Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«De pwofèt sa yo fè moun yo ki abite sou tè a pase mizè».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 11, 4-12
Vwa a di m’,
mwen menm, Jan: «Men de temwen m’ yo; se de pye oliv ak de chandelye ki kanpe
devan Granmèt tè a. Si yon moun vle nui yo, dife ap sòti nan bouch yo, l’ap
devore ènmi yo; epi si yon moun vle fè yo ditò, se konsa li gen pou l’ mouri.
Yo gen pouvwa pou fèmen syèl la, pou lapli pa tonbe pandan tan y’ap fè
deklarasyon pwofèt la; yo gen pouvwa sou dlo yo pou fè yo vin tounen san, pou
yo frape tè a ak move maladi, chak fwa yo vle.
Lè y’ap fin
fè deklarasyon pwofèt yo, bèt la k’ap monte sot nan bafon anba a, l’ap fè lagè
kont yo, l’ap ranpòte viktwa sou yo, l’ap touye yo. Kò yo ap ret sou plas gran
vil la, sa a yo rele an parabòl Sodòm ak Ejip la, kote yo te kloure Granmèt yo
a sou kwa a. Ras, pèp, lang ak nasyon ap wè kò yo pandan twa jou edmi yo p’ap kite
yo depoze kò yo nan kavo. Moun yo ki abite sou tè a ap kontan sou yo, y’ap fete,
youn ap voye kado bay lòt; paske de pwofèt sa yo te fè moun ki abite sou tè a
pase mati.
Aprè twa jou edmi, espri lavi a sot nan Bondye, li
antre nan yo. Yo kanpe sou pye yo; gran sezisman tonbe sou moun ki wè yo.
Yo tande gran vwa a sot nan syèl la, k’ap di yo: «Monte
isit la». Yo monte nan syèl la nan nyaj la; ènmi yo wè yo.
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 143, 1. 2. 9-10 (r.: la)
R/ Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an.
Konpliman pou Granmèt la, defans mwen an, li menm ki
antrene men m’ pou batay, ak dwèt mwen pou yo fè lagè.R.
Mizerikòd mwen ak fòs mwen, kachèt mwen ak sovè mwen;
Pwoteksyon m’, nan li mwen espere, li menm ki pliye pèp
mwen an anba m’.R.
Bondye, se yon kantik nouvo m’ap chante pou ou, nan
enstriman dis kòd la m’ap jwe pou ou, ou menm ki bay wa yo delivrans, ki
delivre David sèvitè ou anba epe mechan an.R.
LEVANJIL
«Bondye pa Bondye moun mouri, men Bondye moun ki vivan».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 20, 27-40
Lè sa a:
Kèk nan
sadiseyen yo pwoche, yo menm ki refize kwè rezireksyon, yo poze Jezi kesyon, yo
di: «Mèt, Moyiz te ekri pou nou: «Si frè yon moun vin mouri, antan li te gen
yon madanm li pa t’ gen pitit, se pou frè l’ la marye ak madanm li, pou l’ leve
yon desandans pou frè li a». Konsa te gen sèt frè, premye a marye, li mouri san
pitit; sa k’ suiv la pran l’, li menm tou li mouri san pitit; twazyèm nan pran
l’, epi konsa tou pou tou le sèt: yo pa kite desandans, epi yo mouri.
Aprè yo tout,
madanm nan mouri tou. Konsa, nan rezireksyon an, pou kilès nan yo madanm nan ap
ye? paske yo tou le sèt te genyen l’ kòm madanm».
Jezi di yo:
«Pitit syèk sa a, gason ak fi, y’ap marye; men sa yo ki merite lòt syèk la ak
rezireksyon sot nan pami mò yo, yo pa marye, ni gason ni fi; sèke yo pa kapab
mouri ankò: yo tankou anj yo epi yo se pitit Bondye, paske yo se pitit
rezireksyon.
Kanta kesyon
mò yo ki gen pou resisite a, Moyiz te montre sa bò raje ki t’ap boule a, jan l’
di: «Granmèt Bondye Abraam ak Bondye Izaak ak Bondye Jakòb». Bondye pa Bondye
moun mouri yo, men Bondye moun vivan yo; sèke tout moun viv pou li».
Kèk nan skrib yo reponn, yo di l’: «Mèt, ou pale byen».
Yo pa t’ oze poze l’ okenn kesyon ankò.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Pawòl Bondye jodi a ap
fè nou konnen ke moun mouri gen pou leve; moun ki desann nan fòs yo gen pou
kontanple vizaj Bondye, men fwa sa a se ap pou toutan.
Anpil fwa nou menm tou nou konn poze
tèt nou kesyon ki manifeste enkyetid nou genyen fas ak lanmò ? Nou jwenn yon repons nan levanjil jodi a.
Nou wè Jezi, devan direktè lalwa yo, li te gen repons menm sou moun mouri
yo, sa vle di, nou pa bezwen ap kraze tèt nou mande Bondye yon pakèt bagay.
Jezi te fèmen bouch mesye lalwa yo devan kesyon yo pandan l’ t’ap di yo ke
Bondye vivan, kidonk se Bondye moun vivan li ye.
Petèt pafwa nou vire do bay Bondye, men sa ki sèten Bondye li menm pa janm
abandone nou, paske li fidèl. Chak fwa nou fè peche, chak fwa nou dezobeyi
Bondye, nou pa viv nan renmen, se kanpe nou kanpe sou kontanplasyon vizaj li,
bonte li, lanmou li pou nou.
Bondye Papa a ba nou chans pou nou leve pami mò yo, sa vle di yon chans pou
nou renonse ak peche a, pou nou viv pou Granmèt la.
An nou pwofite opòtinite Bondye ba nou jodi a pou nou pa sèlman ap chèche
fè pwòp tèt nou plezi, men pou nou fè Bondye plezi antan nou mete nou nan sèvis
Levanjil la ak sila yo ki pi fèb, lè nou tounen vwa sila yo ki pa gen vwa, lè nou
defann sila a yo ki san defans.
LAPRIYÈ : Bondye Granmèt, ba nou limyè lespri ou la pou klere nou sòti nan bafon
peche nou yo ki mennen nou nan lanmò a, pou nou kapab kontanple bonte ou ak
renmen ou pou nou. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON : Avèk kouraj, denonse yon
abi ou konnen yo fè yon moun ki san defans.
No hay comentarios:
Publicar un comentario