Koulè Vèt
TRANNDEZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Wa tout tè a ap leve nou nan rezireksyon tout tan an”
NAN DEZYÈM LIV MAKABE YO 7, 1-2. 9-14
Jou sa yo:
Wa-a te arete sèt frè, ansanm avèk manman yo, li t’ap
fòse yo pou yo manje vyann kochon, malgre defans lalwa-a, antan li fè bat yo ak
fwèt epi rigwaz.
Youn nan yo, pi gran an, di konsa: “Ki sa w’ap chèche,
ki sa ou vle nan men nou? Nou pare pou nou mouri, pase pou nou dezobeyi lalwa
Bondye papa nou yo”.
Dezyèm nan menm, lè l’a pral mouri, li di: “Ou menm,
mechan, ou touye nou pou lavi sa a, men Wa tout tè a ap fè nou leve vivan pou
lavi tout tan an, nou menm ki mouri pa lalwa l’ yo”.
Aprè l’, yo maltrete yon twazyèm; li lonje lang li menm
lè yo mande l’ li a, li lonje men l’ avèk kouraj, li di avèk asirans: “Se syèl
la ki ban m’ bagay sa yo, men poutèt lalwa Bondye a, koulye a mwen meprize yo,
paske mwen espere m’ap resevwa yo nan men li”; se pousa wa a avèk moun yo ki te
avèk li a, yo sezi pou kouraj jenòm nan, ki pa t’ konsidere soufrans sa yo pou
anyen.
Lè sa a fin mouri konsa, yo maltrete katriyèm nan menm
jan, ak gwo soufrans; li te deja prèske mouri, li di: “Pito m’ mouri nan men
moun yo, antan nou espere Bondye ap resisite nou; kanta ou menm menm ou p’ap
leve pou lavi a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS:
16, 1. 5-6. 8b e 15
R/ M’ap satisfè ak fas ou, lè m’ap leve, Granmèt.
Koute jistis
mwen, Granmèt, panche sou priyè m’ nan. Pare zòrèy ou nan priyè m’ nan, se pa
ak bouch manti.R.
Kenbe plant
pye m’ nan tras wout ou yo, pou demach mwen pa tranble.
Mwen menm se
kote ou mwen rele, paske ou koute m’, Bondye; panche zòrèy ou sou mwen, koute
pawòl mwen yo.R.
Pwoteje m’
tankou grenn je, anba lonbraj zèl ou, pwoteje m’. Kanta mwen menm nan jistis,
m’ap wè fas ou, m’ap satisfè ak fas ou, lè m’ap reveye.R.
DEZYÈM LEKTI
“Se pou
Granmèt la asire nou nan tout kalite travay ak bon pawòl”
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO2,
16 - 3,5
Frè m’ yo:
Granmèt nou Jezikri, ansanm ak Bondye ak Papa nou, li
menm ki renmen nou, ki konsole nou pou tout tan an, ki ba nou yon esperans nan
glwa a, se pou l’ fè kè nou byen fèm nan tout kalite travay ak bon pawòl.
Pou rès la, frè m’ yo, priye pou nou pou pawòl Bondye a
kontinye kous li, pou l’ jwenn glwa, tankou lakay nou, pou nou delivre sot anba
men moun yo k’ap jennen nou yo, ki mechan yo; sèke se pa tout moun ki gen
lafwa. Men Bondye fidèl, li menm k’ap
rann nou solid, k’ap pwoteje nou kont mal la. Pou nou menm, mwen gen konfyans
nan Granmèt la: sa mwen kòmande nou yo, nou fè yo, epi n’ap kontinye fè yo. Se pou
Granmèt la dirije kè nou nan renmen Bondye a ak pasyans Jezikri a.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Bondye pa
Bondye moun mouri, men Bondye vivan yo”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 20, 27-38
Lè sa a:
Kèk nan Sadiseyen yo pwoche, yo menm ki di pa gen
rezireksyon, yo poze Jezi kesyon, yo di: “Mèt, Moyiz te ekri pou nou: “Si yon
moun mouri epi li te gen yon madanm san l’ pa gen pitit, se pou frè l’ la pran
madanm nan, pou l’ leve yon desandans pou frè l’ la”. Konsa te gen sèt frè,
premye a marye, li mouri san pitit, sa k’ suiv li a pran madanm nan, li menm
tou li mouri san pitit, twazyèm nan pran l’, e tou le sèt yo fè menm jan, yo pa
kite desandans, yo mouri. Alafen aprè yo tout, madanm nan vin mouri tou.
Nan rezireksyon an, pou kilès nan yo l’ap ye kòm
madanm, kòm tou le sèt te genyen l’ kòm madanm”?
Jezi di yo: “Pitit syèk sa a yo marye, gason kon fi;
men sa yo k’ap merite pou yo nan lòt syèk la ak nan rezireksyon sot nan pami mò
yo, yo p’ap nan marye, ni gason ni fi, paske yo pa kapab mouri ankò; yo tankou
zanj yo, se pitit Bondye yo ye, paske yo se pitit rezireksyon an.
Mò yo ap leve! Moyiz te montre sa bò touf pikan ki t’ap
flanbe a, lè l’ te di: “Granmèt Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb!”
Konsa Bondye pa Bondye moun mouri yo, men se Bondye vivan yo: sèke tout moun ap
viv gras a li”.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Pou Legliz la, mwa
novanm nan se dènye mwa ane litiji a. Nan mwa sa a, Legliz fè nou sonje kote
nou prale. Li fè nou sonje tout istwa lèzòm se tankou yon long vwayaj k’ap
mennen nou tout lakay Papa Bondye, nan fèt li pare pou nou. Li fè nou sonje
tout mò nou yo ki deja rive nan bout vwayaj la. Se pa tout moun sou latè ki konprann
sa konsa. Toujou gen moun ki konprann lè nou mouri, tout bagay fini pou nou,
tankou pou bèt yo. Lè Jezi t’ap viv sou tè a, te gen moun ki te kwè sa a tou. Se
pou sa a pawòl Bondye a ap di nou te gen yon gwoup moun, yo te rele Sadiseyen
yo, ki pa t’ kwè mò yo te gen pou leve yon jou; yo te vle pase Jezi nan rizib,
ki fè yo vin poze l’ yon kesyon ki yon ti jan dwòl. Yo di li: te gen 7 frè,
premye a te marye ak yon madanm, men li mouri anvan li te gen tan fè pitit. Lè
fini, dezyèm nan marye ak li. Li pa te gen tan fè pitit. Lè fini, twazyèm nan
marye ak li. Li menm tou, li mouri anvan li fè pitit. Se konsa tou, lòt frè yo
fè menm jan. Madanm nan menm te mouri an dènye. Eben, lè mò yo va leve, fanm sa
a ki te madanm yo sèt, madanm kilès nan yo li pral ye la menm?
Lè sa a Jezi di yo: nou san konprann. Mò yo al
viv ak Bondye, men lavi kote Bondye ye a pa sanble ak lavi sou tè a menm. Isit
anwo tè a, moun yo marye, yo fè pitit anvan yo mouri pou ras moun yo pa
disparèt sou tè a. Men, nan syèl la nan pwen marye ankò, paske moun ki nan syèl
la p’ap mouri ankò, y’ap viv ak Bondye pou tout tan. Epi, Kanta pou lavi aprè
lanmò, èske nou pa li nan Labib kijan Moyiz rele Granmèt la: Bondye Abraham,
Izaak ak Jakòb? Eben, Bondye se pa Bondye moun mouri, men
li se Bondye moun vivan, paske nou tout ap viv pou li. Pwoblèm nou, se pa si
gen lavi aprè lanmo. Nou tout nou konnen sa. Men, pwoblèm nou, sèke anpil moun
toujou mal konprann kijan lavi ak Bondye pa sanble ditou ak lavi nou isit anwo
tè a. Moun sa yo tonbe nan menm pyèj ak Sadiseyen yo. Gen yon pakèt vye kwayans
ak vye koutim osijè mò yo ki pa kadre ak sa Jezi te vin montre nou.Jezi di nou:
lè yon kretyen mouri, se li menm k’ap vinn chache li, pou kote li ye a, sèvitè
li a la tou. Li di nou ankò: Syèl la, se tankou yon fèt, kote Papa Bondye
resevwa nou nan kè kontan ak nan kè poze pou tout tan. Mò yo pa la pou nwi nou
ni fè nou pè. Yo pa mele ak lavi sou tè ankò. Nou kwè yo rive kay Papa nou. Se la y’ap tan
nou vin jwenn yo, pou fèt la kab kòmanse tout bon. Yo renmen nou, yo vle ede
nou ak lapriyè yo, pou n’ kab kenbe fèm nan viv pou Bondye ak pou frè ak sè nou
yo. Nou pa bezwen kraze tonèl, ranvwaye lèmò. Nou pa bezwen fè manje lèmò, fè
tout kalite vye banbòch ak grimas, lè nou fè chante lamès pou mò nou yo. Ki
mele yo ak tout sa? Nan mwa novanm sa a, an nou sonje mò nou yo, an n’ lapriyè
pou yo, an n’ mande yo lapriyè pou nou tou. An n’ al lamès, paske nou konnen
nou pa janm fè youn ak mò nou yo pi plis pase nan lamès, kote nou tout fè youn
ansanm nan Jezikri. Epi, si nou vle fè yo plezi tout bon, pase pou nou fè tout
kalite vye bagay, ann fè jefò pou nou viv lenzalòt ak Bondye ak frè ak sè nou
yo, paske se konsa nou prepare nou pou n’ kab al jwenn yon jou.
LAPRIYÈ: Bondye Papa, ou menm ki se
Bondye moun vivan yo, fè nou kanpe ak ou pou nou kapab defann lavi, pou nou
kapab pote lavi bay sila yo ki konte sou ou, sila yo ki pi fèb, sila yo ki pi
senp yo.
PWOPOZISYON: Semèn sa a ann sonje mò nou yo nan
lapriyè. Ann mande Bondye pou fè nanm yo repoze an pè.
No hay comentarios:
Publicar un comentario