Koulè Blan.
ELIZABÈT DE ONGRI KI SEN, Relijyèz
(Memwa)
PREMYE LEKTI
«Yo touye Mouton an, li delivre nou nan san l’ sot nan tout nasyon».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 5, 1-10
Mwen menm,
Jan, mwen wè adwat sa a ki chita sou twòn nan yon liv ki ekri anndan ak deyò,
ki sele sèt kote.
Mwen wè yon
anj ki gen fòs k’ap deklare ak yon gran vwa: «Kilès ki merite louvri liv la,
pou l’ wete sele l’ yo?» Men pèsonn pa t’ kapab louvri liv la pou yo li l’, ni
nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a. Mwen menm mwen t’ap kriye anpil, paske
yo pa t’ jwenn pèsonn ki merite louvri liv la ni li l’.
Youn nan
ansyen yo di m’: «Pa kriye: men lyon an ki sot nan ras Jida, rasin David la, li
ranpòte viktwa, pou l’ louvri liv la, pou l’ wete sèt sele l’ yo».
Mwen wè, epi
nan mitan twòn nan ak kat vivan yo ak nan mitan ansyen yo, men yon Mouton te
kanpe tankou si yo te touye l’, li te gen sèt kòn ak sèt je, se sèt lespri
Bondye yo sakrifye l’, yo voye sou tout tè a. Li rive, li pran liv la nan men
dwat sa a ki te chita sou twòn nan. Kon l’ louvri liv la, kat vivan yo ak
vennkat ansyen yo tonbe devan Mouton an, yo chak te gen gita ak veso an lò ki
plen losyon, se priyè Sen yo. Yo t’ap chante yon kantik nouvo, yo t’ap di: «Ou
merite sa vre, Granmèt, pou ou resevwa liv la, pou ou wete sele l’ yo, paske yo
te touye ou, epi ou delivre nou pou Bondye nan san ou sot nan tout ras, lang,
pèp ak nasyon, epi ou fè nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye nou, n’ap
kòmande kòm wa sou tè a».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
149, 1-2. 3-4. 5-6a e 9b (r.: Ap 5, 10)
R/ Ou fè nou vin tounen peyi wa ak prèt pou Bondye nou.
Chante pou Granmèt la yon kantik nouvo; lwanj li nan
asanble sen yo. Se pou Izrayèl kontan nan sila a ki fè l’ la, se pou pitit
Siyon yo danse pou wa yo.R.
Se pou yo fè lwanj pou non l’ avèk dans, sou tanbou ak
gita se pou yo chante pou li. Paske Granmèt la jwenn plezi nan pèp li a, l’a fè
pòv yo jwenn konsiderasyon nan delivrans la.
R.
Se pou sen yo fete nan bèlte a, se pou yo kontan sou
kabann yo. Lwanj Bondye yo nan bouch yo:
glwa sa a pou tout sen l’ yo.R.
LEVANJIL
«Si ou te
rekonèt sa k’ap ba ou lapè a».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 19, 41-44
Pandan Jezi
ap pwoche Jerizalèm, li wè vil la, li kriye sou li, li di: «Si ou te konnen ou
menm tou, epi jodi a menm, sa k’ap ba ou lapè! Men koulye a li kache pou je ou.
Sèke gen jou
k’ap rive sou ou, ènmi ou yo ap antoure ou ak kannal yo fouye, y’ap sènen ou,
y’ap fèmen ou tout kote, y’ap jete ou atè ni ou menm ni pitit ou yo ki anndan
ou yo, yo p’ap kite wòch sou wòch nan ou; paske ou pa t’ rekonèt moman ou te
resevwa vizit la».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, Levanjil la prezante nou imaj
Jezi nan tristès (Lik 19, 41), paske sila a ke li te vini pou yo a (pèp chwazi
a) pa t’ rekonèt prezans li kòm Sovè a. Konesans nou genyen sou aktyalite a
pèmèt nou aplike lamantasyon sa a ak vil ki sen an e ki se yon sous divizyon
an.
Men pi lwen, nou kapab idantifye
Jerizalèm avèk pèp Bondye chwazi a: Se Legliz la, se mond la kote li dwe
akonpli misyon li. Alò, nou kapab dekouvri yon sosyete ki avanse anpil nan
domèn lasyans ak teknoloji, men se yon sosyete k’ap jemi epi k’ap kriye, paske
li fèmen nan yon sèk egoyis, kote chak
koukouy klere pou je li; yon sosyete ki antoure ak vyolans ak dezòd moral,
paske li pase anba pye ti moun li yo, li trennen yo nan chenn yon endividyalism
ki fè yo pèdi valè yo kòm moun. Sa n’ap dekouvri, se yon pèp ki pa t’ kapab
rekonèt Bondye ki te vizite li. (Lik 19,44).
Nou
menm, kretyen, nou pa kapab rete nan lamantasyon sa. Nou pa kapab tounen pwofèt malè, men
nou dwe moun ki pote lespwa ak lesperans pou lòt yo. Nou konnen kijan istwa ap
fini, nou konnen kijan Kris la kraze miray yo, li kase chenn yo: dlo ki koule
nan zye li nan Levanjil sa a montre kijan san li ta pral koule pou sove nou.
An
reyalite, Jezi prezan nan Legliz li a, espesyalman atravè sila yo ki plis nan
bezwen. Nou dwe remake prezans sa a pou nou konprann lanmou ak tandrès Kris la
gen pou nou: Sen Anbwaz di nou «renmen Kris la tèlman gran, li fè li tou
piti pou nou menm nou kapab vin gran; li kite yo vlope li ak ti bout twal tankou
yon ti bebe, pou li te ka libere nou anba kòd peche a; li kite yo klouwe li sou
lakwa a pou nou te ka konte pami zetwal yo nan syèl la»… Alò, se pou
nou di Bondye mèsi e dekouvri prezans li pami nou, li menm ki vizite nou epi ki
delivre nou.
LAPRIYÈ: Mèsi Jezi pou jan ou renmen mwen,
mèsi paske ou sove mwen. Aprann mwen renmen san
mezi, san kondisyon menm jan avèk ou. Amèn.
PWOPOZISYON: Dekouvri epi admire prezans Bondye nan sila yo ki pi fèb nan sosyete a.
No hay comentarios:
Publicar un comentario