Koulè Vyolèt
SOUVNI
TOUT FIDÈL DEFEN YO.
PREMYE LEKTI
“Li bon pou ret an silans ap tann sove Bondye a”
NAN LIV LAMANTASYON 3, 17-26
Nanm mwen ekzile sot nan lapè a,
mwen bliye byen yo. Mwen di: «Bèl bagay mwen t’ap chèche a fini ansanm ak
esperans mwen an ki te sot nan Granmèt la»
Sonje kijan m’ pòv, kijan m’ap
trennen : se labsent ak fyèl. Memwa a sonje, nanm mwen fonn anndan mwen.
Men sa m’ap sonje nan kè m’ pou m’
kapab espere : se mizerikòd Granmèt la; paske nou pa deperi, bon kè l’ pa
pati. Chak maten yo tou nèf, fidelite ou gran.
«Pòsyon m’ se Granmèt la, se sa
nanm mwen di; se pousa m’ap tann li».
Granmèt la bon pou moun ki konte
sou li yo, pou nanm k’ap chèche l’ yo. Sa bon pou tann sove Granmèt la nan
silans.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS : 129,1-8
R/ Mwen espere nan Granmèt la, mwen espere nan pawòl li.
Antan m’ nan bafon an mwen rele
kote ou, Granmèt: Granmèt, koute vwa m’. Se pou zòrèy ou panche nan vwa lapriyè
m’ nan.R.
Si w’ap obsève fot yo, Granmèt,
Granmèt, kilès k’ap kanpe ?
Paske kote ou se padon, n’ap
respekte ou. R.
Mwen konte sou ou, Granmèt; nanm
mwen konte sou pawòl li, nanm mwen espere nan Granmèt la.R.
Plis pase santinèl yo ap espere devan jou, Izrayèl ap
espere nan Granmèt la. Paske kot Granmèt la se mizerikòd, Sovè a la anpil kote
l. Se li menm k’ap sove Izrayèl sot nan tout fot li yo.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pou nou
mache nan nouvo lavi a”
NAN
LÈT APOT PÒL POU MOUN WÒM YO: 6, 3-9
Frè m’ yo:
Nou tout ki batize nan Jezikri, se nan lanmò l’ nou
batize. Reyèlman nou antere ansanm avèk li nan lanmò a gras a batèm nan, pou
menm jan Jezikri leve sot nan pami mò yo gras a glwa Papa a, konsa tou nou menm
n’ap mache nan nouvo lavi a.
Sèke si nou plante ansanm avèk li
pou nou sanble avèk li nan lanmò l’ la, konsa tou n’ap ansanm avèk li nan
rezireksyon l’ nan. Nou konnen moun ansyen nou an kloure sou kwa a ansanm avèk
li, pou kò peche a kapab detwi, pou nou pa sèvi peche a ankò. Sa a ki mouri a, li kòrèk pa rapò a peche a.
Konsa si nou mouri ansanm avèk
Jezikri, nou kwè n’ap viv ansanm avèk Jezikri tou, nou konnen Jezikri leve soti
nan pami mò yo, li p’ap mouri ankò, lanmò a p’ap gen pouvwa sou li ankò.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Nan kay Papa
m’ gen anpil kote pou abite”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ JAN
KI SEN: 14, 1-6
Lè sa a :
Jezi di disip li yo: “Pa kite kè
nou twouble. Se pou nou kwè nan Bondye, epi kwè nan mwen menm tou. Nan kay Papa
m’ nan gen anpil kote pou rete. Otreman mwen ta di nou, paske m’a
prale pare yon plas pou nou.
Lè m’a fin al prepare plas la pou nou an, m’a tounen
vin pran nou avèk mwen, konsa kote m’ap ye a, se la n’a ye tou. Epi kote m’a prale a, n’a konnen l’, n’a konnen chemen an”.
Toma di l’:
“Granmèt, nou pa konnen kote ou a prale; kòman nou kapab fè konnen chemen an?”
Jezi di l’:
“Mwen se chemen an, verite a, ak lavi a. Pèsòn pa vin kot Papa a, si l’ pa pase
nan mwen”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON:
Yè, nou t’ap fete tout Sen yo, ki
se tout moun ki te viv tankou zanmi Bondye tout bon. Jodi a,
Legliz la sonje defen yo, ki se tout moun ki mouri nèt. Lè nou sonje sen yo, sa
fè nou sonje yo se moun ki ansanm ak Bondye, nou mande yo priye pou nou. Lè nou
sonje tout moun mouri yo, n’ap priye pou yo tou, pou Bondye akeyi yo nan syèl
la tou, malgre nenpòt peche yo te fè, paske gras Bondye a pa gen limit, renmen
Bondye a pa gen kondisyon.
Menm tan tou, jounen jodi a n’ap
sonje tout moun nan fanmi nou yo ki te mouri, ak tout zansèt nou yo. Se yon
fason pou nou kenbe moun sa yo nan lespri nou, pou nou pa janm bliye si nou la,
se gras a yo menm.
Nan kilti Ayisyen an, anpil moun ap fete fèt Gede tou. Menm si nou
se fran katolik ki pa konn sèvi lwa yo, fòk nou respekte vodwizan yo, ki gen
tradisyon pa yo. Depi nou klè sou sa nou kwè, nou pa bezwen pè dyaloge avèk yo,
gade ki sa nou ka aprann nan men yo.
Pa ekzanp, «lwa Gede» a fè nou tout
sonje si lamò se yon pati lavi. Depi ou fèt, ou pral mouri, se nòmal. Nan kafou
lavi ak lamò, se lavi a ki pi fò.
Sa, se yon bagay nou menm antan ke
kretyen katolik, nou ka konprann li daprè Rezireksyon an, lè Jezi te leve byen
vivan, aprè l’ te mouri. Rezireksyon Jezi a louvri pòt la pou nou menm, li fè
l’ posib pou nou jwenn lavi ki p’ap janm fini a aprè nou mouri.
An nou di Granmèt la mèsi pou kado
lavi li ba nou an, ak pou tout moun nou renmen yo ki gen tan lòt bò dlo a,
ansanm avè l’. An nou aprann viv ak
onè, respè pou tout moun san eksepsyon.
PRIYE: Nou voye yon gwo kout
chapo pou ou, Jezi, paske ou fè nou wè jan ou toujou la, nan sans pi pwofon nou
jwenn nan chak kilti ak relijyon! Mèsi pou jan
zansèt nou yo te travay pou nou!
PWOPOZISYON: Si m’ pre
simityè kote defen mwen yo antere, mwen pral vizite yo. Men si m’ lwen, m’ap
priye pou yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario