Koulè Blan.
KONSEKRASYON
GRAN LEGLIZ LATRAN-AN
Fèt
PREMYE
LEKTI
Nan liv Pwofèt Ezekyèl; Ez
47, 1-2.8-9.12; 1 Co 3, 9b-11.16-17
Apre sa, nonm lan
mennen m' tounen devan pòtay pou antre nan Tanp lan. Mwen wè yon dlo k'ap soti
anba papòt kay la, li t'ap koule nan direksyon solèy leve. Se nan direksyon sa
a pòtay Tanp lan te bay tou. Dlo a t'ap koule desann soti anba fondasyon ki sou
bò sid Tanp lan, li pase adwat sou bò sid lotèl la. Nonm lan fè m' soti kite
lakou Tanp lan. Mwen pase nan pòtay nò a, nou fè yon detou jouk nou rive bò
pòtay ki bay sou solèy leve a. Yon ti dlo t'ap koule soti nan kwen sid pòtay
la. Li di m' konsa: -Dlo sa a ap koule desann, l'ap travèse pòsyon tè ki bay
sou solèy leve a, jouk li rive nan Fon Jouden an pou l' tonbe nan Lanmè Mouri a. Lè l'a
tonbe nan Lanmè mouri a, l'ap fè dlo sale a tounen dlo dous. Tout kote dlo a ap koule pral gen tout kalite bèt ak pwason. Dlo
larivyè a pral fè dlo Lanmè Mouri a tounen dlo dous. Kote dlo a pase, l'ap bay
lavi. Sou de bò larivyè a, tout kalite pyebwa pral pouse pou bay fwi pou moun
manje. Fèy yo p'ap janm fennen, yo p'ap janm sispann donnen. Y'ap bay yon donn
chak mwa, paske dlo k'ap koule soti nan Tanp lan pral wouze yo. Pyebwa yo pral bay fwi
pou moun manje. Fèy yo ap sèvi renmèd.
Pawòl Granmèt la.
SÒM 45, 2-3.5-6.8-9
R/Bondye se refij nou, li se
fòs nou
Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè.
Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou. R/
Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren
ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou. R/
Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap
tonbe nan pye ou.
Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo. R/
Gouvènman ou lan la pou tout tan. W'ap
gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la. R/
Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen,
womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou
kontan.R/
Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo
ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki
soti peyi Ofi. R/
LEVANJIL
MEN BÒN NOUVÈL JEZI KRI A DAPRÈ JAN KI
SEN; JN 2,
13-22
Fèt Delivrans jwif yo te vanse rive. Se konsa Jezi moute
Jerizalèm. Li jwenn yon bann moun nan tanp lan ki t'ap vann bèf, mouton ak
pijon. Gen lòt menm ki te chita dèyè tab yo ap chanje lajan. Li pran kèk kòd,
li mare yo ansanm, li fè yon fwèt ak yo. Epi li mete tout moun yo deyò nan tanp lan
ansanm ak tout mouton yo ak tout bèf yo. Li chavire tab moun ki t'ap chanje
lajan yo, li jete tout kòb yo atè. Li di moun ki t'ap vann pijon yo: Wete sa
la. Pa fè kay Papa m' lan tounen yon boutik kote yo fè komès. Disip li yo vin
sonje pawòl sa yo ki te ekri nan Liv la: O Bondye, mwen sitèlman renmen kay ou
a, mwen santi se tankou yon dife k'ap boule tout anndan mwen. Jwif yo mande
li: Ki mirak ou ka fè pou moutre nou ou gen dwa fè sa w'ap fè la a? Jezi
reponn yo: Kraze tanp sa a koulye a. Nan twa jou m'ap rebati l' ban nou. Jwif
yo di li: Yo pran karannsizan pou yo bati tanp sa a, pou ou menm, pou ou ta
pran twa sèl jou pou rebati li? Men Jezi li
menm, lè l' t'ap di mo tanp lan se pwòp kò li li te gen nan tèt li. Lè Jezi
leve soti vivan nan lanmò, disip li yo vin sonje li te di sa. Se konsa yo te
kwè sa ki te ekri nan Liv la ansanm ak tout pawòl Jezi te di yo.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Granmèt la.
REFLEKSYON: Nou ta kapab souliye plizyè aspè enpòtan nan tèks n’ap medite jodi a. Nan
premye lekti a, yo pale de dlo k’ap desanm. Sa ka fè
nou sonje sans dlo genyen nan Labib ak nan Legliz la. Se yon senbòl ki chaje ak
sans nan batèm nou. Sa fè nou sonje dlo se senbòl pirifikasyon pou nou; lè nou
batize, se plonje nou plonje nan lanmò Jezikri pou nou kapab leve vivan ansanm
ak Li pou n’ fè yon sèl ak Jezi Kri nan Bondye lavi a.
Nan Levanjil la, nou
konstate kalite travay Jezi t’ap fè nan tanp lan. No
uta kapab poze tèt nou kesyon: Men sa k’ap pase konsa? Sa ki pase Jezi menm? Jezi
ap preche nou lapè, lanmou epi l’ap aji konsa? Men sa ki enpòtan se pou nou chèche konnen
kisa ki pouse Li aji nan fason sa a epitou kisa Li vle di nou jodi a. Jezi te
vle fè volonte Papa a nèt ale. Se li ki te di: «Mwen
pa vini pou moun ki gaya yo men se pou sila yo ki bezwen doktè». Nou menm
tou, an nou sonje kè nou se espas pou nou rankontre ak Bondye, an nou mande li
ede nou debarase li ak tout move santiman ki ranpli li e ki anpeche nou
rankontre ak Li tout bon vre.
LAPRIYÈ: Bondye, tanpri kraze kè di mwen an pou ou ban mwen yon kè
mizerikòd, ki ouvè pou akeyi tout frè ak sè mwen yo.
PWOPOZISYON: Legliz la se espas kote Bondye manifeste prezans li, mwen p’ap fè
li tounen biznis. Bondye vle abite nan kè mwen, m’ap netwaye li, pou m’ wete
move santiman ki ladan.
No hay comentarios:
Publicar un comentario