Páginas

VANDREDI 28

Koulè Wouj
SIMON ak JID KI SEN, Apot
Fèt
PREMYE LEKTI
«Nou bati sou fondasyon Apot yo»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU EFEZYEN YO  2, 19-22
Frè m’ yo:
Nou pa etranje ak moun vini ankò, men nou se sitwayen peyi sen yo, nou se moun kay Bondye, nou bati sou fondasyon Apot yo ak pwofèt yo, wòch kwen ki anlè nèt la, se Jezikri; se nan li tout kay la ki bati a ap monte pou l’ vin yon Tanp ki sen nan Granmèt la; nan li nou menm tou yo bati nou ansanm ak lòt yo pou nou vin yon sèl kay Bondye nan Lespri a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5 (r.: 5a)
R/ Sou tout tè a bwi vwa yo mache ale.
Syèl yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’ platfòm syèl la ap anonse l’.Jou ap deklare pawòl bay jou, nannuit ap montre syans bay nuit.R.
Pa gen langaj ni pawòl pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout tè a bwi vwa yo mache ale, jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
«Li chwazi douz nan yo, li rele yo Apot»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 6, 12-19
Rive, jou sa yo Jezi pati al sou mòn nan pou l’ priye, li pase tout nannuit la nan priye Bondye.
Lè jou a rive, li rele disip li yo, li chwazi douz nan yo, li rele yo Apot: Simon, sa l’ bay ti non Pyè a, avèk Andre, frè l’ la, Jak ak Jan, Filip ak Batelemi, Matye ak Toma, Jak pitit Alfe a ak Simon, sa yo rele moun cho a, epi Jid pitit Jak la avèk Jida Iskaryòt, sa k’ t’ap trayi l’ la.
Pandan l’ap desann avèk yo, li kanpe nan plenn nan, te gen yon gran foul pèp ki sòti nan tout Jide a ak Jerizalèm ak rejyon bò lanmè Tir ak Sidon, ki te vini pou yo koute l’, pou l’ geri yo sot nan maladi yo. Moun ki te gen espri move ap maltrete yo te geri tou.
Tout foul la t’ap chèche touche l’, paske te gen yon pouvwa ki t’ap sòti nan li, ki t’ap geri tout moun.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON
Jodi a Legliz la, Manman nou, envite n’ fete de gwo potorik gason, de Apot Jezikri, Simon ak Jid. Jezi te chwazi yo pou fè pati ekip moun ki te pral resevwa fòmasyon sou wayòm li te vin mete sou pye a, dekwa pou l’ te ka voye yo fè disip pou li.
Yo te tout tan ak Granmèt la pou koute lansèyman li yo. Simon, se sa yo rele Zelòt la, yon mouvman vyolan nan Izrayèl ki te kont tout opozan ki te okipe peyi a. Zelòt yo te sanble ak Farizyen yo ki t’ap chèche akonpli Lalwa Bondye a epi pirifye teritwa Izrayèl la anba tout nasyon ki pa gen lafwa nan sèl Bondye Izrayèl la.
Jid, se li rele yo rele “Moun cho a”. Se li nan ki te mande Jezi: “Pouki se devan nou ou revele sa w’ ye a, se pa ak tout pèp la”? (Jan 14, 22). De mesye sa yo ta sanble, aprè Pannkot la, mete kò yo deyò nan peyi Lapès pou y’ap preche Bòn Nouvèl la. Daprè yon tradisyon, se la yo te bay lavi yo kòm mati akoz sèvis Wayòm Bondye a.
Premye lekti a fè n’ konnen se sou fondasyon apot yo nou bati; sa vle di, sou lansèyman yo te transmèt nou an, sou lafwa yo nan Sila a ki te mouri epi ki leve byen vivan an.
Fondasyon sa a gen pou wòch kwen an, Jezikri; li menm ki kenbe tout kay la solid. Apot yo t’ap preche Wayòm Bondye a, kote chak moun ki kwè yo te tounen yon wòch vivan ki rantre nan gran konstriksyon Peyi kote Bondye wa a ki chita sou lafwa nan Jezikri, wòch kwen an, Sila a Papa a te voye pou te vin sove limanite a. Nan anons Bòn Nouvèl renmen Bondye a, Simon ak Jid te konsakre lavi yo. Se nan lafwa n’ nan Jezikri, n’ap vin tounen ansanm ak tout moun ki kwè yo, yon Sèl kay sakre Granmèt la. Depi nan batèm nou, nou te antre nan gran fanmi Jezi a ki se Legliz, pwòp kò li kote li menm se Tèt la epi Lespri Sen se kè a.
Konsa, se pou nou louvri kè nou pou kite pwisans Pawòl Bondye a fè n’ vin tounen yon moun ki angaje nan sosyete n’ap viv la, nan sèvis wayòm nan.
Levanjil la montre n’, lè Jezi li menm t’ap chwazi disip li yo, epi depi lè sa a li te rele yo Apot. Si li chwazi, se pou li voye yo nan misyon. Jezi, depi menm lè a li te kòmanse travay pou wayòm nan, preche pawòl Bondye a epi geri moun ki malad yo.
Jezi te pote liberasyon pa sèlman pou moun ki malad sou kò, men moun ki te toumante ak move lespri yo tou. Yon lòt kote Jezi te di: “Travay la anpil men manke ouvriye, lapriyè Mèt rekòt la pou l’ voye travayè”.
Jodi a, se pou nou pran konsyans nou gen yon gwo travay pou n’ fè nan anonse pawòl Bondye a pou moun yo kapab kwè, nan kwè yo kwè a yo kapab fè eksperyans pèsonèl yo ak Granmèt la epi anba pouvwa Lespri Sen an, santi apèl Granmèt la ap fè yo pou yo angaje yo nan sèvis la dekwa pou yo ka temwanye l’ menm jan ak Simon ak Jid jous nan chemen mati a si sa ta posib.
LAPRIYÈ: Granmèt, gras ak konkou entèsesyon Simon ak Jid, ede nou angaje n’ pi fè m’ nan sèvis levanjil la nan kominote kote n’ap viv epi kote n’ap travay. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: An gwoup de 4 a 5 moun reflechi ansanm sou mesaj la Granmèt la konfye Apot yo, kòman yo te akeyi li, epi kòman yo te bay lavi yo nan gaye Bòn Nouvèl la, dekwa pou aksyon pa nou yo jwenn fòs sou fondasyon pa apot yo.

No hay comentarios:

Publicar un comentario