Koulè Blan
CHAL BOWOME KI SEN, Evèk
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«N’ap tann Sovè a, li menm k’ap refè kò mizè nou an, pou l’ fè l’ vin sanble
ak kò glwa l’ la».
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 3, 17-4, 1
Se pou nou pran modèl sou mwen, frè m’ yo, konsidere sa
yo k’ap mache daprè modèl nou gen nan nou menm. Anpil moun reyèlman, mwen te
konn di nou sa souvan, koulye a menm mwen di l’ ak dlo nan je, se ènmi kwa
Jezikri a yo ye, pou jan y’ap mache a: finisman yo se lanmò, dye yo se vant la,
glwa yo se nan sa k’ fè wont li ye, se bagay tè a yo goute.
Sosyete pa nou se nan syèl la li ye, kote n’ap tann
Sovè a Granmèt nou Jezikri, li menm k’ap refè kò mizè nou an, pou l’ fè l’
sanble ak kò glwa l’ la, daprè aktivite li deplwaye, ki fè l’ kapab met tout
bagay anba lòd li.
Konsa, frè m’ yo mwen renmen anpil la, nou menm mwen
anvi wè anpil la, kè kontan m’ ak kouwòn mwen, se konsa pou nou kanpe nan
Granmèt la, nou menm mwen renmen anpil la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
121, 1-2, 4b-5
R/ Nan kay Granmèt la n’a prale ak kè kontan.
Mwen kontan poutèt yo di m’: «Nan kay Granmèt la n’a
prale». Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Paske se la ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj
Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt la.R
Paske se la twòn yo enstale pou jijman an, twòn kay
David la.R.
LEVANJIL
«Pitit syèk
sa a gen plis sajès pase pitit limyè yo nan relasyon yo genyen antre yo»
MEN BÒN NOUVÈJEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 16, 1-8
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
«Te gen yon mesye ki te rich, li te gen yon kontab, yo
denonse kontab la kote l’, poutèt li t’ap gaspiye byen l’ yo.
Li rele l’, li di l’: «Sa m’ tande sou ou a? Rann kont
sou sa m’ te konfye ou yo; paske ou p’ap jeran m’ ankò».
Kontab la menm reflechi, li di nan kè l’: «Ki sa pou m’
fè, paske mèt mwen wete plas kontab la nan men m’? Travay tè a, mwen pa kapab; mande charite, m’a wont. Mwen konnen sa m’ap
fè, pou lè m’ pa kontab ankò, yo resevwa m’ nan kay yo».
Konsa li rele
chak moun ki te dwe mèt li, li di premye a: «Konbyen ou dwe mèt mwen an? » Li
di: «San barik luil». Li di l’: «Pran resi ou la, epi chita vit: ekri senkant».
Aprè sa li di yon lòt: «Ou menm menm, konbyin ou dwe? » Li di: «San sak ble».
Li di l’: «Pran biye ou yo, epi ekri katreven».
Mèt la fè lwanj kontab malonèt la, paske li te aji avèk
ladrès; sèke pitit syèk sa a gen plis ladrès pase pitit limyè yo nan relasyon
yo genyen antre yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Frè ak sè m’ yo, nan refleksyon n’ jodi a, Pòl ap envite n’ fè menm jan
avèk li: gade sila yo k’ap mache daprè ekzanp premye kretyen yo te kite pou
nou; pou n’ fè sa, fòk nou gen yon lafwa solid. Pòl ap fè n’ sonje, se gras ak
lafwa a nou gen asirans Jezi te leve byen vivan an; lafwa fè nou konnen Jezi;
tout sa ap mennen nou nan chemen ki kòrek la ak nan richès total la.
Yon moun ki
gen Jezi nan lavi li, se yon moun ki rich; se pa tankou nèg ki te pati nan vwaj
la epi ki te bay move jeran an jere richès li yo non! Jezi fè konpliman pou yon
moun ki te pran yon gwo desizyon pou l’ te kab sove lavi l’. Jezi pa fè
konpliman paske jeran an se yon magouyè, men paske li pa t’ pran tan pou l’
deside fas a sityasyon malouk sa a pou l’ te chèche defann tèt li aprè revokasyon
li.
Jodi a, Jezi
bezwen moun k’ap travay pou konstwi wayòm Bondye a, moun ki p’ap gaspiye richès
Bondye mete nan men yo. Peyi Ayiti
bezwen moun ki ka pran bon jan desizyon pou li, moun ki ka sove pitit li yo. An
nou ofri li peyi sa ki te viktim katastwòf natirèl kote anpil moun te pèdi lavi
yo, anpil lòt te pèdi byen yo; an nou remèt li tout zanmi k’ap manifeste
solidarite yo antan n’ap mande li beni yo.
LAPRIYÈ: Granmèt, mèsi paske ou chwazi nou pou n’ travay avèk ou kòm asosye. Ede
nou avanse pou pi devan.
PWOPOZISYON: M’ap pran tan pou m’ reflechi pou m’ wè kijan mwen gaspiye richès Bondye
konfye m’ yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario