Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Bagay ki te
sèvi m’ kòm avantaj, mwen konsidere yo kòm dezavantaj poutèt Jezikri»
LEKTI LÈT
APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 3, 3-8a
Frè m’ yo:
Nou menm, nou se moun sikonsizyon, k’ap sèvi Bondye nan
Espri a. Se Jezikri ki leve tèt nou, se pa nan nou menm nou mete konfyans nou;
malgre mwen ta gen dwa met konfyans mwen nan tèt mwen tou. Si gen yon moun ki
kapab met konfyans li nan chè a, ebyen mwen menm mwen pi kapab toujou: yo te
sikonsi m’ sou uityèm jou; nan ras Izrayèl, nan fanmi Benjamen; mwen Ebre,
pitit Ebre, farizyen daprè lalwa a; daprè jalouzi a mwen t’ap pèsekite Legliz
Bondye a; daprè jistis la, ki nan lalwa a, konduit mwen te san repwòch.
Men bagay sa yo ki te sèvi m’ kòm avantaj la, mwen
konsidere yo tankou dezavantaj poutèt Jezikri. Reyèlman mwen konsidere tout
bagay kòm dezavantaj poutèt konesans Jezikri Granmèt mwen an ki anlè nèt la:
poutèt li mwen fè tout bagay yo pase kòm dezavantaj, mwen konsidere yo kòm
fatra, pou m’ kapab jwenn avantaj mwen nan Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
104, 2-3. 4-5. 6-7
R/ Se pou kè moun k’ap chèche Granmèt la kontan.
Chante pou
li, jwe mizik pou li, kalkile sou tout mèvèy li yo.
Fè lwanj nou
nan non l’ ki sen an, se pou kè moun yo k’ap chèche Granmèt la kontan.R.
Chèche Granmèt la ak pouvwa l’, chèche fas li tout
tan. Sonje mèvèy li fè yo, pwodij li ak
jijman bouch li.R.
Ras Abraam, sèvitè l’, pitit Jakòb, sa a li chwazi a.
Se li menm Granmèt Bondye nou; sou tout tè a jijman l’ yo.R.
LEVANJIL
«Ap gen plis
kè kontan nan syèl la poutèt yon sèl moun ki te nan peche epi ki konvèti»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 15. 1-10
Lè sa a:
Pèseptè yo ak
pechè yo t’ap pwoche kot Jezi, pou yo koute l’.Farizyen yo ak skrib yo t’ap
plenyen, yo t’ap di: «Gade, sa a resevwa pechè yo, li manje avèk yo».
Li di parabòl
sa a pou yo: «Kilès nan nou, si l’ gen san mouton, epi li pèdi youn nan yo, pou
l’ pa kite katrevendisnèf yo nan dezè a, epi pou l’al chèche sa k’ pèdi a,
joustan li jwenn li?
Epi, lè l’
jwenn li, li poze l’ sou zepòl li ak kè kontan, li rive lakay li, li rele zanmi
yo ak vwazen yo, li di yo: «Fè kè nou kontan avèk mwen, paske mwen jwenn mouton
m’ nan ki te pèdi a.»
Mwen di nou
se konsa ap gen plis kè kontan nan syèl la pou yon sèl pechè ki konvèti pase
pou katrevendisnèf moun kòrèk, ki pa bezwen konvèsyon.
Oubyen kilès
madanm ki gen dis pyès lajan, si l’ pèdi youn, pou l’ pa limen lanp, pou l’ pa
bale kay la, pou l’ pa chèche byen, joustan li jwenn li?
Epi, lè l’
jwenn li, li rele zanmi yo ak vwazen yo, li di: «Fè kè nou kontan avèk mwen,
paske mwen jwenn pyès lajan m’ nan mwen te pèdi a».
Se konsa,
mwen di nou, ap gen plis kè kontan devan Anj Bondye a poutèt yon sèl moun ki te
nan peche epi ki fè penitans.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye Lekti a Sen Pòl fè nou konnen Se
Jezi ki okipe premye plas nan lavi li. Tout lòt bagay yo, li konsidere yo se
fatra. Sèl pretansyon li genyen nan lavi
l’, se sèvi Granmèt la epitou anonse Bòn nouvèl la toupatou, nan nenpòt
sikonstans. Reyèlman vre, si nou eksperimante lanmou Bondye nou an gen pou nou,
jan li genyen konpasyon pou nou, n’ap kapab di menm jan ak Sen Pòl: pa gen
anyen ki pi enpòtan pase rankontre ak Granmèt la, epi sèvi l’ ak tout nou menm.
Yon lòt envitasyon lekti sa fè nou, se aprann mete konfyans nou nan
Bondye. Tout sa nou genyen, tout sa nou ye, se Granmèt la ki ba nou li, se
lagras li k’ap sove n’, epitou ki ba nou kouraj pou nou kontinye nan chemen
lafwa.
Levanjil la raple nou kokenn chenn lanmou Bondye gen pou nou, e kòman
li vle sove tout pitit li yo, li pa ta renmen ni youn pèdi plas li rezève pou
li nan syèl la. Li vle sove tout moun ki nan peche, se poutèt yo menm li te
vini. Se yon Bòn nouvèl pou nou, an menm tan se yon angajman.
Yon bòn nouvèl, paske nou tout nou se pechè, nou se pitit Bondye
renmen anpil, li toujou pre pou li padone nou, paske mizerikòd san limit, li pa
janm twò ta pou li ba nou yon lòt opòtinite pou nou konvèti. Konsa, nou menm,
nou gen obligasyon pou nou padone frè ak sè nou yo, epi konprann yo san nou pa
chache jije yo, ni kondane yo. Solèy lanmou Bondye a k’ap boule nou an, nou
dwe kite reyon li rive sou lòt yo.
LAPRIYÈ: Granmèt,
Bondye lavi a, ou menm ki si tèlman renmen nou, ou trete nou ak kè sansib, ak
tout kè m’ mwen di w’ mèsi pou jan ou toujou louvri bra ou ban mwen pou w’
padone m’, lè mwen rekonèt mwen se pechè.
PWOPOZISYON: Menm jan Bondye akeyi m’, li padone m’, m’ap
louvri kè m’ ak bra m’ pou m’akeyi frè ak sè mwen, pou m’ aprann padone yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario