Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Mwen kapab tout bagay nan sa a ki ban m’ fòs la»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU FILIPYEN YO 4, 10 -19
Frè m’ yo:
Mwen kontan
anpil nan Granmèt la, paske anfen mwen reyisi wè nou rekòmanse gen enterè pou
mwen. Nou te genyen
l’ deja, men nou te gen okipasyon. Se pa poutèt mwen nan bezwen ki fè mwen di
sa; mwen aprann kontante m’ ak sa mwen genyen.
Mwen konn nan nesesite, mwen konn gen twòp: tout kote
ak nan tout bagay mwen aprann gen kont manje epi mwen aprann grangou, mwen
aprann gen kont sa m’ bezwen epi mwen aprann manke: mwen kapab tout bagay nan
sa a ki ban m’ fòs la. Malgre sa, nou te byen fèt asosye ak mwen nan tray mwen
an.
Epi tou nou menm, Filipyen yo, nou byen konnen, nan
kòmansman bòn nouvèl la, lè m’ te pati sot nan Masedwán nan, okenn legliz pa t’
kominike avèk mwen nan kesyon bay ak resevwa, sòf nou menm sèl; paske nan
Tesalonik, an de fwa nou te voye kichòy pou ede m’. Se pa anvi mwen anvi kado,
men se anpil fwi m’ap chèche pou nou. Mwen gen tout bagay, mwen gen depase
mezi, mwen plen, depi mwen te resevwa sa nou te voye pa lentèmedyè Epafwodit
la: se yon ofrann ki santi bon, yon sakrifis kòrèk ki fè Bondye plezi.
Bondye m’ nan menm, se pou l’ konble tout anvi nou
daprè richès li nan glwa a, nan Jezikri.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
111, 1-2. 5-6. 8a e 9 (r.: la)
R/ Ala kontantman pou moun ki krEnn Granmèt la.
Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki met
anvi l’ anpil nan kòmandman l’ yo. Ras li ap gen pouvwa sou tè a,
jenerasyon moun ki dwat yo ap beni.R.
Se kontantman pou moun ki pran pitye, ki prete, ki
regle afè l’ nan jijman, paske li p’ap tranble. Moun kòrèk la, y’ap sonje l’
tout tan.R.
Kè l’ asire, li p’ap pè. Li separe, li bay pòv yo;
jistis li dire pou tout tan gen tan, kòn li ap leve nan glwa.R.
LEVANJIL
«Si nou pa
fidèl nan move lajan an, ki moun k’ap kwè nou pou bagay ki vrè a?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 16, 9-15
Lè sa a: Jezi t’ap di disip li yo:
«Fè zanmi avèk move lajan an; konsa, lè n’a nan bezwen,
y’ap resevwa nou nan tant tout tan yo. Moun ki fidèl nan ti kras, li fidèl nan
pi gran an tou; moun ki pa onèt nan ti kras la, li pa onèt non plis tou nan pi
gran an. Konsa, si nan lajan malonèt la nou pa t’ fidèl, kilès k’ap renmèt nou
sa k’ vre a? Epi, si nou pa t’ fidèl nan afè lòt moun, kilès k’ap ba nou sa k’
pou nou an?
Yon sèvitè pa kapab sèvi de mèt: oubyen l’ap rayi youn
pou l’renmen lòt la, oubyen l’ap kole kò l’ sou youn, epi l’ap meprize lòt la.
Nou pa kapab sèvi Bondye ansanm avèk lajan».
Farizyen yo te tande tout bagay sa yo, yo menm ki te
renmen lajan; yo t’ap pase l’ nan jwèt.
Li di yo: «Nou se moun k’ap rann tèt nou jistis devan
moun. Bondye menm konnen kè nou; sèke sa moun bay plis enpòtans, se li menm
Bondye pa vle wè.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: «Mwen kapab tout bagay nan Sa a
ki ban m’ fòs la». Frè ak sè m’ yo, atravè pawòl sa a, Apot Pòl gen
konviksyon, moun k’ap mache ak Bondye gen laviktwa sou tout fòs mal, se sa l’ap
anonse nou jodi a menm jan li te fè sa pou Filipyen yo. Li vin di nou, nou
kapab tout bagay nan sila ki ban nou fòs la, sila ki toujou akonpaye nou an,
nan siyasyon malouk n’ap viv yo.
Jezikri p’ap janm lage nou. Li menm ki vin di
li la ak nou pou toutan k’ap gen tan. Pòl vle fè n’ konprann ak Jezi pa gen
pran wont, pa gen pran imilyasyon ak desepsyon, pa gen pèdi batay, paske viktwa
nou kòm kretyen, se nan Jezi li ye e Jezi sèl. Se poutèt sa nou kapab di byen
fò : Bondye n’ap sèvi a, se li menm k’ap delivre nou. Avèk li nou ka rive
kote nou vle rive a, avèk li nou kapab tout bagay; sèlman nou dwe pran mwayen
ki kòrèk pou fè sa nou gen pou fè yo. Kòm kretyen nou dwe evite patisipe nan
bagay ki pa kòrèk, ki pa fè Bondye plezi, nou pa dwe kite mond lan mennen nou;
men kòm kretyen se nou ki pou mennen mond la nan limyè.
Jodi a, anpil moun kite plezi, lajan mennen
yo nan tout bagay ki sal, bagay ki fè moun soufri, bagay ki pa fè Bondye plezi.
Se poutèt sa pawòl Bondye pou jodi a ap envite nou pou n’ pa fè zanmi ak lajan
malonèt, lajan dwòg, lajan kidnapin, lajan pwostitisyon, lajan yo volè, elatriye.
Jezi pa kondane moun ki gen lajan, men li
kondane mwayen nou pran pou nou fè lajan yo. Èske se yon lajan ki pral sèvi pou
fè touye lòt moun, ou byen ki pral fè moun soufri, ou byen ki pral okipe premye
plas nan lavi nou. Anpil moun ki gen lajan mete Bondye sou kote, yo panse yo pa
bezwen Bondye ankò, yo pa bezwen moun ankò, paske yo panse lajan kapab rezoud
tout bagay.
Ebyen, frè ak sè m’ yo, nou te mèt gen tout
sa ki sou tè a, si nou pa gen Bondye nan lavi nou nou pa anyen, paske tout
bagay gen pou l’ pase, men pawòl Bondye p’ap janm pase. L’ap la pou toutan.
Jodi a nou dwe fè yon chwa paske nou pa ka sèvi 2 mèt an menm tan ; swa
nou renmen youn, nou rayi lòt.Se pou Bondye ede nou chwazi menm janm ak Mari ki
te chwazi pi bèl posyon an, ki se Bondye li menm menm.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt nou kwè avèk ou
nou ka rive kote ou vle nou rive a, tanpri fè nou gras pou nou toujou rete kole
sou ou, pou nou pa janm sèvi lòt bagay ke ou menm ki vivan, ki Wa koulye a e
pou toutan. Amèn
PWOPOZISYON : Gade tèt nou pou wè ki
plas nou bay lajan nan lavi nou, epi konbyen fwa nou te sèvi ak yon lajan
malonèt ou byen nou te pran yon lajan ki pa t’ pou nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario