Páginas

MADI 1

Blan.
TOUT SEN YO
Gran Fèt
PREMYE LEKTI
"Mwen wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te sòti nan tout nasyon, ras, pèp ak lang".
NAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 7, 2-4. 9-14
Mwen menm Jan, mwen wè yon lòt zanj k’ap monte kote solèy la leve a, li te gen siyn Bondye vivan an; li t’ap rele byen fò bay kat zanj yo ki te resevwa pouvwa pou maltrete tè a ak lanmè a, li di: "Pa maltrete tè a ak lanmè a, ni pye bwa yo, joustan nou make sèvitè Bondye nou yo nan fwon yo".Mwen tande kantite moun ki make yo: sankarant kat mil moun ki make, nan tout ras pitit Izrayèl yo.
Aprè sa, mwen wè yon gran foul, pèsòn pa t’ kapab konte l’, yo te soti nan tout kalite nasyon, ras, pèp ak lang, yo te kanpe devan fotèy la ak devan fas Mouton an, yo te abiye ak rad blan, yo te gen branch nan men yo, yo t’ap rele byen fò, yo t’ap di: "Sovè a gras a Bondye nou an, li menm ki chita sou twòn nan, epi gras a Mouton an".
Tout zanj yo te kanpe toutotou twòn nan ak ansyen yo ak kat vivan yo; yo lage kò yo sou fas yo devan twòn nan, yo adore Bondye, yo di: "Amèn. Benediksyon, glwa, sajès, remèsiman, konsiderasyon, pouvwa ak fòs pou Bondye nou an pou tout tan k’ap gen tan. Amèn".
Youn nan ansyen yo pran lapawòl, li di m’: "Sa yo ki abiye ak rad blan, kilès yo ye, epi kote yo sòti?"
Mwen di l’: "Monseyè, ou konnen".
Li di m’: "Sa yo se sa k’ vin soti nan gran tray la, yo lave wòb yo, yo blanchi yo nan san Mouton an".
Pawòl Granmèt la
SÒM REPONS: 23, 1-2. 3-4ab. 5-6
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou yo, Granmèt.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’,
fas tè a ak sa k’ abite ladan l’.
Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo,
ki rann li solid sou gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la,
oubyen kilès k’ap kanpe nan anplasman li ki sen an?
Moun ki gen men l’ inosan ak kè l’ nèt,
ki pa nonmen non l’ pou granmesi.R.
Moun sa a ap resevwa benediksyon nan men Granmèt la,
ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan men Bondye ki sove li a.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo,
K’ap chèche fas Bondye Jakòb la.R.
DEZYÈM LEKTI
"N’ap wè Bondye jan l’ ye a".
NAN PREMYE LÈT APOT JAN KI SEN: 3, 1-3
Nou menm mwen renmen anpil la:
Gade ki kalite renmen Papa a gen pou nou: yo rele nou pitit Bondye, epi se sa nou ye. Se pousa tè a pa rekonèt nou, paske li pa rekonèt li.
Nou menm mwen renmen anpil la, koulye a nou se pitit Bondye, men sa n’ap ye a pa ko parèt. Nou konnen, lè l’ap parèt, n’ap sanble ak li, paske n’ap wè l’ jan l’ ye a.
Tout moun ki gen esperans sa a nan li, li vin sen, menm jan sa a sen an.
LEVANJIL
"Fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la".
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN: 5, 1-12a
Lè sa a:
Jezi wè foul yo, li monte sou mòn nan; kon l’ chita, disip li yo pwoche kote l’. Li louvri bouch li, li kòmanse ba yo lansèyman, li di:
"Ala kontantman pou moun ki pòv gras a lespri a, paske se pou yo menm peyi wa syèl la ye.
Ala kontantman pou moun ki dou yo, paske yo menm y’ap posede tè a.
Ala kontantman pou moun ki nan lapenn yo, paske yo menm y’ap jwenn konsolasyon.
Ala kontantman pou moun ki grangou, ki swaf jistis la, paske yo menm y’ap jwenn kont yo.
Ala kontantman pou moun ki gen mizerikòd yo, paske yo menm y’ap jwenn mizerikòd.
Ala kontantman pou moun ki san tach nan kè yo, paske yo menm y’ap wè Bondye.
Ala kontantman pou moun k’ap travay pou lapè, paske y’ap rele yo pitit Bondye.
Ala kontantman pou moun k’ap soufri pèsekisyon poutèt jistis la, paske se pou yo peyi wa syèl la ye.
Ala kontantman pou nou, lè y’ap madichonnen nou, lè y’ap pèsekite nou, lè y’ap di tout kalite sa k’ mal kont nou, antan y’ap fè manti poutèt mwen: fè kè nou kontan, danse, paske rekonpans nou anpil nan syèl la".
An nou fè Lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a
REFLEKSYON: Chak ane, nan jou premye novanm nou fete sen yo. Gen moun ki ta kapb mande:  kisa yon sen ye? Epitou poukisa nou fete gran fèt sa? Sou ki kritè yo kapab di yon moun sen epi ki enpòtans sen yo genyen nan lavi nou? Depi ki dat Legliz la ap fete sen yo?
Bib la rele “sen” moun ki konsakre tèt yo bay Bondye, moun ki mete tout lavi yo nan sèvis Bondye. Legliz katolik rele” sen” tout moun ki te fè jefò pou pwòp lavi yo te kapab tounen yon pafen, yon bagay agreyab nan je Bondye toutotan sa te posib pou yo.
Genyen kèk nan yo, se Legliz la ki te “kanonize” yo osinon Lepap ki deklare yo sen ofisyèlman, paske gras a entèsesyon yo gen anpil gwo mirak ki te fèt, epi paske aprè gwo analiz ki fèt sou sa yo te ekri osinon aprè envestigasyon Legliz la mennen, epi kesyon li poze temwen ki viv nan menm tan ak yo, yo rive jwenn li te pratike vèti yo tankou yon ewo.
Pou Legliz katolik deklare yon moun “Sen”, sa mande anpil demach, se yon pwosesis ki long, ki pran tan. Premyèman fòk yo fè yon gwo verifikasyon avèk moun ki te konnen moun nan ki sou dosye a, pou yo konnen tout bon vre si li te mennen yon lavi ekzanplè. Konsa si temwayaj anpil temwen rive pwouve moun nan te gen yon konpòtman ekzanplè, yo deklare li «Sèvitè Bondye». Si yo verifye anpil detay ki montre ke li te pratike vèti yo nan pi wo degre yo, yo deklare li «Venerab». Pi ta toujou, si gras a entèsesyon li genyen mirak ki fèt, ke entèlijans moun pa pèmèt yo eksplike, lè sa a atò yo deklare li «Byennere». Finalman si  genyen lòt  mirak ki akonpli akoz gen moun ki te mande li entèsede pou yo, lè sa a p’ap la deklare li «Sen».
Pou kèk sen, pwosesis kanonizasyon an te fèt trè rapid, tankou pa ekzanp pou Sen Franswa Daziz ak Sen Antwán, li te dire sèlman 2 lane. Genyen kèk lòt yo deklare sen 6 oswa 15, oswa 20 lane aprè lanmò yo. Pou majorite nan sen yo, pwosesis kanonizasyon an dire 30, 40, 50 lane e menm 100 lane oubyen plis toujou…
Moun Legliz katolik deklare sen ofisyèlman yo, yo plizyè mil. Men genyen yon kantite sen moun pa ka konte, sen sa yo se pa Legliz la ki deklare yo; men yo deja nan syèl la ap viv nan laglwa, nan bèlte Bondye. Fèt n’ap fete jodi a se sitou pou sen sa yo li ye.
Bib la di nou ke genyen yon foul moun nou pa kapab konte k’ap swiv Mouton Bondye a.
Nan syèl la genyen sen chofè bis ak sen lesivyè. Sen mesaje ak sen sekretè. Sen manman ak sen jeran antrepriz. Sen ouvriye konstriksyon ak sen kiltivatè. Sen pwofesè ak sen etidyan. Sen vèv, sen selibatè, sen timoun ak sen granmoun. Sen pè, sen evèk, sen Pap, sen kizinyè, sen lokatè ak sen milyonè, ak anpil lòt sen ki te renmen Bondye epi ki te fè devwa yo chak jou.
LAPRIYÈ: Bondye ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki fè nou favè pou nou fè lwanj merit tout Sen ou yo nan yon sèl fèt, n’ap mande ou, tanpri, pou, antan yo tout ansanm ap lapriyè pou nou, pou ou fè nou jwenn chaj padon ou nou anvi a. Pa pouvwa Jezikri.

PWOPOZISYON: M’ap chèche apwofondi konesans mwen sou lavi sen Patwon mwen, pou mwen kapab imite tout sa li te fè ki bon. 

No hay comentarios:

Publicar un comentario