Koulè Vèt.
PREMYE LEKTI
«P’ap gen nannuit ankò, paske Granmèt la ap klere yo».
LEKTI LIV APOKALIPS APOT JAN KI SEN 22, 1-7
Mwen menm
Jan, Anj Granmèt la montre m’ yon rivyè dlo lavi, li klere tankou kristal; l’ap
sòti nan twòn Bondye a ak Mouton an. Nan mitan plas vil la, chak bò rivyè a,
gen pye bwa lavi a k’ap donnen fwi douz fwa, chak mwa l’ap bay fwi li, fèy pye
bwa a sèvi remèd pou nasyon yo. P’ap gen okenn madichon ankò; men twòn Bondye a
ak twòn Mouton an ap nan vil la, epi sèvitè l’ yo ap sèvi l’. Y’ap wè fas li,
ak non l’ nan fwon yo. P’ap gen nannuit ankò, yo p’ap bezwen limyè lanp, ni
limyè solèy, paske Granmèt Bondye ap klere yo, y’ap kòmande kòm wa pou tout tan
gen tan.
Li di m’:
«Pawòl sa yo fidèl anpil, yo vre, se Granmèt Bondye ki konn bay espri pwofèt
yo, se li menm ki voye Anj li a pou l’ montre sèvitè l’ yo sa ki gen pou l’
rive tout-suit. Men m’ap vini byen vit. Ala kontantman pou moun ki kenbe pawòl
pwofèt ki nan liv sa a».
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS
94, 1-2. 3-5. 6-7 (r.: 1 Kor 16, 22b e Ap 22, 20b)
R/ Maranata! Vini, Granmèt Jezi!
Vini, an nou
fete pou Granmèt la; an nou fè fèt pou Bondye sovè nou an. An nou pwoche devan
fas li avèk lwanj, avèk kantik, an nou fè fèt pou li.R
Sèke se
Bondye ki gran Granmèt la ye, yon wa ki gran anlè tout dye yo.Paske nan men l’
bafon tè a ye, wotè mòn yo se pou li. Sèke se pou li lanmè a ye, se li menm
ki fè l’, tè sèk la, se men l’ ki fòme l’.R.
Vini, an nou adore l’, an nou bese atè, an nou ajenou
devan Granmèt la ki fè nou an, paske se li menm ki Bondye nou, nou se pèp pak
li ak mouton men l’.R.
LEVANJIL
«Veye, pou
nou merite chape anba bagay sa yo k’ap vini yo».
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 21, 34-36
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Fè atansyon, pou kè nou pa vin lou ni nan bwason k’ap
monte nan tèt nou, k’ap fè nou vin sou, ni nan tèt chaje pou lavi sa a, pou jou
sa a pa tonbe sou nou sanzatann; reyèlman vre, l’ap rive sou tout moun ki chita
sou fas tout tè a. Konsa, se pou nou veye, se pou nou priye tout tan, pou nou
merite chape anba tout bagay sa yo k’ap vini yo, pou nou kanpe devan Pitit moun
nan».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi
a, nan dènye jou tan òdinè a, Jezi ba nou yon avètisman konsènan rezilta pasaj
nou sou tè a kapab pote. Si nou pèdi tèt nou nan ti aktivite chak jou nou yo,
ebyen finalman dènye jou a ap rive sou nou san nou pa rann nou kont, lè Granmèt
la li menm ap vin chache nou pou mennen nou nan entimite lanmou li an ki san
limit la. Sa ap sanble ak sa ki rive yon ti moun ki manke konprann: li tèlman
okipe epi distrè ak ti jwèt li, sa fè li bliye kijan papa ak manman li renmen
li epi li bliye pase yon ti moman ak zanmi li yo. Men, kou li pran konsyans de
sa, dlo koule nan zye li paske li rann li kont se pou kont li li te ye.
Men ki konsèy Jezi ba nou: «Se pou nou
veye, se pou nou priye tout tan» (Lik 21, 36). Veye, priye. Se menm avètisman
sa a li te bay disip li yo nan nuit kote yo te trayi li a. Lapriyè a se yon
eleman pwofetik ki gen anpil valè ke anpil fwa yo bliye mansyone nan
predikasyon an: Sa vle di, se pa kontante nou pou nou «wè», men se pou nou
«gade» reyalite a nan pwofondè.
Tankou Evagriyo Pontiko di sa: «Vizyon se sans ki pi
bon an, e lapriyè se kalite ki fè nou pi pre Bondye». Moun ki
espesyalis nan zafè espirityalite, yo rele sa «vizyon sinatirèl», sa vle di,
gade avèk zye pa Bondye. Oubyen tou, se menm bagay lè yo di, konnen verite a:
sou Bondye, sou linivè ak sou moun. Pwofèt yo pa t’ sèlman moun ki t’ap anonse
sa ki te gen pou rive, men tou se te moun ki te konn byen entèprete tan prezan
an selon valè li. Nan sans sa a, avèk konkou lagras Bondye, yo te bay listwa
yon lòt direksyon.
Fason mond n’ap viv
jounen jodi a ye a ba nou anpil lapenn. Pafwa nou mande ki kote nou prale? Jodi
a, ki se dènye jou nan tan òdinè a, se yon jou pou nou pran bon jan dezizyon.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè nou kole sou ou antan n’ap privye, veye.
Konsa, lè ou tounen vin chache nou, n’a deja pare pou travèsè avèk ou nan bèl
fèt ou prepare pou nou an.
PWOPOZISYON: M’ap chanje fason mwen gade antouraj mwen pou mwen kapab konprann e sèvi
pwochen mwen pi byen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario