Koulè
Blan.
MATEN KI SEN, Evèk
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Moun ki pèsevere
nan ansèyman an, se li menm ki gen ni Papa a ni Pitit la».
LEKTI DEZYÈM LÈT APOT JAN KI SEN 4-9
Ou menm,
Madanm nan Bondye chwazi a, mwen kontan anpil, paske mwen jwenn nan pitit ou yo
k’ap mache nan verite a daprè kòmandman nou te resevwa nan men Papa a. Koulye
a, Madanm, se pa tankou yon kòmandman nouvo m’ap ekri ou, men se sa nou te
genyen depi nan kòmansman an; mwen mande ou pou nou youn renmen lòt. Men
charite a; se pou nou mache daprè kòmandman l’ yo.
Men kòmandman
an; jan nou te tande depi nan kòmansman an, se konsa pou nou mache. Reyèlman,
anpil moun k’ap chèche twonpe sòti vin sou tè a, se sa ki pa kwè Jezikri vini
nan chè a; sa a se sa a k’ap chèche twonpe moun, se antikris la. Fè atansyon
pwòp tèt nou, pou nou pa pèdi sa nou te fè, men pou nou resevwa tout rekonpans
la.
Nenpòt ki
moun ki rekile, ki pa pèsevere nan ansèyman Jezikri a, li pa gen Bondye a; men
moun ki pèsevere nan ansèyman an, li menm li gen ni Papa a ni Pitit la.
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 118, 1. 2. 10. 17. 18 (r.: 1b)
R/Ala kontantman pou moun k’ap mache nan lalwa Granmèt la.
Ala
kontantman pou moun ki entak nan chemen an, k’ap mache nan lalwa Granmèt la.R.
Se chans pou
moun ki kenbe temwayaj li yo, k’ap chèche l’ ak tout kè yo.R.
Ak tout kè m’
mwen te chèche ou, pa fè m’ pèdi wout sot nan kòmandman ou yo.R.
Nan kè m’
mwen kache pwomès ou yo, pou m’ pa fè peche kont ou.R.
Fè sèvitè ou
dibyen pou m’ viv, pou m’ kenbe pawòl ou yo.R.
Devwale je
m’, m’a konsidere mèvèy nan lalwa ou la.R.
LEVANJIL
«Jou Pitit moun nan ap devwale sa l’ ye a»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 17, 26-37
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Jan sa te rive nan jou Noe yo, se konsa tou sa ap fèt
nan jou Pitit moun nan; yo t’ap manje, yo t’ap bwè, yo t’ap marye, ni gason ni
fi, jous jou Noe antre nan Ach la; delij la rive, li detwi yo tout.
Se menm jan tou, jan sa te rive nan tan Lòt la: yo t’ap
manje, yo t’ap bwè, yo t’ap achte, yo t’ap vann, yo t’ap plante, yo t’ap bati;
jou Lòt kite Sodòm nan, yon lapli dife ak souf sot nan syèl la, li detwi yo
tout. Se konsa sa ap fèt jou Pitit moun nan ap devwale sa l’ ye a.
Jou sa a, moun k’ap sou tèt kay, si l’ gen afè l’ nan
kay la, li pa bezwen tounen dèyè. Sonje madanm Lòt la. Moun k’ap chèche sove
lavi l’, l’ap pèdi l’; se moun k’ap pèdi l’, k’ap jwenn li nèt ale.
Mwen di nou: nan nuit sa a, ap gen de moun nan yon sèl
kabann: y’ap pran youn, y’ap kite lòt la; ap gen de moun k’ap moulen ansanm:
y’ap pran youn, y’ap kite lòt la; ap gen de moun nan jaden: y’ap pran youn,
y’ap kite lòt la».
Yo pran lapawòl, yo di l’: «Ki kote, Granmèt?»
Li di yo: «Kote kò a ap ye a, se la èg yo ap rasanble».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Jezi bay yon
avètisman pou moun ki pa rete ak je yo klè ap veye. Pèsonn pa konnen ki jou ni
kilè Jezi ap retounen, sof Papa li. Nan premye lekti nou li pou jodi a, Jan ap
ede n’ dekouvri sans renmen an. Renmen an, se tankou leman ki soude tout bagay
ansanm. Nan Lèt sa a ke Jan ekri a, li ankouraje nou pou youn renmen lòt;
kidonk, youn dwe sipòte lòt, youn dwe soutni lòt, youn dwe konprann lòt, youn
dwe ede lòt. Se sèl fason nou ka montre nou renmen tout bon, epi se nan an menm
tan yon fason pou nou temwaye ke Bondye renmen nou. Men pou nou pote kalite
temwayaj sa a, nou dwe kole kò nou sou Jezi; nou dwe pèsevere nan lansèyman
Jezi ba nou. Paske se gwo kontantman, se chans pou moun k’ap mache selon Lalwa
Granmèt la (Sòm118).
Nan tan n’ap viv la, nou konstate gen yon tandans kote nou bay bagay
k’ap pase yo plis valè pase bagay ki la pou toutan, nou plis enterese ak bagay
materyèl ke bagay espirityèl.
Anpil moun pa bay Bondye ni pawòl li regle anyen pou yo, paske depi yo
gen yon bèl kay, yon bèl machin, tout bagay mache byen, yo bliye Bondye. Men
jodi a, li vrèman enpòtan pou nou reveye nou nan somèy plezi, lajan, banbòch,
pou nou kapab prepare jou Pitit moun nan ap vini an.
Zanmi m’ yo, antan n’ap chache pran relasyon nou oserye ak Granmèt la,
antan n’ap travay nan koudakoud pou yon fanmi, yon sosyete, yon peyi ki pi bèl,
nou kapab montre nou se moun ki pa nan dòmi, nou se moun k’ap veye.
LAPRIYÈ: Bondye Granmèt, tanpri, fè Lespri Sajès ou montre n’ kijan pou
nou sèvi ak tout mwayen ou ba nou pou konstwi Wayòm ou an. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap rete atantif
pandan m’ap chèche fè volonte Bondye nan tout sa m’ap fè pou m’ kab kòmanse
prepare m’ pou dènye jou a pa siprann mwen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario