Koulè Vyolèt
PREMYE DIMANCH TAN LAVAN ANE-A
PREMYE LEKTI
«Granmèt la ap rasanble tout nasyon yo nan lapè tout tan
rèy Bondye a »
NAN LIV PWOFÈT IZAYI 2, 1-5
Pawòl Izayi, pitit Amòs la te wè, osijè Jida ak Jerizalèm:
Nan dènye jou yo, mòn kay Granmèt la ap pare anlè tèt mòn
yo, l’ap leve anlè ti mòn yo, tout nasyon yo ap kouri vin jwenn li. Anpil pèp
ap vini, y’ap di :
«Vini, an nou monte sou mòn Granmèt la, ak nan kay Bondye
Jakòb la, l’ap aprann nou chemen l’ yo, n’ap mache nan santye l’ yo ; paske se
nan Siyon lalwa a ap sòti, pawòl Granmèt la ap vin sot Jerizalèm ».
L’ap jije nasyon yo, l’ap korije anpil pèp ; y’ap fonn epe
yo pou yo fè pikwa, ak fwenn yo pou yo fè sèpèt. Nasyon p’ap leve epe kont
nasyon ankò ; yo p’ap aprann fè lagè ankò.
Kay Jakòb, vini, an nou mache nan
limyè Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 121, l-2.3-4a
(4b-5.6-7).8-9
R/ Nan lakay Granmèt la n’a prale
ak kè kontan.
Mwen kontan, lè yo di m’: «
N’apral nan lakay Granmèt la.»
Pye nou deja kanpe nan pòt ou
yo, Jerizalèm.R.
Se la reyèlman vre ras yo ap
monte, ras Granmèt la, temwayaj Izrayèl,
pou fè lwanj pou non Granmèt la.R.
Paske se la fotèy yo ap poze pou
jijman an, fotèy kay David la.R.
Mande sa k’ap bay Jerizalèm lapè;
se pou yo gen asirans, sila yo
ki renmen w’ nan.R.
Se pou gen lapè nan miray ou yo
avèk asirans nan kay-defans ou yo.R.
Poutèt frè m’ yo ak pwochen m’
yo
m’ap di : «Lapè nan ou !»
Poutèt kay Granmèt Bondye nou an
m’ap mande byen pou ou.R.
DEZYÈM LEKTI
«Delivrans nou an toupre »
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN POU WOMEN YO 13,
11-14
Frè m’ yo :
Nou konnen tan an, sèke li deja lè
pou nou leve sot nan dòmi an ; koulye a reyèlman vre, delivrans nou an pi pre
pase lè nou te fèk gen lafwa a.
Lannuit la prèske pati, jou a menm
ap pwoche. Se pou nou kite travay fènwa yo, pou nou
abiye avèk zam limyè yo. Tankou nan lajounen, se pou nou mache kòrèk, nou pa
dwe nan manje anpil ak bwè bwason ki cho, ni nan move plezi ak libètinaj ni nan
kont avèk jalouzi, men se pou nou abiye nou avèk Granmèt la Jezikri, pa okipe
swen chè a jous pou nou fè sa l’anvi.
Pawòl Granmèt la.
LEVANJIL
«Veye pou nou kapab pare »
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI
SEN
24, 37-44
Lè sa a, Jezi di disip li yo:
«Tankou nan jou Noe yo, se konsa
Pitit moun nan ap rive. Menm jan reyèlman vre nan jou anvan delij la, yo t’ap
manje, yo t’ap marye, ni gason, ni fi, jous jou Noe antre nan batiman an, epi
yo pa t’ konnen, joustan delij la rive, li bwote tout moun. Se konsa Pitit moun
nan ap vini. Lè sa a ap gen de moun nan jaden, y’ap pran youn, y’ap kite lòt la
; de fi ap moulen nan yon moulen, y’ap pran youn, y’ap kite lòt la.
Konsa, se pou nou veye paske nou
pa konnen ki lè Granmèt nou an ap vini. Aprann sa, si mèt kay la te konnen ki
lè vòlè a t’ap vini, li t’ap veye sètènman, epi li pa t’ap kite yo kase kay li
a. Konsa nou menm tou se pou nou ret ap veye, paske nou pa konnen ki lè Pitit
moun nan ap rive».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a Tan Lavan an kòmanse. Se yon tan
esperans. N’ap tann Sovè a k’ap vin sove nou. N’ap tann yon lavi miyò. Nou gen
espwa sa va chanje. Jezi ap vin rasanble tout nasyon yo nan lapè, l’ap vini pou
nou konprann tè a se pou Bondye li ye, nou pa gen pou n’ap divize youn ak lòt. L’ap
vini pou moun yo pa pran zam youn kont lòt ankò, pou youn pa rale manchèt sou
lòt ankò, pou nou sispann kriminen frè ak sè n’ yo, pou youn pa fè konplo sou
lòt ankò. Se sa pwofèt Izayi rakonte nou nan premye lekti nou sot tande a.
Frè ak sè m’, Granmèt delivrans
nou an prèt pou rive. Pa dekouraje, n’ap
jwenn delivrans, Bondye pa lwen nou, li koute plent nou yo, li wè tray n’ap
pase, li wè mizè pèp ayisyen nan planèt sa a. Bondye nou an pa nan dòmi.
Delivrans nou an pa lwen. Se pou nou konte sou li, mare kòd lonbrik nou mare ak
Granmèt la. Se pou nou ret ap veye maten kou nan nwit pou lè Mèt nou an vini li
jwenn nou prepare ap tann li. Pare nou, netwaye kè nou, lave nou, retire tout
vye lide nan tèt nou, kite zidòl an repo, chèche Bondye. Se nan li menm tout
konfyans nou dwe ye; se li menm sèl ki konnen fon kè n’, se li menm sèl ki
kapab sove n’.
Tankou manman Mari, ki
t’ap ret tann Sovè a pou l’ te vin manman delivrans la, konsa an nou prepare
nou pou resevra Sovè nou an. Granmèt vini pou ba nou lavi, vini pou fè n’ moun,
pwoblèm fin defigire nou. N’ap tann ou.Tanpri, pa mize.
LAPRIYÈ: Granmèt vini, vini delivre nou, vini pou ba
nou lavi. Amèn
PWOPOZISYON: Chak fwa ou louvri bra ou pou akeyi yon pwochen, se montre ou
montre Granmèt la deja la.
No hay comentarios:
Publicar un comentario