Páginas

LENDI 14

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Sonje kote ou tonbe, fè penitans».
KÒMANSMAN LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 1, 1-4; 2, 1- 5a
Revelasyon Jezikri, sa Bondye ba li pou l’ devwale klè bay sèvitè l’ yo «sa k’ gen pou rive byen vit».
Antan l’ voye Anj li a bay sèvitè l’ Jan, temwen pawòl Bondye a ak temwayaj Jezikri a temwen, li montre l’ tout sa l’ wè yo. Ala kontantman pou moun ki li, ki tande pawòl deklarasyon pwofèt sa a, epi ki kenbe bagay ki ekri ladan yo: sèke tan an tou pre.
Jan pou sèt legliz yo ki nan Azi a. Gras pou nou ak lapè, sot nan sa a ki la a, ki te la a epi k’ap vini an, epi sot nan sèt espri yo, ki devan twòn li a.
Mwen te tande Granmèt la k’ap di m’: «Pou Anj legliz Efèz la, ekri: Men sa l’ di, sa a ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat li a, li menm k’ap mache nan mitan sèt chandelye an lò yo: «Mwen konnen aksyon ou yo, ni travay ou, ni pasyans ou, epi ou pa kapab sipòte mechan yo: sa yo ki di se apot yo ye a epi se pa sa yo ye, ou te eseye yo epi ou te dekouvri se mantè yo ye; ou gen pasyans, ou sipòte poutèt non mwen, ou pa lage.
Men mwen gen kichòy kont ou, sèke ou te abandone charite ou te genyen nan kòmansman an. Sonje kote ou te ye anvan ou tonbe a, epi fè penitans, fè sa ou te konn fè nan kòmansman an».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 1, 1-2. 3. 4 e 6 (r.: An 2, 7b)
R/Moun ki ranpòte viktwa a m’ap ba l’ manje nan pye bwa lavi a.
Ala kontantman pou moun ki pa ale nan reyinyon moun ki pa krenn Bondye yo, ki pa kanpe nan chemen pechè yo, ki pa chita nan gwoup moun k’ap pase lalwa a nan jwèt yo; men se nan lalwa Granmèt la volonte l’ ye, se nan lalwa l’ la l’ap kalkile lajounen ak lannuit.R.
L’ap tankou yon pye bwa ki plante sou bò kouran dlo, k’ap donnen fwi l’ nan tan li, li p’ap pèdi fèy li, tout sa l’ap fè ap reyisi.R.
Se pa konsa pou moun ki pa krenn Bondye yo, se pa konsa, men y’ap tankou pousyè van ap voye jete. Sèke Granmèt la konnen chemen moun kòrèk yo, men wout moun ki pa kòrèk yo ap peri.R.
LEVANJIL
«Ki sa ou vle pou m’ fè? — Granmèt, fè m’ wè».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 18, 35- 43
Lè sa a:
Rive, pandan Jezi ap pwoche Jeriko, yon avèg te chita bò wout la, l’ap mande charite. Lè l’ tande foul la k’ap pase, li t’ap mande sa sa ye. Yo di l’ se Jezi moun Nazarèt la k’ap pase.
Li rele byen fò, li di: «Jezi, pitit David, pitye pou mwen». Moun yo ki t’ap mache devan an, yo t’ap fè l’ obsèvasyon pou l’ pe bouch li; men li menm menm se plis li t’ap rele pi fò: «Pitit David, pitye pou mwen».
Jezi menm kanpe, li pase lòd pou yo mennen l’ kote l’.
Pandan l’ap pwoche, li mande l’: «Ki sa ou vle pou m’ fè?»
Li menm li di: «Granmèt fè m’ wè».
Jezi di l’: «Se pou ou wè, lafwa ou sove ou».
Menm lè a, li wè, epi li t’ap suiv li antan l’ap fè konpliman pou Bondye. Tout foul la, lè l’ wè sa, li fè lwanj pou Bondye.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Nan premye lekti a nou wè kòman Bondye pa lantremiz Jan, adrese l’ ak sèvitè l’ yo ki nan 7 legliz Azi a pou l’ ekzòte yo pou travay apostola a ki se konsekans rankont yo ak Jezikri a, rive konplete ak jès charite a.
Granmèt la envite sèvitè l’ yo pou yo retounen pratike lacharite daprè jan yo te devwe pou sa nan kòmansman. Bon pratik nou yo, nou pa dwe bliye yo, nou dwe evite sa ki mal yo epi kontinye viv daprè sa ki bon yo. Bondye ki anwo nèt la, se Sila a k’ap peze aksyon nou yo, li se Sila a k’ap dirije lavi nou nan sa ki byen an.
Sòm premye a envite nou mache nan chemen ki korèk la, evite move zanmitay ( moun ki non sèlman pa pataje lafwa nou yo men ki pa gen respè pou Bondye n’ap sèvi a). Moun sa yo nou pa ka mete ansanm ak yo pou nou aji kont lafwa nou. Nou ka gen relasyon pwofesyonèl ak yon moun san pou otan n’ pa pran pa ak yon seri de aksyon ou aktivite li ka vle fè ki pa gen rapò ak sa Levanjil Jezikri a mande nou an.
Se pou nou afime lafwa nou devan moun yo san  pèsonn pa oblije, san pèsonn pa fòse nou, san nou pa santi nou wont; fòk nou fyè pou nou anonse Bòn Nouvèl Granmèt la.
Travay levangelizasyon an enpòtan anpil pou n’ pèmèt moun yo rankontre ak Jezi, pou yo kapab rive chanje lavi yo pou yo rive benefisye lavi ki p’ap janm fini an. Volonte Bondye, se pou tout moun rive jwenn delivrans lan. Se enpòtan pou n’ kite reyalite misyon an vlope tout sa nou ye kòm kretyen, dekwa pou kèlkeswa kote nou ye nou dispoze pou pataje levanjil la pou delivrans moun yo.
Nan levanjil la nou wè volonte sa a pou sove moun yo, nan atitid Jezi devan lapriyè nèg avèg la te fè l’.Jezi vini pou pote lavi, tout moun ki rankontre ak li pa ka rete nan fènwa ankò. Se konsa Jezi fè limyè delivrans li a disparèt fènwa pwoblèm ki te anvayi lavi nèg sa a. Jezi geri li sèlman ak yon pawòl. Lavi nou kòm kretyen ekzije nou aji avèk konpasyon pou frè ak sè nou yo.
LAPRIYÈ: Granmèt aprann nou dekouvri nesesite espirityèl ak materyèl frè ak sè nou yo k’ap viv bò kote nou; edè n’ fè kichòy pou pèmèt yo viv ak plis diyite kòm pitit ou. Pa pouvwa Jezikri

PWOPOZISYON: Fòme komite oubyen gwoup ki pou reflechi sou bezwen espirityèl ak sosyal kominote nou, dekwa pou nou konn kisa nou dwe fè san pèdi tan.

No hay comentarios:

Publicar un comentario