Páginas

MADI 15

Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Si yon moun ouvri pòt la pou mwen, m’ap antre kote l’, m’ap manje avèk li».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 3, 1-6. 14-22
Mwen menm, Jan, mwen tande Granmèt la k’ap di m’:
«Pou Anj Legliz Sad la, ekri: Men deklarasyon sila a ki gen sèt espri Bondye yo ak sèt zetwal yo: «Mwen konnen aksyon ou yo, ou pote non moun ki vivan men ou mouri. Se pou ou reveye, epi, rès bagay yo ki prèt pou mouri yo, fè yo repran fòs; sèke mwen pa jwenn aksyon ou yo plen devan Bondye m’ nan. Sonje kalite sa ou te resevwa a ak sa ou te tande a; epi kenbe yo, fè penitans. Si ou pa veye, m’ap vini kote ou tankou yon vòlè, ou p’ap konnen kilè m’ap vin kote ou.
Men ou gen kèk non nan Sad, ki pa t’ sal rad yo, k’ap mache avèk mwen ak rad tou blan, paske yo merite sa.
Moun k’ap ranpòte viktwa a, se konsa l’ap abiye ak rad blan, mwen p’ap efase non l’ sot nan liv lavi a, m’ap rekonèt non l’ devan Papa m’ ak devan Anj li yo».
Moun ki gen zòrèy se pou l’ koute sa Lespri a di Legliz yo.
Pou Anj Legliz Laodise a, ekri: Men deklarasyon Amèn nan, temwen ki fidèl la, ki vre a, li menm ki kòmansman tout sa Bondye kreye a: «Mwen konnen aksyon ou yo, ou pa ni frèt ni cho: pito ou te frèt oubyen cho! Men, paske ou tyèd la epi ou pa ni frèt ni cho a, m’ap kòmanse vomi ou sot nan bouch mwen.
Paske ou di: «Mwen rich, mwen anrichi, mwen pa bezwen anyen», epi ou pa konnen ou mizerab, ou malere, ou pòv, ou avèg, ou nikò. Mwen konseye ou pou ou achte nan men m’ ni lò ki pwòpte nan dife a pou ou kapab vin rich, ni rad blan pou ou abiye, pou lawont nikò ou la pa parèt, ni pomad pou ou badijonnen je ou pou ou kapab wè.
Mwen menm, moun mwen renmen yo, mwen reprann yo, mwen korije yo. Konsa fè efò, fè penitans.
Men mwen kanpe nan pòt la, m’ap frape: si yon moun tande vwa m’, li louvri pòt la ban mwen, m’ap antre kote l’, m’ap soupe avèk li, li menm avèk mwen. Moun ki ranpòte viktwa a, m’ap ba l’ posibilite pou l’ chita avèk mwen sou twòn mwen an, menm jan mwen menm mwen te ranpòte viktwa a epi mwen chita avèk Papa m’ sou twòn li a».
Moun ki gen zòrèy, se pou l’ tande sa Lespri a di Legliz yo».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 14, 2-3ab. 3cd-4ab. 5 (r.: Ap 3, 21)
R/ Moun ki ranpòte viktwa a, m’ap fè l’ chita avèk mwen sou twòn mwen an.
Moun k’ap mache san fot, k’ap fè jistis; k’ap pale verite nan kè l’, ki pa fè riz ak lang li.R.
Li pa fè pwochen l’ mal, li pa fè pwochen l’ afwon. Li konsidere mechan an kòm anyen devan je l’, men li fè lwanj pou sa yo ki respekte Granmèt la.R.
Moun ki pa prete lajan ak enterè, ki pa aksepte kado sou do inosan. Moun ki aji konsa, anyen p’ap janm souke l’.R.
LEVANJIL
«Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te peri a».
MEN BÒN NOUVÈL DAPRÈ SEN LIK 19, 1-10
Lè sa a:
Jezi antre Jeriko, l’ap travèse vil la. Men yon mesye yo rele Zache, ki te chèf kolektè yo, ki te rich. Li t’ap chèche wè Jezi, kilès li ye; li pa t’ kapab akòz foul la, paske li te tou kout. Li kouri devan, li monte sou yon pye figye, pou l’ wè l’, paske li te gen pou l’ pase la.
Lè Jezi rive kote sa a, li leve je l’, li wè l’, li di l’: «Zache, fè vit, desann, paske jodi a se nan kay ou mwen gen pou m’ rete». Li fè vit, li desann, li resevwa l’ avèk kè kontan. Lè tout moun wè sa, yo t’ap kritike, yo t’ap di: se kay yon pechè l’al manje.
Zache menm kanpe, li di Granmèt la: «Men mwatye byen m’ yo, Granmèt, mwen bay pòv yo; epi si m’ te vòlè yon moun, mwen renmèt li kat fwa plis».
Jezi menm di l’: «Jodi a sove a rive pou kay sa a, paske li menm tou se yon pitit Abraam. Sèke Pitit moun nan vini pou l’ chèche, pou l’ sove sa k’ te peri a».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè yon moun rankontre ak Jezi tout bon vre, lavi li chanje. Se mesaj sa nou jwenn nan levanjil jodi a. Zache fè rankont ak Granmèt la. Lavi li chanje. Li remèt mwatye byen l’ yo bay pòv. Nan dezi li te gen pou rankontre ak Jezi, wotè li te yon difikilte pou li, men li te jwenn yon mwayen: li monte sou yon pye figye pou li kapab wè Granmèt la. Men se Granmèt ki pral envite li, lè li di li: «Zache, desann; jodi a se lakay ou map fè ladesant». Menm ak Zache, nou kout anpil; sa vle di, nou pa ka rive nan wotè Granmèt la. Peche fè nou rachitik devan Bondye.
Men tou, se sou pye figye kote nou monte kanpe a Granmèt la wè nou, l’ap rele nou, l’ap fè nou siy, l’ap pale ak nou. Li vle vin manje ak nou. Li vle chita sou menm tab ak nou. Li vle zanmi nou. Men fòk kè nou tankou kè Zache, sa vle di, fòk nou vle rankontre ak li tout bon. Se pa nou menm k’ap chache Granmèt la; okontrè se li menm k’ap chache nou, se li k’ap frape pòt kè nou.
Nan Liv Apokalips Sen Jan, Jezi di nou: «Men mwen kanpe nan pòt la, map frape: si yon moun tande vwa m’, li louvri pòt la banm mwen, m’ap antre kote l’, m’ap soupe ak li, li menm ak mwen.»
Chak moun kapab fè yon eksperyans pèsonèl ak Bondye: Zache te fè eksperyans pa li; konsa tou, Pyè ak Pòl, 2 gwo poto mitan nan Legliz la, yo te fè eksperyans pa yo.
Yo chak te rankontre ak Jezi yon fason ki diferan. Men sa ki enpòtan, sèke rankont sa a te transfòme yo, li te chanje lavi yo yon fason radikal.
Kòm konsekans, Zache bay mwatye nan richès li pou pòv yo (li repare peche li). Pyè sispans peche pwason pou li al peche moun. Pòl ki te konn pèsekitè kretyen yo, li vin tounen apot nasyon yo.
E ou menm frè m’, e ou menm sè m’ ki te batize, kominye, konfime? Èske ou deja rankontre ak Jezi? Ki chanjman rankont sa a pote nan lavi ou? Si lavi ou pa chanje, ou mèt sèten ou pa ko rankontre ak Jezi tout bon vre.
LAPRIYÈ: Jezi, jodi a mwen vle rankontre ak ou, paske mwen vle lavi mwen chanje. Tanpri, pa pase lwen mwen.

PWOPOZISYON:Ki jès oubyen aksyon m’ap fè jodi a, pou mwen montre mwen te rankontre ak Jezi?

No hay comentarios:

Publicar un comentario