Koulè Wouj
JOZAFA KI SEN, Evèk e Mati
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Nou dwe resevwa frè yo, pou nou kapab asosye verite a».
LEKTI TWAZYÈM LÈT APOT JAN KI SEN Vèsè 5-8
Ou menm mwen renmen anpil la, ou viv daprè lafwa ou vre
nan tout sa ou fè pou frè yo, malgre yo se etranje k’ap pase. Yo bay temwayaj
sou charite ou la devan fas Legliz la. W’a fè sa ki bon antan w’ap ede yo
vwayaje an byen yon jan ki koresponn ak sa Bonye vle a. Paske se poutèt non l’
yo pati, san yo pa pran anyen nan men moun nasyon yo. Konsa nou menm, nou dwe
resevwa kalite moun sa yo byen, pou nou vin antre konsa nan travay y’ap fè pou
verite a.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 111,
1-2. 3-4. 5-6 (r.: la)
R/Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la.
Ala kontantman pou moun ki krenn Granmèt la, ki met
plezi l’ nèt nan lòd li yo. Desandans li ap gen pouvwa sou tè a, ras moun kòrèk
yo ap beni.R.
Glwa ak richès nan kay li, jistis li ap rete pou tout
tan gen tan.Limyè l’ap leve nan fènwa, pou moun kòrèk yo, li sansib, li pran
pitye, li kòrèk.R.
Ala kontantman pou moun sa a ki pran pitye, ki prete,
ki regle afè l’ yo kòrèk, paske se pou tout tan li p’ap bite. Moun ki kòrèk la, y’ap sonje l’ tout tan.R.
LEVANJIL
«Bondye ap
tire vanjans pou sila yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ la.»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 18, 1-8
Lè sa a:
Jezi t’ap di
disip li yo yon parabòl, pou montre fò yo toujou ap priye, san yo pa janm
sispann; li di: «Te gen yon jij nan yon vil, li pa t’ krenn Bondye, li pa t’
respekte moun.
Nan vil sa a
gen yon vèv ki te konn vin kote l’ ap di: «Fè m’ jistis anba men sa k’ap
pèsekite m’ nan». Pandan lontan, li pa t’ vle.
Aprè sa, li
di nan kè l’: «Menm si mwen pa krenn Bondye, mwen pa respekte moun, sèlman,
paske vèv sa a ap fatige m’, m’ap fè l’ jistis pou l’ pa vin kase tèt mwen
ankò».
Granmèt la di: «Koute sa move jij sa a di. Epi Bondye
pa ta fè jistis pou sa yo li chwazi a, k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit?
Èske l’ap fè yo pran pasyans toujou? Mwen di nou l’ap fè vit, l’ap rann yo
jistis. Sèlman, lè Pitit moun nan va rive, èske nou kwè l’ap jwenn lafwa sou tè
a?»
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pandan n’ap avanse nan finisman ane litijik
la, Jezi ap ankouraje nou lapriyè, chache Bondye.
Nou kapab konprann sa, lè nou imajine kòman papa
oubyen manman ap tann chak jou ke pitit yo di yo yon bagay ki montre yo kijan
yo gen afeksyon pou yo.
Bondye
ki Papa tout moun, li menm tou l’ap chache kalite mak afekyon sa a. Jezi di nou
sa souvan nan Levanjil la, e nou konnen, lè nou pale ak Bondye se deja yon
lapriyè ke nou fè. Lapriyè a se vwa lafwa a, kwayans nou gen nan Bondye.
Lapriyè dwe toujou manifeste lanmou nou gen pou Bondye.
Pou nou pa janm bouke lapriyè ak konfyans, Sen Lik di
ke «Jezi t’ap di disip li yo yon parabòl, pou montre fòk
yo toujou ap priye, san yo pa janm sispann» (Lik 18,1). Nou konnen nou kapab
lapriyè antan n’ap fè konpliman pou Bondye, antan n’ap di li mèsi, oubyen antan
n’ap rekonèt pwòp feblès nou kòm moun- peche a-, antan n’ap mande sekou Bondye;
men pi souvan nou priye Bondye pou nou mande li yon gras oubyen yon favè.
E, menm si nou pa oblije jwenn sa nou mande a nan
moman nou mande li a, lefèt ke nou pale ak Bondye, nou rakonte li pwoblèm nou
ak prewokipasyon nou, sa deja sifi pou nou di nou jwenn yon bagay e sètènman -
menmsi se pa tou suit- n’ap resevwa yon repons. «Bondye pa ta fè jistis pou sa yo li
chwazi a, k’ap rele kote l’ lajounen kon lannuit?» (Lik 18,7)
Konsènan parabòl
levanjelik sa a, Sen Jan Klimako di: «Jij sa ki pa t’ respekte Bondye a, li oblije
koube devan ensistans vèv la pou li pa t’ kontinye deranje li. Bondye ap bay
jistis ak moun ki vèv li akoz peche a, fas ak kò a, premye lènmi li, e fas ak
demon yo, advèsè envizib li…»
Pèseverans nan lapriyè, konfyans nan Bondye. Tètilyen
te di «sèlman lapriyè kapab venk Bondye», sa vle di se sèl lapriyè ki
ka fè nou dekouvri feblès Bondye.
LAPRIYÈ: Granmèt, se nan ou sèl nou ka jwenn sekou. Tanpri koute rèl
lapriyè nou.
PWOPOZISYON: Pran
kèk minit nan jounen sa pou pale ak Bondye. Lapriyè nan plizyè fason: Di li
mèsi pou mèvèy li fè, remèt li tout enkyetid ak pwoblèm peyi a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario