Páginas

MÈKREDI 26

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se pa tankou se moun n’ap sèvi, men se kòm sèvitè Jezikri»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 6, 1-9
Pitit yo, se pou nou obeyi paran nou yo nan Granmèt la: paske se sa ki kòrèk. «Respekte papa ou ak manman ou (sa a se premye kòmandman an nan pwomès la), pou ou kapab jwenn benediksyon, epi pou ou viv lontan sou tè a». Epi nou menm, papa yo, pa pwovoke pitit nou yo nan kòlè, men se pou nou fè edikasyon yo nan disiplin ak koreksyon Granmèt la.
Esklav yo, se pou nou obeyi mèt nou yo sou tè a avèk respè ak krentif ak kè nou tou senp, tankou se pou Jezikri: se pou n’ obeyi, pa pou je moun tankou pou nou fè moun plezi, men tankou sèvitè Jezikri k’ap fè volonte Bondye ak tout kè nou, avèk bòn volonte pou nou sèvi, tankou pou Granmèt la men pa pou moun, antan nou konnen chak moun ap resevwa sa l’ merite nan men Granmèt la, daprè sa l’ fè ki bon, swa esklav swa moun lib.
Nou menm, mèt yo, fè menm jan pou yo, sispann fè menas, antan nou konnen Granmèt yo a ak Granmèt nou an li nan syèl la, li pa okipe gade sou figi moun.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 144, 10-11. 12-13ab. 13cd-14
R/ Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo.
Se pou yo fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; se pou sen ou yo fè konpliman pou ou. Se pou yo deklare glwa peyi wa ou la, se pou yo anonse pouvwa ou.R.
Pou yo fè pitit moun yo konnen mèvèy ou yo, ak glwa grandè peyi wa ou la. Peyi wa ou la, se peyi wa tout tan, kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
Granmèt la fidèl nan tout pawòl li yo, li sen nan tout aksyon l’ yo. Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli.R.
LEVANJIL
«Y’ap vini sot olevan ak okouchan, y’ap vin sou tab nan peyi wa Bondye a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK 13, 22-30
Lè sa a:
Jezi t’ap travèse vil yo ak bouk yo, li t’ap bay ansèyman, pandan l’ap vwayaje pou Jerizalèm.
Gen yon moun ki di l’: «Granmèt, èske se ti kras moun sa yo k’ap sove a?»
Li menm menm li di yo: «Fè efò pou nou antre nan pòt ki jennen an; paske anpil moun, mwen di nou sa, ap chèche antre men yo p’ap reyisi.
Lè mèt kay la ap antre, l’ap fèmen pòt la, epi n’ap kòmanse kanpe deyò, n’ap frape pòt la, n’ap di: «Granmèt, louvri pou nou»; l’ap reponn nou: «Mwen pa konnen kote nou sòti».
Lè sa a atò, n’ap kòmanse di: «Nou te manje devan ou, nou te bwè devan ou, ou te bay ansèyman sou plas nou yo». L’ap di nou: «Mwen pa konnen kote nou sòti: rale kò nou sou mwen, nou tout k’ap fè mal la».
Se la k’ap gen rèl ak manje dan, lè n’ap wè Abraam ak Izaak ak Jakòb ak tout pwofèt yo nan peyi wa Bondye a, epi nou menm menm y’ap chase nou deyò. Moun yo ap vin sòti olevan ak okouchan, nan nò ak nan sid, y’ap vin atab nan peyi wa Bondye a. Dènye yo ap premye, epi premye yo ap dènye».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a nou wè Jezi k’ap mache pou ale Jerizalèm. Li fè yon ti kanpe epi gen yon moun ki pwofite mande li: «Granmèt, èske se ti kras moun sa yo k’ap sove a? » (Lik 13, 23). Petèt, lè li te tande Jezi, nèg sila a te panike. Vrèman vre, lansèyman Jezi yo parèt tèlman bèl, tèlman atiran; men ekzijans ke sa genyen pa fè nèg la plezi menm jan an. Men, e si li ta chwazi viv Levanjil la nan fason pa li, selon lojik pa li? Ki posiblite li ta ka genyen pou li sove?
Se konsa, li mande: «Granmèt, èske se ti kras moun sa yo k’ap sove a?». Jezi pa aksepte opinyon sa a. Delivrans la, se yon bagay ki gen twòp enpòtans pou yo ta mele li ak kalkil pwobabilite. Bondye «pa ta renmen pèsonn peri, li ta vle pou tout moun tounen vin jwenn li» (2P 3,9).
Jezi reponn mesye a: «Fè efò pou nou antre nan pòt ki jennen an; paske anpil moun, mwen di nou sa, ap chèche antre men yo p’ap reyisi.
Lè mèt kay la ap antre, l’ap fèmen pòt la, epi n’ap kòmanse kanpe deyò, n’ap frape pòt la, n’ap di: ‘‘Granmèt, louvri pou nou’’; l’ap reponn nou: ‘‘Mwen pa konnen kote nou sòti’’.»
Kòman yo kapab tounen ti mouton pak li si yo pa swiv Bon Gadyen an ni aksepte Lansèyman Legliz la?
«Rale kò nou sou mwen, nou tout k’ap fè mal la. Se la k’ap gen rèl ak manje dan» (Lik 13,27-28).
Ni Jezi ni Legliz la pa pa ta renmen yo defigire imaj Bondye Papa a nan devwale mistè lanfè a. Tankou Katechis Legliz katolik la di sa byen, «Sa Labib la di ak Legliz la sou koze lanfè a, se yon apèl pou lòm ka pran responsabilite li antan l’ap itilize libète li pou li ka rive nan desten etènèl la. An men tan tou, se yon apèl k’ap envite nou pran wout konvèsyon an san pèdi tan» (n.1036).
Ann sispans twonpe tèt nou, nou menm epi ann sispann fè kalkil. Men, ann chache antre pito nan pòt ki jennen an, nan rekòmanse tout otan sa nesesè, antan nou kwè nan kè sansib Bondye a. Tout sa ki panike ou nan moman sa a, se bagay ki pa gen twòp enpòtans; sa ki enpòtan tout bon vre a, sèke ou dwe viv ak kè kontan, ou dwe sove nanm ou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki voye Pitit ou a vin delivre nou, tanpri ede nou viv yon fason pou nou merite delivrans li a. Ede nou evite kouri nan pòt ki louvri byen laj, men k’ap fè nou tonbe nan tou malè a; okontrè ede nou pase nan pòt ki jennen an, pòt k’ap fè nou antre nan kè kontan tout tan an.

PWOPOZISYON: M'ap pran yon desizyon nan lavi mwen jodi a, ki ka ede mwen sove nanm mwen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario