Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«Li sen, Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa a, li menm ki te la, ki la
epi k’ap vini an».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 4, 1-11
Mwen menm,
Jan, mwen wè: men yon pòt ki louvri nan syèl la, epi premye vwa a mwen te tande
a, li te tankou vwa foul k’ap pale avèk mwen an, k’ap di: «Monte isit la, m’ap
montre ou sa k’ap rive aprè bagay sa yo». Menm lè a mwen antre nan espri a: men
yon twòn yo enstale nan syèl la, sou twòn nan gen yon pèsonaj ki chita.
Sa k’ te chita a, li te tankou aparans wòch bijou yo
rele jasp la ak sad la, te gen akansyèl alantou twòn nan tankou aparans bijou
yo rele smaragd la. Alantou twòn nan te gen vennkat ti fotèy, sou fotèy yo te
gen vennkat ansyen ki te chita, yo te abiye ak rad blan, sou tèt yo te gen
kouwòn lò; nan twòn nan te gen zeklè ki t’ap sòti ak vwa ak bwi; sèt lanp te
limen devan twòn nan, se sèt espri Bondye yo.
Devan twòn nan, se te tankou yon lanmè an vit tankou
kristal; nan mitan twòn nan ak alantou twòn nan te gen kat vivan plen je devan
ak dèyè. Premye vivan an sanble ak yon lyon, dezyèm vivan an sanblé ak yon bèf,
twazyèm vivan an te gen fas tankou fas moun, katriyèm vivan an te sanble ak yon
ègl k’ap vole.
Kat vivan yo, yo chak te gen sis zèl, alantou ak anndan
yo te plen ak je, yo pa t’ gen repo lajounen kon lannuit, yo t’ap di: «Li sen,
li sen, li sen, Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa, ki te la epi ki la epi k’ap
vini an». Pandan vivan sa yo t’ap bay glwa ak konsiderasyon ak konpliman pou sa
a ki chita sou twòn nan, k’ap viv pou tout tan gen tan an, vennkat ansyen yo
t’ap bese devan sa a ki chita sou twòn nan, yo t’ap adore sa a k’ap viv pou
tout tan gen tan an, yo t’ap voye kouwòn yo devan twòn nan, yo t’ap di: «Ou
merite sa, Granmèt Bondye nou, pou ou resevwa glwa ak konsiderasyon ak otorite;
paske ou te kreye tout bagay, epi se akòz volonte ou yo te fèt, yo te kreye».
Pawòl
Granmèt la.
SÒM REPONS 150, 1-2. 3-4. 5-6 (r.: Ap 4, 8b)
R/Ou sen, ou sen, ou sen, Granmèt Bondye ki gen tout pouvwa.
Fè lwanj
Granmèt la nan tanp li a, fè lwanj li nan syèl pouvwa li. Fè lwanj li nan gran
mèvèy li yo, fè lwanj li daprè kantite grandè l’.R.
Fè lwanj li
nan son twonpèt, fè lwanj li sou bandyo ak gita, fè lwanj li sou tanbou ak dans, fè lwanj li
sou enstriman a kòd avèk flit.R.
Fè lwanj li
ak senbal k’ap sonnen byen, fè lwanj li ak senbal fèt.Tout sa k’ap respire, se
pou l’ fè lwanj Granmèt la.R.
LEVANJIL
«Poukisa ou
pa t’ mete lajan m’ nan labank?»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 11-28
Lè sa a:
Jezi di yon
parabòl, poutèt li te tou pre Jerizalèm, epi paske yo te konprann se tout-suit
peyi wa Bondye a t’a pral parèt.
Konsa li di: «Te gen yon mesye ki te nan gran ras, li
te pati nan yon peyi ki lwen pou l’ resevwa peyi wa a, epi pou l’ tounen.
Li rele dis sèvitè l’ yo, li bay yo dis pyès lajan, li
di yo: «Fè yo rapòte, joustan mwen vini».
Sitwayen l’ yo te rayi l’; yo voye yon delegasyon apre
l’, yo di: «Nou pa vle pou sa a vin wa sou nou».
Lè l’ tounen, apre li fin jwenn peyi wa a, li pase lòd
pou yo rele sèvitè yo, sa l’ te bay lajan an, pou l’ konnen konbyen chak moun
te rapòte.
Premye a rive, li di: «Mèt, pyès lajan ou nan rapòte
dis pyès lajan». Li di l’: «Se byen, bon sèvitè: paske ou te fidèl nan ti
bagay, w’ap jwenn pouvwa sou dis vil.
Yon lòt rive, li di: «Mèt, pyès lajan ou nan te fè senk
pyès lajan». Li di sa a: «Ou menm tou w’ap
kòmande sou senk vil».
Yon lòt rive,
li di: «Mèt, men pyès lajan ou nan, mwen te depoze l’ nan yon mouchwa; mwen te
pè ou, paske ou se yon moun ki rèd: ou pran sa ou pa mete, ou ranmase sa ou pa
simen».
Li di l’: «Se
ak bouch ou ou jije pwòp tèt ou, sèvitè ki pa vo anyen; ou te konnen mwen se
yon moun ki rèd, mwen pran sa m’ pa mete, epi mwen ranmase sa m’ pa simen,
ebyen pouki sa ou pa t’ met lajan m’ nan labank, pou lè m’ rive mwen ta reprann
li avèk enterè?»
Li di moun yo
ki te kanpe la a: «Wete pyès lajan an sot nan men l’, epi bay moun ki gen dis
pyès lajan yo».
Yo di l’: «Mèt, li gen dis pyès lajan!»
«Mwen di nou,
tout moun ki genyen, y’ap ba li, l’ap gen an plis; men sa k’ pa genyen an, menm
sa l’ genyen y’ap wete l’ sot nan men l’. Kanta pou ènmi m’ sa yo, ki pa t’ vle
pou m’ kòmande sou yo kòm wa a, mennen yo isit la, touye yo devan m’». Kon l’
fin di sa, li pran devan, l’ap monte Jerizalèm.
An nou
fè lwanj ak konpliman pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a Levanjil la pwopoze nou
parabòl pyès lò a: yon kantite lajan ke nèg rich la separe bay sèvitè li yo,
avan li pati ale nan vwayaj. Dabò, an nou prete atansyon ak sa ki pwovoke
parabòl Jezi a. Li «prè» Jerizalèm, kote li t’a pral soufri, mouri epi
resisite. Disip li yo te «panse yo te wè wayòm Bondye a manifeste nan
menm moman an menm» (Lk 19,11). Ebyen se nan sikonstans sa yo ke Jezi pwopoze
parabòl sa. Atravè parabòl sa a, Jezi vle montre nou kijan li enpòtan pou nou
fè kado nou resevwa nan men Bondye yo rapòte plis, nou dwe fè yo donnen. Se pa
kado pa nou yo ye, se poutèt sa nou pa kapab fè sa nou vle ak yo. Granmèt la
kite yo nan men nou pou nou ka fè yo donnen. Sila yo ki te fè pyès lò yo a
rapòte plis la, yo te resevwa konpliman nan men Granmèt yo.
Pa gen dout nan sa, kretyen an dwe tann vini Granmèt
la, Jezi. Men ak de kondisyon, s’il vle fè yon rankont enteresan:
Premyèman, li dwe renonse ak move kiryozite k’ap pouse
li chache konnen kilè Granmèt la ap tounen nan bèlte li ak puisans li. Nan yon lòt pasaj
Levanjil, yo di nou l’ap vini lè nou pa panse. Kidonk li pa vo lapenn pou n’ap
kalkile kilè Granmèt la ap retounen. An nou tann avèk espwa, san nou pa chache
konnen ki jou ni ki lè Granmèt la ap vini.
Dezyèm kondisyon an, sèke kretyen an pa dwe pèdi tan.
Nou pa dwe chache eskiz nan fason n’ap tann kè kontan final k’ap vini an, pou
nou pa pran oserye moman n’ap viv la. Sa vle di, plis nou kontribye nan
konstwiksyon wayòm Bondye a nan tan sa a, se plis nou kapab jwenn kè kontan nan
rankont final la.
Lè Jezi fè sila yo ki t’ap fè rebèl
kont li remak sa, li pa ekzajere: «Kanta pou
ènmi m’ sa yo, ki pa t’ vle pou m’ kòmande sou yo kòm wa a, mennen yo isit la,
touye yo devan m’».
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri gen pitye pou mwen, pou tout fwa mwen te
gaspiye kado ou te depoze nan mwen pou sèvis lòt yo.
PWOPOZISYON: Dekouvri ki don oubyen kado Bondye depoze nan
mwen epi mete li nan sèvis fanmi mwen, nan sèvis kominote m’ap viv la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario