèp la t’ap fè kè l’ kontan pou tout mèvèy li t’ap fè yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:Jodi a, Jezi pwoklame li se Mesi a. Fas ak deklarasyon sa a, chèf sinagòg la vekse e li pase moun yo lòd pou yo pa chache gerizon jou Saba a: «Gen sis jou, kote yo dwe travay; se jou sa yo pou nou vin fè yo geri nou, se pa jou saba». (Lik 13,14)
Mwen ta renmen nou fè yon ti santre nou sou atitid pèsonaj sa a. Sa te toujou frape mwen lè mwen konstate kijan anpil fwa moun nan kapab fèmen sou li menm, atèl pwen, fas a yon mirak ke li te temwen, li rete endiferan. Se kòmsi li pa wè sa ki sot pase a epi li pa konnen ki sa sa vle di. E rezon an, se paske nan epòk sa a yo pa t’ entèprete lansèyman Bondye a kòrèkteman.
Pou kèk rezon—antropolojik, kiltirèl, oubyen pwojè Bondye— li inevitab pou pa ta gen konvansyon ant Bondye ak lèzòm. Pwoblèm nan, sèke Juif yo te fè konvansyon sa yo tounen yon bagay absoli. Alòske konvansyon sa yo pa mete yo an relasyon ak Bondye, men yo rete bloke nan pwòp konvansyon pa yo. Nan sans sa a, Bondye pa ka aji pou li konble yo ak gras li, kado li, renmen li; kidonk pratik relijyez yo a pa anrichi lavi yo.
Tout sa mennen yo nan yon move entèpretasyon reliyon an, e sa fè yo fèmen dye yo nan limit yo. Yo fabrike yon dye sou mezi epi yo pa kite li antre nan lavi yo. Nan fason yo pratike relijyon an, yo kwè depi yo obsève atik yo tout bagay deja rezoud. Nou ka konprann reyaksyon Jezi a: «Ipokrit, èske, jou saba a, nenpòt ki moun nan nou pa lage bèf li oubyen bourik li sot nan pak, pou l’ mennen l’ al bwè dlo? (Lik 13,15).
Pawòl Bondye a ta dwe ede nou ekzamine fason nou entèprete relijyon an, epi ede nou disène si konvansyon nou yo mete nou an rapò ak Bondye, ak lavi a. Se lè nou rive entèprete règ yo kòrèkteman ke n’ap kapab konprann fraz Sen Ogisten an: «Renmen epi fè sa ou vle»
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri aprann mwen gen konpasyon ak mizerikòd pou m’ pa rete endiferan devan souvrans ak kalamite frè ak sè m’ yo.

PWOPOZISYON: Kisa mwen konsidere ki pi enpòtan nan lavi mwen?

No hay comentarios:

Publicar un comentario