Páginas

JEDI 10

Koulè Blan.
LEON LE GRAN KI SEN,  Pap e Savan sakre Legliz la
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Resevwa l’, pa tankou yon esklav ankò, men tankou yon frè ou renmen anpil. »
LEKTI LÈT APOT PÒL KI SEN POU FILEMON, Vèsè 7-20
Ou menm mwen renmen anpil la:
Mwen gen yon gran kontantman ak konsolasyon nan charite ou la, paske gras a ou, frè m’, kè sen yo jwenn repo.
Se pousa atout mwen gen nan Jezikri tout asirans pou m’ kòmande ou sou sa k’ gen pou fèt, malgre sa se plis poutèt charite a m’ap fè yon demann, mwen menm Pòl, ki tou vye epi, koulye a menm, ki prizonye Jezikri a tou.
M’ap fè ou demann pou pitit mwen an, li menm mwen te anfante nan chenn yo, Onezim. Lontan li te initil pou ou, koulye a menm li itil ni pou mwen ni pou ou. Mwen voye l’ tounen ba ou. Kanta ou menm se pou ou resevwa l’ tankou zantray mwen; mwen te vle kenbe l’ avèk mwen, pou l’ te kapab sèvi m’ nan plas ou nan chenn ki mare m’ poutèt bòn nouvèl la; sèlman mwen pa t’ vle fè anyen san konsantman-ou, pou m’ pa t’ fòse ou fè yon bon aksyon, men pou se ak tout volonte ou li fèt.
Petèt se pou yon moman li te pati lwen ou, pou ou kapab resevwa l’ pou tout tan. Pa resevwa l’ tankou yon esklav ankò men, nan plas esklav la, tankou yon frè ou renmen anpil; yon frè, se sa li ye nèt pou mwen, se sa li ye pi plis toujou pou ou, ni nan chè a, ni nan Granmèt la. Konsa si ou konsidere m’ kòm zanmi ou, resevwa l’ tankou mwen menm; si l’ te fè ou kichòy ki mal oubyen si l’ dwe ou, met sa sou kont mwen.
Se mwen menm Pòl ki ekri sa ak men m’: m’ap renmèt ou sa; mwen pa menm bezwen di kijan ou menm tou ou dwe m’ pwòp tèt ou. Konsa, frè m’, mwen kontan avèk ou nan Granmèt la: konsole kè m’ nan Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 145, 7. 8-9a. 9bc-10 (r.: 5a)
R/Ala kontantman pou sa a Bondye Jakòb la pote l’ sekou a.
Li menm ki kenbe verite a pou tout tan. Li fè jijman pou moun y’ap maltrete yo, li bay sa k’ grangou yo manje.Granmèt la defèt chenn yo.R.
Granmèt la klere avèg yo, Granmèt la leve sa k’ tonbe yo, Granmèt la renmen moun ki kòrèk yo, Granmèt la pwoteje etranje yo.R.
Òfelen yo ak vèv la, li soutni yo, men wout pechè yo, li gaye l’. Granmèt la ap wa pou tout tan, Bondye ou la, Siyon, pou jenerasyon ak jenerasyon.R.
LEVANJIL
«Peyi wa Bondye a, se anndan nou li ye»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 20- 25
Lè sa a:
Farizyen yo mande Jezi kilè peyi wa Bondye a ap rive, li reponn yo, li di: «Peyi wa Bondye a pa rive yon fason pou yo obsève l’, yo p’ap di: «Men l’ isit la» oubyen «Men l’ laba a». Sèke men peyi wa Bondye a: se anndan nou li ye.»
Li di disip li yo: «Gen jou k’ap rive lè n’ap anvi wè yon sèl jou Pitit moun nan epi nou p’ap wè l’. Y’ap di nou: «Men l’ isit la» epi «Men l’ laba a». Pa ale, pa suiv. Sèke, tankou zeklè klere, ap gaye sot nan yon bout syèl la rive nan lòt bout la, se konsa Pitit moun nan ap ye nan jou pa l’ la.
Sèlman, anvan sa, li gen pou l’ soufri anpil tray, epi ras sa a gen pou rejte l’».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a, Apot Pòl, pandan l’ nan prizon an, vin rekonèt yon sèvite Filemon ki te nan prizon ki rele Onezim. Kounya pou konpasyon li, l’ap entèsede devan zanmi l’ Filemon pou l’ resevwa sèvitè a, men fwa sa a se p’ap kòm sèvitè men se tankou yon frè, paske ni patwon an ni sèvite a gen lafwa nan yon sèl Granmèt, kidonk yo se frè nan lafwa.
Nan lèt sa a, Pòl pran tout chay Onezim li met sou kont li, epi li konsidere l’ kòm pitit ki sòti nan zantray li. Kalite santiman ak konsiderasyon sa a, fè nou konprann tout moun ki gen lafwa nan Bondye se yon sèl fanmi.
Levanjil jodi a pote lajwa pou nou, paske li fè nou konnen, peyi Wa Bondye a se anndan nou li ye. Kòm farizyen yo pot ko kwè ke peyi wa Bondye te deja la, yo poze Jezi kesyon e Jezi fè yo konnen se anndan yo li ye, epi li tou avèti disip li yo kijan pral gen fo pwofèt, epi nan jou k’ap vini yo pral sibi anpil pèsekisyon.
Kòm nou deja konnen peyi Wa Bondye a se anndan nou li ye, nou dwe montre sa chak jou nan aksyon nou yo, aksyon ki an favè renmen, lajistis, dwa moun, aksyon ki montre angajman nou pran  pou sèvi sila yo ki pi fèb, pou nou viv san prejije. Kòm li avèti nou ap gen pwoblèm, fòk nou kenbe lafwa fèm epi travay pou fè Wayòm Bondye a grandi nan lavi nou, konsa tout moun va wè li prezan tout bon vre.
LAPRIYÈ:Bondye Granmèt, aprann mwen manifeste prezans Wayòm ou an nan lavi mwen.

PWOPOZISYON: M’ap aprann viv pi byen ak frè ak sè m’ yo, epi ede yo nan tout sa m’ kapab.

No hay comentarios:

Publicar un comentario