Koulè Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Granmèt la ap
rasanble tout nasyon yo nan lapè tout tan Rèy Bondye a»
LEKTI LIV
PWOFÈT IZAYI 2, 1-5
Pawòl Izayi, pitit Amòs la, te wè osijè Jida ak
Jerizalèm.
Nan dènye jou yo, mòn kay Granmèt la ap pare anlè tèt mòn
yo, l’ap anlè ti mòn yo, tout nasyon yo ap kouri vin jwenn li. Anpil pèp ap
vini, y’ap di :
«Vini, an nou monte sou mòn Granmèt la, ak nan kay Bondye
Jakòb la, l’ap aprann nou cheme l’ yo, n’ap mache nan santye l’ yo; paske se
nan Siyon lalwa a ap sòti, pawòl Granmèt la ap vin sot Jerizalèm».
L’ap jije nasyon yo, l’ap korije anpil pèp: y’ap fonn epe
yo pou yo fè pikwa, ak fwenn yo pou yo fè sèpèt. Nasyon p’ap leve epe kont
nasyon ankò, yo p’ap aprann fè lagè ankò.
Kay Jakòb la, vini an nou mache nan limyè Granmèt la.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 121,
1-2, 34a (4b-5. 6-7) 8-9
R/ Nan lakay Granmèt la n-apralé ak kè
kontan
Mwen kontan, lè yo di m’ : «N’a pral nan lakay
Granmèt la».
Pye nou deja kanpe nan pòt ou yo, Jerizalèm.R.
Se la reyèlman vre ras yo ap monte, ras Granmèt la,
temwayaj Izrayèl, pou fè lwanj pou non Granmèt la. Paske se la fotèy yo ap poze
pou jijman an, fotèy kay David la.R.
Mande sa k’ap bay Jerizalèm lapè. Se pou yo gen asirans,
sila yo ki renmen ou nan. Se pou gen lapè nan miray ou yo, avèk asirans nan kay
defans ou yo.R.
Poutèt frè m’ yo ak pwochen m’ yo m’ap di : «Lapè
nan ou ! Poutèt kay Granmèt Bondye nou an m’ap mande byen pou ou.R.
LEVANJIL
«Anpil moun ap
sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon solèy kouche, y’ap vin nan rèy
syèl yo»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ MATYE KI SEN 8, 5- 11
Lè sa a :
Pandan Jezi t’ap antre Kafanawòm, yon kapitèn pwoche kote
l’, li di : «Granmèt, sèvitè m’ nan kouche lakay la, yon bò mouri, l’ap
soufri anpil».
Jezi di l’: «M’a prale, m’ap geri l’».
Kapitèn nan reponn, li di: «Granmèt, mwen pa merite pou
ou antre anba fetay lakay mwen; men di yon pawòl, epi sèvitè m’ nan ap geri.
Sèke mwen menm mwen se yon moun ki anba lòd lòt moun, mwen gen sòlda anba lòd
mwen, mwen di sa a: «Ale», epi 1’ale; epi lòt la: «Vini», epi li vini; epi
sèvitè m’ nan: «Fè sa», epi li fè l’».
Lè Jezi tande sa, li sezi, li di sila yo ki t’ap suiv li
a: «An verite, mwen di nou, mwen pa jwenn kalite lafwa sa a nan Izrayèl. Ebyen
mwen di nou: anpil moun ap vin sòti nan direksyon solèy leve ak nan direksyon
solèy kouche, y’ap manje avèk Abraam, Izaak ak Jakòb nan rèy syèl yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Premye lekti
a fè nou poze tèt nou kesyon: kilè jou sa va rive, pou nou viv ak kè poze, pou
nasyon pa ta leve kont nasyon ankò, pou lage fini, pou san frè ak sè nou
sispann koule?.
Jodi a lè n’ap gade sa k’ap
pase nan lòt peyi, sa fè reflechi sou
kòman nou menm moun nou pa ka antann nou, kòman youn ap goumen ak lòt, youn ap
dechire lòt.
Poutan Bondye kreye nou pou
nou viv ansanm, pou nou viv nan lanmou youn pou lòt; men nou trayi plan Bondye
gen pou nou an. Bondye te kreye nou pou glwa li eklate, men nou trayi l’ nan fè
peche, nan fè sa ki mal, nan detwi lavi frè ak sè nou yo, nan detwi kreyasyon
an.
Jodi a, kòm kretyen, kòm
batize, nou dwe poze tèt nou kesyon pou di: kisa mwen fè pou gen kè poze kote
m’ap viv la, nan fanmi an, nan Legliz la, nan lekòl, nan travay, nan peyi
mwen? Nou dwe reflechi sou relasyon nou
ak Bondye pou n’ wè kòman menm jan ak kapitèn sa nan levanjil la, pou Jezi di
li pa janm wè yon moun gen lafwa konsa nan peyi nou an.
Kapitèn nan ki te kwè ke
delivrans li pa t’ lòt kote ke nan Jezi, li di: «tanpri Granmèt mwen pa merite pou w’ antre lakay mwen, men di yon sèl pawòl sèvitè m’ nan ap
geri».
Frè ak sè m’ yo, ann mande
Bondye menm janm li te geri sèvitè kapitèn nan pou l’ delivre nou anba tout
bagay ki anpeche nou viv nan lapè ak kè poze, nan renmen youn pou lòt. Ann
mande l’ ede nou rete kole sou li, konsa nou va toujou jwenn sekou nan men li.
LAPRIYÈ:Granmèt, ou menm ki te geri sèvitè kapitèn nan, tanpri delivre
nou anba tout sa ki anpeche nou viv nan lapè ak kè poze, nan renmen youn pou
lòt; ede nou rete kole sou ou, konsa nou va gen lavi.
PWOPOZISYON: Vizite yon moun ki malad, ki nan prizon, ede yon moun ki enfim.
No hay comentarios:
Publicar un comentario