Páginas

DIMANCH 13

Koulè Vèt.
TRANNTWAZYÈM DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
PREMYE LEKTI
“Solèy jistis la ap leve pou nou”
NAN LIV PWOFÈT MALACHI 4, 1-2a
“Men jou a k’ap rive, l’ap flanbe tankou yon boukan dife; tout moun k’ap leve tèt yo, tout sa k’ap fè peche yo, y’ap tankou pay, jou a k’ap vini an ap boule yo, deklarasyon Granmèt lame yo, li p’ap kite ni rasin ni boujon pou yo.
Men nou menm ki krenn non mwen, solèy jistis la ap leve pou nou, l’ap gen fòs gerizon nan reyon l’ yo”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS: 97, 5-6. 7-9a. 9bc
R/ Granmèt la ap vini pou l’ jije pèp yo nan sa ki dwat
Chante pou Granmèt la sou gita, sou gita ak son mizik; sou twonpèt ki dous ak son kòn, fè konpliman devan fas Granmèt la ki wa a.R.
Se pou lanmè a sonnen ak sa k’ plen l’ nan, fas tè a, ak sa ki abite nan li yo. Se pou larivyè yo bat bravo, se pou tout mòn yo danse    devan fas Granmèt la, paske l’ap vin jije tè a.R.
L’ap jije fas tè yo nan jistis ak pèp yo nan sa ki dwat.R.
DEZYÈM LEKTI
“Si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje non plis tou”
NAN DEZYÈM LÈT APOT PÒL KI SEN, POU TESALONISYEN YO 3, 7- 12
Frè m’ yo:
Nou konnen kijan pou nou pran modèl sou nou, paske nou pa t’ rete nan mitan nou san nou pa fè anyen, nou pa t’ manje pen lòt moun pou granmesi; men se nan travay avèk fatig nannuit ak lajounen nou t’ap redi, pou nou pa peze sou kont pèsonn nan nou. Se pa paske nou pa ta gen dwa, men se pou nou te kapab mete nou kòm modèl pou nou imite.
Reyèlman, lè nou te lakay nou an, nou te konn deklare nou sa: si yon moun pa vle travay, li pa dwe manje non plis tou. Nou tande gen kèk moun nan pami nou k’ap mache san yo pa fè anyen, yo san souf, y’ap okipe sa k’ pa gade yo.
Moun sa yo, k’ap aji konsa a, nou denonse yo, nou mande yo, tanpri, o non Jezikri, Granmèt la, pou yo travay trankil, pou yo manje pen pa yo.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 21. 5-19
Te gen kèk moun ki t’ap pale sou Tanp lan: kijan li dekore avèk bèl wòch ak bèl kado. Jezi di: “Bagay sa yo nou wè a, gen jou k’ap rive, p’ap rete wòch sou wòch nan yo ki p’ap detwi”.
Yo t’ap poze l’ kesyon, yo t’ap di: “Mèt, kilè bagay sa yo ap rive, epi ki siy k’ap fè konnen lè y’ap kòmanse?”
Li di: “Atansyon pou yo pa twonpe nou; sèke anpil moun ap vini o non mwen, y’ap di: “Se mwen menm, epi tan an ap rive”; pa suiv yo. Lè n’ap tande pale sou lagè ak revòlt, pa pè: bagay sa yo gen pou yo rive anvan, men se p’ap finisman an toutsuit.
Lè sa a li t’ap di yo: “Nasyon ap leve kont nasyon, peyi wa kont peyi wa. Ap gen gran tranblemantè kèk kote, epidemi, grangou, bagay nan syèl la k’ap fè moun tranble, epi gran siy.
Men anvan tout bagay sa yo, y’ap met men sou nou, y’ap pèsekite nou, y’ap renmèt nou nan sinagòg yo ak nan prizon yo, y’ap trennen nou devan wa yo ak prefè yo poutèt non mwen; sa ap ba nou okazyon pou nou temwaye.
Mete sa byen nan kè nou: nou pa bezwen prepare sa n’ap reponn. Se mwen menm k’ap ba nou yon bouch ak sajès ki fè okenn ènmi nou yo p’ap kapab reziste nou, ni demanti nou.
Epi sa k’ap trayi nou, se paran nou, frè nou, fanmi nou, zanmi nou; y’ap touye kèk nan nou, tout moun ap rayi nou poutèt non mwen, men yon cheve nan tèt nou p’ap peri: se nan pasyans nou n’ap jwenn lavi nou”.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Yon moun k’ap fè jaden, sa mande li anpil sakrifis: prepare tè a, plante, sakle wouze, flite ensektisid, veye pou bèt yo pa vin devaste jaden ou. Kab gen gwo loraj ak inondasyon oswa sechrès k’ap vin menase rekòt la. E poutan, anpil moun fè travay sa a ak kouraj ak devouman. Sa ki ba yo kouraj sa a, se espwa yo genyen y’a wè bèl rekòt. Pandan y’ap travay, yo sonje rekòt la. Yo gen asirans fatig yo pran ak jefò y’ap fè pa pou granmesi. Yo konnen si yo kenbe fèm nan travay yo, Bondye va ba yo bèl rekòt, l’a beni travay y’ap fè a.
Ekazanp sa a fè nou konprann pi byen kijan pou nou travay pou rèy Bondye kab rive.
Lè Jezi te ale lavil Jerizalèm, li te konnen lè li rive pou l’ tounen al jwenn Papa l’. Li t’ap pale ak moun yo nan Tanp la, li t’ap di yo: “Nou wè kijan Tanp sa a bèl? Epoutan, yo pral kraze li vide atè, paske nou pa t’ rekonèt sovè Bondye te voye ba nou an”.
Jwif yo te konprann: lè yo pral detwi Tanp la, se lè sa a lafen dimond rive, lè sa a tout bagay kaba. Men Jezi di yo: Non! Se pa sa lafen dimond. Anvan, va gen tranblemantè ak inondasyon, va gen maladi ak grangou.
Nou menm menm ki patizan m’, yo pral pèsekite nou, yo pral pale nou mal, yo va arete nou mete nou nan prizon. Va gen nan nou yo touye poutèt mwen. Ata nan pwòp fanmi nou, va gen moun k’ap rayi nou. Men, nou pa bezwen gen kè sote pou sa. Tout sa va itil nou pou sèvi m’ temwen. Mwen menm, mwen pral kanpe ak nou. Nou pa bezwen dekouraje. Kenbe fèm, se konsa n’a sove lavi nou.
Sè ak frè m’ yo, pawòl Jezi sa a pa dwe fè nou gen kè kase. Okontrè, Jezi vle ba nou kouraj pou nou kab kenbe fèm, pou travay pou Rèy Bondye kab rive.
Travay sa a sanble ak travay nan jaden. Se ti pa, ti pa l’a reyalize. Chak fwa nou di, chak fwa nou fè yon bagay paske nou renmen Bondye ak frè ak sè nou yo, se patisipe nou patisipe nan konstwiksyon Wayòm Bondye. Men, pandan tout tan nou sou tè a, n’a jwenn traka, mizè, difikilte ak pèsekisyon, paske toujou gen peche, paske peyi tèt ansanm nan pako fin reyalize. Se tankou kiltivatè ki gen pou trimen toutotan rekòt la pako rive.
Sèlman, nou pa gen dwa dekouraje.Yon jou Jezi pral tounen nan mitan nou. Jou sa a, li pral detwi tout sa ki enpoze Rèy Bondye parèt nan tout bèlte li. Se espwa sa a k’ap ede nou kenben fèm. Se sa Jezi vle fè nou konprann jodi a ak pawòl levanjil la, ki yon ti jan difisil. Tout sa nou fè, tout sa nou soufri ansanm ak Jezi nan travay sa a, li pa janm pou granmesi, men l’a pote fwi pou tout tan.
Menm jan ak pou yon kiltivatè, tout travay li fè, tout redi l’ap redi nan jaden itil pou rekòt la kab bèl. Epi tou, n’ap travay ak espwa san nou pa janm dekouraje, paske nou konnen se Jezi li menm k’ap fè travay nou rive bout. Se li menm k’ap fè tout bagay vin tou nèf.
Ann kite tout pawòl sa yo entèpele nou pou Granmèt la kapab anime nou epi pou nou pa dekouraje nan travay n’ap fè a.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri bay pèp ki sibi siklòn ak inondasyon an kouraj ou pou li kapab fè fas ak tout difikilte lavi a. Tanpri pa kite li pèdi lespswa, paske ou p’ap janm kite li sòti wont.

PWOPOZISYON: Se pou nou kenbe fèm nan travay pou Rèy Bondye kab rive. Ann sonje Jezi la avèk nou. Si nou mache ak li, nou pa bezwen pè anyen.

No hay comentarios:

Publicar un comentario