Páginas

SAMDI 29

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
“Pou mwen, viv se Jezikri, epi mouri se yon avantaj”.
 NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO : 1, 18b- 26
Frè m’ yo :
Yon fwa se Jezikri yo anonse, se nan sa mwen kontan, epi m’ap kontan toujou. Mwen konnen reyèlman vre sa ap sèvi pou delivrans la gras a lapriyè nou ak sekou Lespri Jezikri a; daprè sa m’ap tann nan ak esperans mwen an, mwen p’ap wont ditou, men ak tout konfyans mwen, tankou tout tan, epi koulye a espesyalman, Jezikri ap parèt klè nan kò m’, kit mwen viv, kit mwen mouri.
Pou mwen menm viv se Jezikri, epi mouri se yon avantaj. Sèlman si antan m’ap viv nan chè a, sa pèmèt mwen fè yon travay, ki sa pou m’ chwazi, mwen pa konnen. Mwen jennen ant de bagay : mwen anvi pou m’ mouri pou m’al rete avèk Jezikri e sa ta pi bon anpil, men rete m’rete nan chè a, li nesesè pou nou.
Mwen gen konfyans sa a m’ap rete, m’ap rete byen rete pou nou tout, pou avantaj nou ak kè kontan lafwa a, pou kontantman nou an debòde nan Jezikri parapò  a mwen, poutèt mwen retounen ankò kote nou.
Pawòl Granmèt la
SÒM 41, 2. 3. 5
R/Nanm mwen swaf kot Bondye vivan an.
Tankou yon mouton ki anvi al nan sous dlo yo, konsa nanm mwen anvi al kote ou, Bondye. R.
Nam mwen swaf kot Bondye, Bondye vivan an, kilè m’a prale, pou m’ parèt devan fas Bondye ? R.
Sèke mwen te konn travèse nan kote bèl joupa a ye a, jous kot kay Bondye a, nan pami vwa fèt ak lwanj, foul la k’ap fete gran fèt. R.
LEVANJIL
“Moun ki leve tèt li, y’ap rabese 1’; moun ki rabese tèt li, y’ap leve 1’ anlè”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK   14, 1. 7-11
Lè sa a :
Rive, kòm Jezi te antre nan kay yon chèf farizyen yo, yon jou saba, pou 1’ manje, yo menm yo t’ap suiv sa 1’ap fè. Li t’ap di yon parabòl pou envite yo, lè 1’ wè kijan yo t’ap chwazi premye plas yo, li di yo : “Lè yo envite ou nan nòs, pa al enstale ou nan premye plas, pou si yo ta envite yon moun ki gen pi gwo grad pase ou, moun ki envite ni ou menm ni li menm nan ap rive, 1’ap di ou : ‘Ba 1’ plas la’, lè sa a ou ta kòmanse wont pou w’ al pran dènye plas la. Men lè yo envite ou, ale, enstale ou nan dènye plas la, pou, lè moun ki te envite ou la rive, li di w’ : ‘Zanmi, monte pi wo ; lè sa a, sa ap yon konsiderasyon pou ou devan tout envite yo.
Paske tout moun k’ap leve tèt li, y’ap rabese 1’; moun ki rabese tèt li, y’ap leve 1’”.
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Nan premye lekti a Pòl montre n’ ki kote sous tout lajwa li ye. Pou Pòl tout sa ki gen pou wè ak lavi e kè kontan genyen rasin li nan Jezi, pou li tout rezon pou viv nan lapè ak kè kontan nan kominyon san limit yo rete nan renmen Jezi a. Pou li vrè lafwa a se pa konsekans anpil richès, ni li pa depann de okenn moun sou tè a ; se pousa li mande n’ pou nou rete kole toutan sou Granmèt la.
Jezi vle ban nou yon bon leson nan levanjil jodi a : nan sosyete nou an, nou konstate, tout kote ki gen fèt gran panpan, avan moun yo chita, yo chwazi plas ke yo jije ke moun ki nan menm klas sosyal ak yo kapab chita.
Nan levanjil jodi a, Jezi konseye n’pou nou pran 2 ou 3  plas ki pi dèyè ke plas ke nou panse ke yo te ka reseve pou nou an. Kòm n’ap pale de tan Jezi, nou kapab poze tèt nou kesyon jodi a : Èske lit pou jwenn premye plas nan gran okazyon pa toujou yon preokipasyon pou envite yo? Jounen jodi a nou genyen anpil lòt siy diferan ki ka fè wè ki klas sosyal nou: tankou jan nou abiye, mak rad ke nou mete… mak machin ke nou posede…nan ki zòn ke n’ap viv… ki lekòl, ki inivèsite nou frekante… ki kote nou fè pwovizyon pou kay nou... etc.
Jezi ban nou lansèyman sa a : «Lè yo envite n’ nan yon nòs pa al chèche pran premye plas…». Nou kapab konprann ke Jezi pa vle antre nan detay tankou kijan yon moun dwe viv nan sosyete a, se pa sa ki sanble enterese l’, men pito li vle atire atansyon nou sou imilite ke nou dwe genyen, sou sans sèvis ke nou dwe develope lakay nou. Li vle mete nou an gad ak tout sa jounen jodi a ki ka fè nou panse ke nou plis pase yon lòt, ki ka fè nou tonbe nan fè diskrininasyon.
Jezi envite n’ pou nou saj, e sajès pa sòti lòt kote tankou Pòl di nou an ke nan Jezi.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ede m’ konbat tout sa ki fè m’ santi ke mwen plis pase lòt yo, pa pouvwa Jezikri ki te koube byen ba pou li te kapab leve tèt nou an. Amèn.

PWOPOZISYON: Si m’ chita nan premye plas, mwen p’ap wè lòt yo ki chita dèyè mwen pou mwen sèvi yo. Yo rann men anpil sèvis, m’ap rann yo yon ti sèvis tou.

No hay comentarios:

Publicar un comentario