Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Enstale prèt
yo, jan m’ te kòmande ou la»
KÒMANSMAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIT 1, 1-9
Pòl, sèvitè
Bondye, apot Jezikri daprè lafwa sa yo Bondye chwazi a ak konesans verite a ki
regle sou bon relasyon ak Bondye a, pou esperans lavi tout tan an. Lavi sa a,
Bondye ki pa konn bay manti a, te pwomèt li depi anvan syèk tan yo; men, nan
tan l’ yo, li montre pawòl li a nan prèch yo te konfye m’ fè a, daprè lòd Sovè
nou Bondye. M’ekri ou, Tit, pitit mwen renmen an daprè lafwa nou genyen ansanm
nan. Gras ak lapè sot nan Bondye Papa a ak nan Jezikri Sovè nou an.
Men poukisa
mwen te kite ou nan zile Krèt: pou ou drese bagay k’ap devye yo, pou ou enstale
prèt yo nan vil yo, jan m’ te fè pou ou a.Yo chak dwe yon moun san repwòch,
mari yon sèl madanm, li dwe gen pitit ki gen lafwa, san moun pa akize yo poutèt
yo nan dezòd oubyen yo nan rebèl.
Responsab
Legliz la dwe san repwòch reyèlman, tankou moun Bondye mete pou transmèt gras
li, san l’ pa fè awogan, san l’ pa renmen fè kòlè, san l’ pa renmen bwason, san
l’ pa renmen batay, san l’ pa anvi avantaj malonnèt; men se pou l’ renmen
resevwa moun lakay li, pou l’ gen bon jan, pou l’ konn kenbe tèt li anplas, pou
l’ kòrèk, pou l’ sen, pou l’ frennen tandans plezi chè a, pou l’ kenbe mesaj
verite a byen fèm daprè ansèyman an, pou l’ kapab ankouraje moun nan ansèyman
ki dwat, pou l’ kapab demanti sa yo k’ap kontrarye pawòl la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 23, 1-2. 3-4ab. 5-6 (r.: cf. 6)
R/ Sa a, se ras moun k’ap chèche fas ou, Granmèt.
Pou Granmèt la tè a ak sa k’ plen l’, fas tè a ak sa k’
abite ladan l’. Sèke se li menm ki poze l’ sou lanmè yo, ki rann li solid sou
gran rivyè yo.R.
Kilès k’ap monte sou mòn Granmèt la, oubyen kilès k’ap
kanpe sou plas li ki sen an? Moun ki gen
men l’ inosan ak kè l’ nèt, ki pa nonmen non l’ pou granmèsi.R.
Moun sa a ap
resevwa benediksyon nan men Granmèt la ak sa k’ fè moun vin kòrèk la nan men
Bondye sovè l’ la.
Sa a se ras moun k’ap chèche l’ yo, k’ap chèche fas
Bondye Jakòb la.R.
LEVANJIL
«Si sèt fwa
nan menm jounen an li tounen kote ou, li di: «Mwen regrèt», se pou ou padonnen
li»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 1-6
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Sa pa posib pou nan pwen okazyon peche: sèlman
madichon pou moun sa a ki sèvi okazyon pou fè lòt yo tonbe nan peche a! Li ta
pi bon pou li, si yo ta pran yon wòch moulen, yo mare nan kou l’, epi yo jete
l’ nan lanmè, pase pou l’ ta fè youn nan ti piti sa yo tonbe nan peche.
Pran prekosyon. Si frè ou fè peche kont ou, reprann li,
epi si l’ regrèt, se pou ou padonnen l’; menm si se sèt fwa nan menm jounen an
li fè peche kont ou, epi sèt fwa nan jounen an li tounen kote ou, li di: «Mwen
regrèt», se pou ou padonnen li».
Apot yo di Granmèt la: «Fè nou gen plis lafwa».
Granmèt la di: «Si nou ta gen lafwa tankou yon grenn
senve, nou ta di gwo pye bwa sa a: «Derasinen ou epi al plante nan lanmè a»; li
ta obeyi nou».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: «Yo chak dwe yon moun san repwòch, mari yon
sèl madanm, li dwe gen pitit ki gen lafwa, san moun pa akize yo poutèt yo nan
dezòd oubyen yo nan rebèl ».
Frè ak sè m’ yo, nan lèt Pòl ekri moun Tit
yo, li mete aksan sou responsablite moun ki nan Legliz la genyen. Li touche
aspè fidelite nan fanmi an, kote mari dwe gen yon sèl madanm, li dwe san
repwòch, kote pou yo edike timoun yo nan lafwa, pou yo pa tonbe nan sa ki mal.
Ane sa a, p’ap Franswa dekrete li «Ane Mizerikòd,
kote li envite nou pou kiltive mizerikòd, pou nou aprann padone moun ki ofanse nou.
Li enpòtan pou nou aprann kiltive mizerikòd nan fanmi nou yo. Konsa nou dwe
gade reyalite fanmi nou yo jodi a, kote nou neglije tout bagay, kote anpil fwa
mesye yo maltrete madanm yo ak move pawòl, ak zak vyolans, ki menm lakoz lanmò
yo. Lè timoun yo pa sou bon chemen an, sa pa vle di yo te fèt pou yo pa bon, lè
nou pran pasyans pou korije yo, sa se yon temwayaj mizerikòd. Pafwa se medam yo ki manman e ki papa tou; men
anpil fwa tou medam yo konn pa pran responsabilite yo. Sitiyasyon sa a vin mete
fanmi yo tèt anba, kote timoun yo fè sa yo vle nan sosyete a, yo lage kò yo nan
tout koze ki mete dlo nan je paran yo ak nan je sosyete a.
Jodi a nou dwe gade tou si anpil fwa kòm
paran, kòm zanmi, kòm vwazen, kòm fanmi, nou pa lakòz timoun sa yo pran move
direksyon. Èske nou pa lakòz moun sa yon tonbe nan peche a epi aprè sa nou
kritike yo oubyen kondane yo. Jezi ap di nou jodi a madichon pou nou ki lakòz lòt yo tonbe nan
peche a. Pase pou nou lakoz lòt yo tonbe
nan peche a, li ta pi bon pou yo mare yon wòch moulen nan kou nou pou yo jete
nou nan lanmè.
Donk, Jezi vle fè nou konprann nou gen yon
gwo responsablite anvè lòt yo, pou nou pwoteje yo pou yo pa tonbe nan sa ki
mal, nan sa ki fè kominote nou yo soufri. Konsa tou, nou dwe gen kè sansib pou
yo tou lè yo fè yon bagay ki pa bon. Depi yo rekonèt sa yo fè a nou dwe louvri
kè nou, nou dwe louvri bra nou pou nou akeyi yo epi padone yo. Nou dwe padone
lòt yo jiskaske nou pa kapab ankò, 7 fwa 77 fwa 7 fwa. Mizerikòd nou dwe san
limit, paske anpil fwa nou ofanse Bondye men li pa gade sou sa nou fè, li gen
kè sansib pou nou.
Frè ak sè m’ yo, ann mande Bondye Granmèt la
pou l’ede nou padone menm janm li padone nou, mande l’ pou l’ pou l’ fè fanmi
nou yo rete kole sou li, li menm ki se Bondye kè poze a. Amèn
LAPRIYÈ:Bondye Papa, tanpri, fè fanmi nou yo vin tounen kominote padon kote
se renmen ki baz lavi nou. Pa pouvwa Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON : An nou libere moun ki
prizonye nan kè nou, pou montre lanmou
Bondye pi pò pase move santiman nou yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario