Páginas

DIMANCH 30

Koulè Vèt
TRANTEINYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Ou pran pitye pou tout moun, paske ou renmen tout bagay ki ekziste”.
NAN LIV LASAJÈS 11, 23-12, 2
Granmèt, tankou yon ti grenn sab sou balans, konsa tout tè a ye devan ou, tankou gout lawouze granmaten, k’ap desann sou tè a. Men ou pran pitye pou tout moun, paske ou kapab fè tout bagay, ou padonnen peche moun yo lè yo regrèt. Ou renmen tout bagay ki ekziste, ou pa rayi anyen nan sa ou fè yo, ou pa kapab rayi anyen nan sa ou met kanpe, nan sa ou fè.
Kijan yon bagay kapab dire si se pa ou menm ki vle? oubyen kijan li ta kapab konsève ekzistans li, si ou pa t’ rele l’? Ou pran pitye pou tout bagay, paske se pou ou yo ye, Granmèt, ou menm ki renmen nanm yo.
Ala bon, ala dou, Granmèt, Espri ou ye nan tout bagay! Se pousa moun ki devye yo, ou korije yo tou dousman; moun ki fè peche yo, ou fè yo obsèvasyon, ou pale avèk yo, pou yo kite mechanste a, pou yo kwè nan ou, Granmèt.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 144, 1-2. 8-9. 10-11. 13cd-14
R/ M’ap fè lwanj pou non ou tout tan, Bondye mwen ki wa.
M’ap fè lwanj ou, Bondye m’, wa mwen, m’ap fè konpliman pou non ou pou tout tan ak tout tan gen tan. Chak jou m’ap fè konpliman pou ou, m’ap fè lwanj pou non ou pou tout tan ak tout tan gen tan.R.
Granmèt la gen pitye, li gen mizerikòd, li gen pasyans, li gen anpil mizerikòd.Granmèt la bon pou tout moun, kè l’ sansib pou tout sa l’ fè.R.
Y’ap fè lwanj ou, Granmèt, tout sa ou fè yo; sen ou yo ap fè konpliman pou ou. Y’ap deklare glwa peyi wa w’ la, y’ap anonse pouvwa ou.R.
Peyi wa w’ la, se peyi wa tout tan kòmandman ou nan pou jenerasyon ak jenerasyon. Granmèt la soulaje tout moun ki tonbe, li drese tout moun ki febli.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pou non Jezikri jwenn glwa li nan nou, epi nou menm nan li”.
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN POU TESALONISYEN YO1, 11-2, 2
Frè m’ yo:
M’ap priye pou nou tout tan, pou Bondye nou an jwenn nou alawotè rele li rele nou an, pou l’ reyalize ak pouvwa l’ tout byen nou vle fè a ansanm ak travay lafwa a, dekwa pou non Granmèt nou Jezikri jwenn bèlte l’ nan nou, epi nou menm nan li, daprè gras Bondye nou an ak Granmèt Jezikri.
Frè m’ yo, poutèt sa k’ap vini an, ni Granmèt nou Jezikri ni rasanbleman nou nan li a, mwen mande nou pou nou pa prese pèdi bon sans nou, pou nou pa twouble poutèt yon espri, yon pawòl osinon yon lèt ki ta swadizan vin sot nan nou, pou di jou Granmèt la rive.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te pèdi a”.
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 19, 1-10
Lè sa a:
Jezi antre Jeriko, l’ap travèse vil la. Yon mesye yo rele Zache, ki te chèf kolektè yo, li te rich, li t’ap chèche wè Jezi, kilès li ye, li pa t’ kapab akòz foul la, paske li te tou kout. Li kouri devan, li monte sou yon pye figye, pou l’ wè l’, paske li te gen pou l’ pase la.
Lè Jezi rive kote sa a, li leve je l’, li wè l’, li di l’: “Zache, fè vit, desann, paske jodi a se lakay ou mwen gen pou m’ rete”. Li fè vit, li desann, li resevwa l’ avèk kè kontan. Lè tout moun wè sa, yo t’ap kritike, yo t’ap di se kay yon pechè l’al manje.
Zache menm kanpe, li di Granmèt la: “Men mwatye byen m’ yo, Granmèt, mwen bay pòv yo; si m’ te vòlè yon moun, mwen renmèt li kat fwa plis”.
Jezi menm di l’: “Jodi a sove a rive pou kay sa a, paske li menm tou se yon pitit Abraam. Sèke Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te pèdi”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye moso labib la, nan liv Lasajѐs, nou dekouvri vizaj mizerikòd  Bondye, Papa ki toujou gen pitye pou nou, paske nou se zѐv men li epi tou li renmen tout bagay li kreye yo. Nan sm 144, salmis la envite nou fѐ lwanj pou Bondye, li menm ki renmen nou, ki toujou gen mizerikòd ak pitye pou nou. 
Nan dezyѐm moso labib la, Sen Pl, nan lѐt li ekri moun Tesalonik yo, pwomѐt yo l’ap lapriyѐ pou yo pou Bondye kapab jwenn yo prepare, lѐ li rele yo. Sen Pl kontinye ekzte yo, pandan l’ap mande yo reyalize ak pouvwa Bondye papa a, tout byen yo vle fѐ a, pou non Granmѐt Jezikri jwenn bѐlte li nan yo e yo menm nan li. “Bondye si tѐlman renmen tѐ a, li ba nou sѐl grenn pitit li a, pou tout moun ki kwѐ nan li jwenn lavi ki p’ap janm fini an.” Levanjil jodi a prezante nou yon nѐg ki te rele Zache, ki t’ap fѐ tout sa ki mal nan touche plis lajan nan men moun, paske sete yon kolektѐ kontribisyon li te ye. Konsa, tout moun te konsidere l’ tankou yon gwo vlѐ, li pa t’ gen valѐ nan je okenn moun. Men Zache te wѐ pi lwen ke sa l’ t’ap fѐ a, se konsa li te pran desizyon pou l’ chanje lavi l’, li te chѐche figi sila a, ki gen lavi ki p’ap janm fini an. Jezi li menm, ki toujou ap chѐche sa ki pèdi yo, te antre lakay Zache e touswit, Zache te tounen yon moun nouvo.
Jezi te gen pitye, li te gen mizerikòd pou Zache, menm jan nou te wè sa nan premye lekti a. Nou menm jodi a, ann eseye gade lavi nou pou wè si n’ap viv nan fason ki fѐ Bondye plezi. Reflechi epi chѐche figi sila a ki kapab chanje lavi nou an, pou, menm jan avѐk Zache, nou vin tounen yon moun nouvo.
LAPRIYÈ : Bondye Granmѐt, ou menm ki pa vle pou okenn nan nou peri, ede nou divòse ak tout sa n’ap fѐ ki pa fѐ w’ plezi. Pa pouvwa Jezikri Granmèt nou an.

PWOPOZISYON : Mwen p’ap kondane lòt yo, m’ap sispann lonje dwèt sou yo, m’ap ouvri kè mwen pou akeyi yo, paske chak moun gen yon grenn zanno kay òfèv. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario