koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Fè kè m’ kontan nèt, antan nou gen menm santiman»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 2,1-4
Frè m’ yo:
Si gen yon
konsolasyon nan Jezikri, si gen yon ankourajman charite a donnen, si gen yon
kominyon Espri a bay, si mizerikòd la bay zantray, fè kè m’ kontan nèt, antan
nou gen menm charite, yon sèl kè, menm fason pou nou anvizaje bagay yo, pou nou
gen menm santiman. Se pa pou nou gen okenn jalouzi, se pa pou nou chèche okenn
glwa ki vid, men se pou pou nou rabese tèt nou antan chak moun konsidere lòt la
kòm pi siperyè pase l’, san chak moun pa konsidere avantaj pèsonèl li, men
okontrè afè lòt yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 130, 1. 2. 3
R/ Kenbe nanm mwen nan lapè kote ou, Granmèt.
Granmèt, kè m’ pa gonfle, je m’ pa leve; mwen pa mache
nan grandè, ni nan mèvèy ki anlè m’.R.
Mwen poze nam mwen byen trankil, an repo; tankou yon ti
bebe sou lestonmak manman l’, tankou yon ti bebe, se konsa nam mwen ye nan
mwen.R.
Se pou Izrayèl espere nan Granmèt la, depi koulye a
jous pou tout tan.R.
LEVANJIL
«Pa rele
zanmi nou, men pòv yo ak malad yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 14, 12-14
Lè sa a:
Jezi t’ap di yon chèf farizyen yo ki te envite l’:
«Lè w’ap fè yon dine oubyen yon soupe, pa envite zanmi
ou yo ni frè ou yo ni fanmi ou yo, ni vwazen ou yo ki rich yo, pou yo menm yo
pa riske envite ou tou, pou yo renmèt ou politès la. Men, lè w’ap fè yon
resepsyon, envite pòv yo, malad yo, bwate yo, avèg yo. Ala kontantman pou ou,
paske yo pa gen pou renmèt ou; ou a jwenn rekonpans ou nan rezireksyon moun
kòrèk yo».
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nou chak kreye selon imaj ak
pòtre Bondye. Sa vle di, devan Bondye
nou gen menm diyite. Youn pa siperyè pase lòt. Nou tout, nou chak, nou
gen menm vokasyon, ki se sanble Bondye tout bon vre, sa vle di, vin n’ sen. Nan
reyalite Peyi nou oubyen mond lan, gen plizyè klas sosyal. Menm nan fanmi yo
pafwa nou jwenn diferans sa a. Sosyete a mete anpil baryè ant moun ak moun. Baryè sa yo se divizyon yo mete plis. Se akoz gen
yon dezekilib total nan fason richès tè a repati. Se rezon sa ki fè Jezi mande
nou pou nou sòti nan reyalite sa.
Pa fè byen pou rekòlte yon bagay. Pa bay pou resevwa an
retou. Fòk nou toujou pare pou soutni sila yo ki pa ka
soutni nou. Kidonk nou dwe ede sila yo ki pi fèb. Pwochen ou se pa sèlman frè
w’, sè w’, zanmi ou; men se sila yo ke w’ pa menm konnen, sila yo k’ap soufri
nan prizon e ki bezwen pou yon moun pase vizite yo. Kidonk tout moun ke n’
kapab konsidere kòm moun ki san sekou, se yo menm pou n’al pote sekou. Se yo nou dwe envite nan fèt lakay nou; sa vle di
ede yo pran gou lavi. Pa janm bliye tout sa ou fè pou yon pwochen, se pou Jezi
menm ou fè li.
LAPRIYÈ: Granmèt, ede m’ viv ak kè kontan
antan m’ap pataje lajwa ak mizè frè ak sè mwen yo.
PWOPOZISYON: Jodi a,
m’ap fè yon ti detache ak zanmi mwen yo pou
mwen dyaloge ak yon moun ki pou kont li.
No hay comentarios:
Publicar un comentario