Páginas

JEDI 27

Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Pran zam Bondye yo, pou nou kapab kanpe antan nou kòrèk nèt»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU EFEZYEN YO 6, 10-20
Pou rès la, frè m’ yo, pran kouraj nan Granmèt la ak nan pouvwa fòs li a. Abiye nou ak zam Bondye yo, pou nou kapab kanpe kont pyèj dyab yo. Sèke se pa kont chè ak san n’ap batay, men se kont chèf yo ak pouvwa yo, kont sa yo k’ap dirije tè fènwa sa yo, kont move espri yo ki anlè a.
Se poutèt sa, se pou nou pran zam Bondye yo, pou nou kapab reziste jou male a, epi pou nou kapab ret kanpe yon fason kòrèk nèt nan tout bagay. Konsa se pou nou ret kanpe avèk ren nou mare nan verite a, antan nou abiye ak zam defans jistis la, antan sandal ki nan pye nou se pare nou tou pare pou n’ anonse Levanjil lapè a; nan tout okazyon se pou nou pran zam defans lafwa a, se nan li nou kapab etenn tout flèch tou limen mechan an ap voye a.
Pran kask sove a, avèk epe espri a, ki pawòl Bondye a. Avèk tout kalite priyè ak demann, se pou nou ret ap priye tout tan nan Espri a; se pou nou ret ap veye nan li antan nou pèsiste kote l’ epi nou fè demann pou tout sen yo epi pou mwen menm tou, pou l’ ban m’ pawòl pou m’ louvri bouch mwen avèk asirans pou m’ fè konnen mistè Evanjil la; se pou li mwen sèvi pòt-pawòl nan chenn yo; pou konsa, nan li menm, mwen gen odas pale jan mwen dwe pale.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 143, 1. 2. 9-10 (r.: la)
R/ Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an.
Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an, li menm ki aprann men m’ pou yo batay, ak dwèt mwen pou yo fè lagè.R.
Mizerikòd mwen ak fòs mwen, kachèt mwen ak delivrans mwen; pwoteksyon m’, nan li mwen espere, li menm ki pliye pèp mwen an anba m’.R.
Bondye, se yon kantik nouvo m’ap chante pou ou, sou enstriman dis kòd la m’ap jwe pou ou, ou menm ki bay wa yo delivrans ki delivre David sèvitè ou anba epe mechan an.R.
LEVANJIL
«Sa pa nòmal pou yon pwofèt mouri andeyò Jerizalèm»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 13, 31-35
Jou sa a, kèk farizyen pwoche, yo di l’: «Pati, al fè wout ou sot isit la, paske Ewòd vle touye ou».
Li di yo: «Al di rena sa a: «Men m’ap chase demon yo, m’ap fè gerizon jodi a ak demen; epi sou twazyèm jou a m’a fini». Reyèlman ni jodi a, ni demen, ni jou ki vin aprè a, mwen gen pou m’ mache, paske se pa nòmal pou yon pwofèt peri andeyò Jerizalèm. Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k’ap touye pwofèt yo, k’ap kalonnen sa yo yo voye kote ou yo ak kout wòch, konbyen fwa mwen te vle ranmase pitit ou yo, tankou yon zwazo ranmase nich li anba zèl li, men ou pa t’ vle!
Men y’ap kite kay nou an vid ban nou! Mwen di nou antouka, nou p’ap wè m’, jouk jou a va vini, lè n’a di: «Konpliman pou sa a k’ap vini o non Granmèt la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, nou admire kouraj Jezi nan fason li akonpli misyon Papa a te konfye li. Anyen p’ap kenbe li: «Men m’ap chase demon yo, m’ap fè gerizon jodi a ak demen» (Lik 13, 32).
Avèk atitid sa a, Granmèt la endike ki konduit mesaje Levanjil la yo dwe swiv, fas ak pèsekisyon y’ap rankontre nan syèk tan yo: pa soumèt devan pouvwa tan sa a. Sen Ogisten te di, nan tan pèsekisyon, pastè yo pa dwe kouri kite fidèl yo: ni moun k’ap soufri mati, ni moun ki reziste ak li, tankou Bon Gadyen an, ki pa abandone ti mouton li yo lè lènmi an vini, men okontrè li defann yo.
Jounen jodi a, yo enfòme nou, malerezman trè souvan, gen pèsekisyon relijyez, vyolans ti gwoup ap fè sou lòt ti gwoup nan ti peyi pòv yo. Anbasad peyi oksidantal yo konseye sitwayen yo pou abandone peyi sa yo epi fè anplwaye yo antre lakay yo. Sèl moun ki rete se misyonè yo ak manb òganizasyon benevòl yo, paske sa sanble yon trayizon pou yo ta abandone «frè ak sè yo» nan tan malè a.
«Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k’ap touye pwofèt yo, k’ap kalonnen sa yo yo voye kote ou yo ak kout wòch, konbyen fwa mwen te vle ranmase pitit ou yo, tankou yon zwazo ranmase nich li anba zèl li, men ou pa t’ vle! Kounye a Bondye lage Kay Sakre ou a nan men ou» (Lik13, 34-35).
Lamantasyon Granmèt la lakòz nou tris anpil, nou menm kretyen k’ap viv nan venteyinyèm syèk, akòz konfli jwif-palestinyen. Pou nou menm, zòn sa a ki nan Pwòch Oryan, se Latè Sent, Tè Jezi ak Mari. Apèl ki lanse pou lapè nan mond la, li dwe lanse ak plis fòs, plis konsiderasyon, konsènan lapè nan Izrayèl ak nan Palestin.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki vle pou tout pitit ou yo fè youn nan renmen, tanpri, ede nou sispan viv nan zizani, nan chen manje chen; ede nou ale pi lwen ke diferans nou yo, pou nou konstwi yon sosyete kote tout moun ka viv san kè sote, antan youn santi lòt la se gadyen li. Pa pouvwa Jezikri. Amèn.

PWOPOZISYON: Kote ki gen konfli, chache mete lapè; kote ki gen divizyon, chache mete tèt ansanm.

No hay comentarios:

Publicar un comentario