Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Sakreman sa a gran, nan Jezikri ak nan Legliz
la”.
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO: 5, 21-33
Frè m’ yo:
Se pou nou youn obeyi lòt
nan respè Jezikri. Se
pou medam yo obeyi mari yo tankou y’ap obeyi Granmét la; paske mesye a se
tèt madanm nan, tankou Jezikri se tèt Legliz la, li menm ki sove kò
1‘la. Men menm
jan Legliz la obeyi Jezikri а, konsa tou pou medam yo obeyi mari
yo nan
tout bagay.
Mesye yo,
se pou nou renmen madanm nou tankou Jezikri te renmen Legliz la epi li renmèt tèt li pou
li, pou 1’ te kapab fè 1’ vin sen antan 1’ pwòpte
1’ nan beny
dlo a nan pawòl lavi a, pou 1’ ofri Legliz la byen bèl ba li, san 1’ pa gen tach ni pli ni okenn defo, men pou 1’ sen, san tach.
Konsa tou
mesye yo dwe renmen madam yo tankou kò yo. Moun ki renmen madanm li, li renmen pwòp tèt li. Reyèlman vre, pèsonn pa janm rayi chè 1’, men li ba 1’
manje, li swen 1’, tankou Jezikri fè pou Legliz la : paske nou se manb kò l’, nou fè pati chè 1’ ak zo 1’. “Se pousa mesye a ap kite papa 1’ ak manman 1’
epi 1’ap kole kò l’ ak madanm li; yo de a y’ap vin yon sèl chè”.
Sakreman sa
a gran, mwen pale nan Jezikri ak nan Legliz la. Reyèlman vre
nou chak, se pou chak moun renmen madanm li tankou li renmen pwòp tèt li;
madanm nan menm, se pou 1’ respekte mari 1’.
Pawòl Granmèt la
SÒM
127, 1-2. 3. 4-5
R/
Se chans
pou tout
moun ki respekte Granmèt la.
Se chans
pou tout moun ki respekte Granmèt la, k ‘ap mache nan wout li yo.
Se fwi travay men ou w’ар manje,
Se chans pou ou, w’ар jwenn avantaj. R.
Madanm ou ap tankou yon jaden
rezen ki byen donnen sou bò lakay ou;
Pitit ou yo ap tankou jèn plant pye oliv
alantou tab ou а. R.
Men se konsa
moun nan ap beni, sa k’ respekte Granmèt la.
Se pou Granmèt la beni ou sot Siyon, se pou w’ wè byen
Jerizalèm, toulejou lavi ou. R.
LEVANJIL
“Grenn
nan devlope, li vin tounen yon gran pye bwa”.
MEN
BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 13, 18- 21
Lè sa a Jezi t’ap di :
“Ak ki sa rèy Bondye a sanble,
epi ak ki sa mwen tа konpare
1’ ? Li sanble ak yon grenn senve, yon
moun pran 1’, li mete 1’ nan jaden 1’, grenn nan
devlope, li vin tounen yon gran pye bwa, zwazo syèl yo vin poze nan
branch li yo”.
Li t’ap di ankò : “Ak
ki sa mwen t’ap konpare rèy Bondye a ? Li sanble ak yon leven,
yon madanm
pran 1’, li brase 1’ nan twa mezi farin, joustan tout pat la leve”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Premye lekti
a sanble bay mesye yo plis otorite nan fanmi an, yo se chèf fanmi
an. Mesye yo kapab imajine se otorite yo genyen pou yo fè sa yo vle nan kay la,
san yo pa respekte madanm yo. Men atansyon! se yon mesaj ki merite anpil atansyon pou chak moun
kapab sezi wòl yo genyen nan yon fwaye. Lè nou apwofondi konpreyansyon tèks la,
nou wè se pa lòt bagay ke youn konplete lòt.
Chak moun gen patisyon pa l’ pou l’
pote nan kay la, nan fason l’ap travay pou fanmi an kapab toujou rete ini, pou
kapab toujou genyen bon anbyans nan kay la. Nou konnen sa trè byen : Kabrit
plizyè mèt mouri nan poto. E yon kote ki pa gen moun ki pran kòmand la,
ebyen tout bagay sanse pase nan gagòt. Yon lòt pwovèb kreyòl di nou «de kòk pa viv nan menm baskou». Konsa nan
fwaye a nou konprann kijan li enpòtan pou youn aprann respekte lòt epi moun yo
dwe mete tèt yo ansanm pou yo viv.
Pou anbyans sa kapab pote fwi nan kay la, gen yon lòt bagay ki pi enpòtan,
se sa nou rele renmen an. Nou konnen gen anpil opinyon ak anpil dokiman yo ekri
sou zafè renmen an, men renmen Bondye a se pa yon renmen nou jwenn sou papye,
men se yon renmen k’ap aji. Gen moun ki kwè lè 2 moun ap viv ansanm, malgre
maryaj la yo pa rive nan dènye limit la renmen an (se kòmsi yo te fèk
rankontre), yo dwe kontinye mete konfyans yo nan Bondye pou li kapab kontinye
sa li kòmanse nan yo. Yo toujou di lanmou avèg, sa vle di lè w’ renmen ou bliye
pwòp tèt pa ou, pou kapab fè sa moun ou renmen an vle, sa ki fè li plezi.
Jounen jodi a, nou kapab konstate maryaj yo pa dire, toutan se divòs.
Poukisa ? Nou kwè se paske 2 moun yo pa t’ pran ase tan pou youn aprann
konn lòt, pou youn rive aksepte lòt la jan l’ye a (ak kalite li ak defo li).
Nou kwè pa gen moun ki bon nèt, sou tè a nou tout se jefò n’ap fè. Sa vle di,
li enpòtan pou nou aprann konprann lòt la, aprann akeyi li. Li enpòtan pou nou
kapab genyen kouraj pou nou ede lòt la avanse, pou ede li vin pi bon chak jou.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, se ou menm ki fè tout sa ki ekziste. Ou te chwazi fi ak
gason, ou mete yo viv ansanm pou yo fonde yon sèl fanmi pandan y’ap ba l’ jarèt
nan sakreman maryaj la. Tanpri, ede fanmi nou yo fè fas ak tout defi ki devan
yo nan tan n’ap viv la. Amèn.
PWOPOZISYON: M’ap aprann renmen plis nan fwaye mwen epi m’ap eseye rankontre yon moun
k’ap viv nan plasaj pou m’ konseye li marye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario