Koulè Blan
TRANNKATRIYÈM
DIMANCH TAN ÒDINÈ ANE-C
GRANMÈT NOU JEZIKRI, WA TOUT TÈ A
(Gran
fèt)
PREMYE MOSO
LABIB
“Yo sakre
David kòm wa sou Izrayèl”.
NAN DEZYÈM LIV SAMYÈL 5, 1-3
Jou sa yo:
Tout ras Izrayèl yo rive kot David nan vil Ebwon, yo
di: “Men nou se zo ou ak chè ou. Depi ni yè ni avantyè, lè Sayil te wa sou nou
an, se ou menm ki t’ap kondui Izrayèl antre-sòti; Granmèt la di ou: “Se ou menm
k’ap kondui pèp mwen Izrayèl, se ou menm k’ap chèf sou Izrayèl”.
Ansyen Izrayèl yo vin kot wa a tou Ebwon, David pase
yon kontra avèk yo Ebwon devan Granmèt la, yo sakre David kòm wa sou Izrayèl.
Pawòl Granmèt la.
R/Mèsi Bondye, mèsi.
SÒM REPONS
121, 1-2. 4-5
R/ Ak kè kontan n’a prale nan kay Granmèt la.
Mwen kontan poutèt yo di m’: “Nan kay Granmèt la n’a
prale”.
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Sèke se la ras yo ap monte, ras Granmèt la, temwayaj
Izrayèl, pou fè lwanj non Granmèt la. Sèke se la twòn yo enstale pou jijman an,
twòn kay David la.R.
DEZYÈM MOSO
LABIB
“Li fè nou
travèse nan peyi wa Pitit li renmen an”
NAN LÈT APOT PÒL POU KOLOSYEN YO 1, 12-20
Frè m’ yo:
Mwen di Bondye Papa a mèsi, li menm ki fè nou merite
jwenn pòsyon nan eritaj sen yo nan limyè a, li menm ki delivre nou sot nan
pouvwa fènwa yo, li fè nou travèse nan peyi wa Pitit li a li renmen an; se nan
Pitit sa a nou gen redanmsyon pa pouvwa san l’, padon pou peche yo.
Li se pòtre Bondye yo pa kapab wè a, premye pitit ki te
la anvan tout sa Bondye te kreye; paske se nan li tout bagay kreye nan syèl la
ak sou tè a, sa yo kapab wè ak sa yo pa kapab wè, swa twòn, swa otorite, swa
chèf, swa pouvwa: tout bagay se pou li menm, se nan li menm yo kreye, li menm
li anvan yo tout, epi tout bagay se nan li menm yo kanpe nan ekzistans la.
Li menm li se tèt kò Legliz la, li se premye kòmansman
an, premye pitit nan pami mò yo, pou l’ kapab kenbe premye plas nan tout bagay;
paske se nan li Bondye te deside pou tout bagay nèt abite, pou l’ rekonsilye
tout bagay nan li, antan l’ fè lapè gras a san kwa l’ la, avèk ni sa k’ sou tè
a, ni sa k’ nan syèl la.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
“Granmèt,
sonje m’, lè w’ap vini nan peyi wa w’ la”
MEN BÒN
NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ LIK KI SEN 23, 35- 43
Lè sa a:
Chèf yo
ansanm ak pèp la t’ap pase Jezi nan jwèt, yo t’ap di: “Li sove dòt, se pou l’
sove pwòp tèt li, si l’ se Kris Bondye a, sa k’ chwazi a”.
Sòlda yo tou t’ap pase l’ nan jwèt, yo pwoche, yo ofri
l’ vinèg, yo di: “Si ou se wa Juif yo, sove pwòp tèt ou”. Te gen yon pannkat ki
te ekri anlè l’ ak mo grèk, laten ak ebre: “Sa a se wa Juif yo”.
Youn nan asasen yo ki te pandye bò kote l’ la, li t’ap
derespekte l’, li t’ap di: “Si ou se Kris la, sove pwòp tèt ou avèk nou”.
Lòt la menm reponn, li fè l’ repwòch, li di l’: “Ou menm
tou, ou pa krenn Bondye, ou menm ki nan menm kondanasyon an?
Nou menm, se kòrèk paske nou resevwa daprè sa nou te fè
a; men li menm li pa fè anyen ki mal”.
Li t’ap di Jezi: “Granmèt, sonje m’, lè w’ap vini nan
peyi wa w’ la”.
Jezi di l’: “Amèn, mwen di ou, jodi a menm w’ap avèk
mwen nan Paradi a”.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a se gran fèt, fèt Granmèt nou Jezikri
ki Wa, k’ap kòman tout linivè a. Fèt sa a mete fen nan Ane litijik “C” a.
Legliz la envite n’ fè lwanj ak konpliman pou Jezi ki Wa nan kè nou, ki Wa sou
tout sa ki kreye. Sa fè n’ sonje misyon nou resevwa kòm kretyen pou travay nan
konstwiksyon wayòm Bondye, wayòm jistis, kè kontan, kè poze, kè sansib, renmen ak
padon.
Nan premye lekti a nou
wè tout ras Izrayèl la vin kote David pou yo mete l’ wa. Sa ki gen pou l’
gouvène pèp la, pou defann li kont tout nasyon etranje ki vle oprime pèp la
oubyen mete li nan esklavaj; yon wa ki dwe gouvène pèp la nan sa ki dwat ak nan
laverite. Pèp la fè wa David konnen se Bondye ki chwazi l’ pou l’ gouvènen.
David vin fè Jerizalèm tounen Sant pouvwa li a aprè l’ fin pote laviktwa sou
moun Kanaan yo ki te okipe tèritwa Jerizalèm nan. David vini tounen wa ki fè
moun nan Nò yo ak moun nan Sid yo vin fè yon sèl pèp. Fèt Kris wa a, envite n’
reflechi sou Jezikri, Pitit David la ki se wa tout tè a ki vin anonse yon nouvo
gouvènman nan mitan lèzòm. Li menm ki vini nan mitan pèp la pou l’ sèvi moun,
libere moun anba tout kalite pwoblèm ki t’ap trakase yo nan kò yo (maladi), nan
lespri yo ak nan nanm yo (move lespri ak rayisans).
Jezi ki sòti nan menm ras David la, montre anpil volonte pou l’ fè sa
Bondye mande l’. Menm jan David te yon wa daprè kè Bondye, Jezi te deklare:
“manje m’, se fè volonte Papa m’”.
Jezi kòm wa, chwazi kòm twòn li yon kwa, kòm kouwòn li yon lyann pikan
ki trese, kòm zam batay li renmen ak kè sansib li. Menm jan pèp la te di wa
David: “ Nou se zo w’ ak chè w”, nouvo pèp sa a Jezi t’ap sèvi a, sa yo ki kwè
nan li a ki resevwa batèm nan pou padon peche yo, yo menm ki kominye nan kò l’
ak nan san’ l pou yo ka vin tounen, jan Sen Ogisten te di a: “Kò ak San JeziKri
n’ap resevwa a”. Sa fè n’ sonje tou sa Sen Pòl te di a: “Nou chak ki batize nou
se manm kò Kris la”.
Legliz la, nouvo pèp Bondye a
kapab di menm jan ak pèp Izrayèl la: “Nou se chè w’ ak zo w’, nou se pye w’ ak
bouch ou pou n’ mache anonse Bòn Nouvèl wayòm nan”. Fèt Kris wa a fè n’ sonje kòman lavi nou
makonnen ak lavi Jezikri nan Sèvis lòt yo, nan Travay pou lapè ak lajistis gaye
sou tout fas tè a, nan pote Bòn Nouvèl kè sansib Jezikri a, nan temwanyaj
laverite a, nan pwoklame mèvèy soufrans, lanmò ak leve byen vivan Kris la, mèvèy
lakominyon nan Sila a ki vin rasanble limanite nan yon sèl pèp k’ap obeyi yon sèl
Granmèt, sila a ki monte nan syèl la e k’ap kòmande pout tout tan gen tan bò
kote Papa a, nan kominyon avèk tout sen yo ak tout zanj yo ki soumèt devan li
nan bèlte l’ ak nan otorite li genyen anlè tout bagay, jan n’ te li sa nan
dezyèm lekti a.
Fèt n’ap fete jodi a fè nou sonje chemen Jezi te pase pou l’ te pote
Bòn Nouvèl peyi kote Bondye Wa a, kote li menm l’ap kòmande ansanm ak Papa a
ansanm ak Lespri Sen an, kote li envite nou tout ki kwè yo antre nan bèlte sa.
Kidonk nou dwe travay pou sa, nan fè aksyon konkrè ki reflete deja prezans
wayòm Bondye a.
LAPRIYÈ: Bondye
ki gen tout pouvwa, ki ekziste tout tan, ou menm ki vle refè tout bagay nan
Pitit ou a, ou renmen an, li menm ki wa tout bagay, tanpri, fè nou favè avèk
bon kè ou, pou tout sa ou te kreye yo jwenn delivrans anba esklavaj la, pou yo
sèvi grande ou, pou yo fè lwanj ou san rete. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap montre
Jezi se Wa nan lavi mwen nan fason mwen trete frè ak sè mwen yo.
No hay comentarios:
Publicar un comentario