Koulè Vèt
PREMYE LEKTI
«Se pou nou viv zanmi Bondye, antan n’ap tann esperans ki sen an avèk
Bondye Sovè nou Jezikri k’ap vini an»
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TIT 2, 1-8. 11-14
Ou menm mwen
renmen anpil la:
Pale koze ki
dakò ak ansèyman ki kòrèk la. Se pou moun ki gen anpil laj yo kontwole anvi
manje-bwè, se pou yo kondui tèt yo byen, se pou yo gen sajès, se pou yo kòrèk
nan lafwa a, nan renmen an, nan pasyans la. Medam yo ki gen anpil laj yo tou se
pou yo gen yon konpòtman ki sen, pou yo pa fè tripotaj sou moun, pou yo pa
esklav bwason, pou yo konn bay ansèyman byen; se pou yo fè edikasyon jèn fi yo
nan kesyon sajès la, pou yo aprann renmen mari yo, renmen pitit yo; pou yo gen
sajès, pou yo veye sou tandans chè a, pou yo kontwole anvi manje ak bwè, pou yo
konn kenbe kay la pwòp, pou yo gen bon jan, pou yo obeyi mari yo, pou moun pa
blasfeme pawòl Bondye a.
Jèn jan yo tou se pou ou fè yo obsèvasyon pou yo konn
kenbe tèt yo anplas. Nan tout bagay se pou ou ofri pwòp tèt ou kòm modèl bon
aksyon yo, nan ansèyman, nan konduit ki dwat, nan fason kòrèk w’ap mache, nan
pawòl ki vrè, ki san repwòch, pou moun ki sot nan ènmi an jwenn okazyon pou l’
wont, san l’ pa jwenn okenn mal pou l’ di sou nou.
Sèke gras Bondye Sovè nou an parèt devan tout moun, li
aprann nou pou nou renonse peche a, avèk anvi tè a, pou nou viv yon fason
regle, yon fason kòrèk, yon fason ki sen, nan tan sa a menm, antan n’ap tann
esperans ki sen an avèk Bondye Sovè nou Jezikri k’ap vini nan glwa l’ la, li
menm ki te renmèt tèt li pou nou, pou l’ te kapab rachte nou sot nan tout
kalite peche, pou l’ te kapab pwòpte yon pèp ki fè l’ plezi, ki cho pou fè sa
k’ bon.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
36, 3-4. 18 e 23. 27 e 29 (r.: 39a)
R/ Sove moun ki kòrèk yo, se nan Granmèt la li sòti.
Espere nan Granmèt la, fè sa ki bon, w’ap abite tè a,
w’ap manje ak konfyans. Jwi nan Granmèt la, l’ap ba ou sa kè ou mande yo.R.
Granmèt la konnen jou moun ki san tach yo, eritaj yo ap
la pou tout tan. Se Granmèt la ki asire demach yon moun, ki vle chemen l’.R.
Vire do bay sa k’ mal, fè sa k’ byen, w’ap gen kote pou
ou abite pou tout tan gen tan. Moun kòrèk yo ap eritye tè a, y’ap abite sou li
pou tout tan k’ap gen tan.R.
LEVANJIL
«Se sèvitè
initil nou ye: se sa nou te dwe fè nou fè»
LEKTI LEVANJIL KI SEN AN DAPRÈ SEN LIK 17, 7-10
Lè sa a: Granmèt la di:
«Kilès nan nou, si l’ gen yon sèvitè k’ap travay tè
oubyen k’ap okipe bèt, lè l’ sot nan jaden, pou l’ di l’: «Fè vit, travèse, al
lonje kò ou»? Èske li p’ap di l’ pito: «Pare manje, mete tabliye ou, epi sèvi
m’, pou m’ manje, pou m’ bwè, epi aprè sa, ou menm w’a manje epi w’a bwè? Èske
l’ap gen sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ te pase l’ lòd la? Mwen pa
kwè.
Se konsa pou nou menm tou, lè nou fin fè tout sa yo te
pase nou lòd pou nou fè a, se pou nou di: «Se sèvitè initil nou ye: se sa nou
te dwe fè a, se li menm nou fè».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi
a, Levanjil la pa atire atansyon nou sou atitid (konpòtman) mèt la, men li
atire atansyon nou sou atitid sèvitè yo. Jezi envite apot li yo, antan li
itilize ekzanp parabòl ki pale sou atitid sèvis la: sèvitè a dwe obeyi epi fè
devwa li kòmsadwa, san li pa tann okenn rekonpans: «[Mèt la] Èske l’ap gen
sèvitè sa a rekonesans, poutèt li fè sa l’ te pase l’ lòd la?» (Lik 17,9).
Men, leson sa a se pa dènyè leson sou sijè sa a. Pita
Jezi pral di disip li yo: « Mwen pa rele nou sèvitè ankò, paske sèvitè a pa
konnen sa mèt li fè; men mwen rele nou zanmi, paske tout sa mwen te tande Papa
te di, mwen te fè nou konnen li» (Jan 15, 15). Zanmi pa fè kont. Si sèvitè yo
dwe obeyi e fè devwa yo, plis toujou disip Jezi yo, zanmi li yo, nou dwe
akonpli misyon Bondye konfye nou an, antan nou konnen ke travay nou pa merite
rekonpans paske nou ekzekite li ak kè kontan, paske tout sa nou ye ak tout sa
nou genyen, se yon gras Bondye.
Pou
kretyen an tout bagay se siy, pou moun ki renmen tout bagay se kado. Travay pou
Wayòm Bondye a se rekonpans nou, e se poutèt sa nou pa dwe di «Nou se sèvitè
kèlkonk: sèlman nou fè sa nou te dwe fè. (Lik 17,19). Se pa avèk tristès ak
regrè pou nou di sa, men se avèk kè kontan, puiske yo te rele nou pou transmèt
Levanjil la.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè Lespri ou a
ankouraje nou pou nou kapab ranpli devwa nou, misyon nou tankou disip-misyonè
Jezikri. Amèn
PWOPOZISYON: Pa kite moun dekouraje w’ nan fè sa ki byen, rekonpans ou se nan men
Bondye li ye.
No hay comentarios:
Publicar un comentario