Koulè
Vyolèt
PREMYE LEKTI
«Lespri Granmèt
la ap poze sou li»
LEKTI LIV
PWOFÈT IZAYI 11, 1-10
Jou sa a :
Yon ramo ap sòti nan rasin Jese, epi yon flè ap monte sot
nan rasin li, lespri Granmèt la ap poze sou li : lespri sajès ak
entelijans, lespri konsèy ak fòs, lespri syans ak relijyon, lespri krent
Granmèt la ap plen l’.
Li p’ap jije daprè sa k’ parèt devan je, li p’ap pran
pozisyon daprè bui ki rive nan zòrèy ; men l’ap jije pòv yo nan jistis,
l’ap pran pozisyon nan sa ki dwat pou pòv yo sou tè a, l’ap frape tè a ak bagèt
bouch li, ak souf po bouch li l’ap touye mechan yo. Jistis ap sèvi senti tay
li, lafwa ap sèvi zam-pwotèj pou ren l’.
Lou ap abite avèk mouton, tig ap kouche kot kabrit ;
bèf ak lyon ak mouton ap abite ansanm, yon ti gason ap kondui yo ; bèf ak
ous ap manje ansanm, pitit yo ap rete menm kote, lyon ap manje pay tankou bèf.
Ti bebe ki nan tete ap jwe sou twou koulèv mechan. Nan twou koulèv la ti bebe a
ap lonje me l’. Yo p’ap fè mechanste, yo p’ap touye sou tout mòn mwen an ki sen
an, paske tè a plen ak syans Granmèt la, tankou dlo yo ki kouvri lanmè a. Jou
sa a rasin Jese a, ki kanpe kòm siy pèp yo, nasyon yo ap chèche l’, kote l’ ye
a ap nan bèlte.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 71,
2, 7-8, 12-13, 17
R/ Jistis ap fleri nan tan l’.
Bondye, bay wa a jijman ou, bay pitit wa a jistis ou,
l’ap jije pèp ou a nan jistis, ak pòv ou yo nan jijman.R.
Nan tan l’ yo jistis ap fleri ak lapè an kantite joustan lalin nan disparèt. L’ap kòmande sot
nan lanmè al nan lanmè, epi sot nan
gran larivyè jous nan bout fas tè yo.R.
Sèke l’ap delivre malere a k’ap rele a, ak pòv la ki pa gen sekou a.
L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la, l’ap sove nam pòv yo. R.
L’ap pran pitye pou pòv la ak mizerab la, l’ap sove nam pòv yo. R.
Se pou non l’ beni pou tout tan, devan solèy la se pou non li dire.
Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan li.
Se pou tout ras tè yo jwenn benediksyon nan li.
Se pou tout nasyon yo fè lwanj li.R.
LEVANJIL
«Jezi tresayi
nan lespri Sen an»
MEN BÒN NOUVÈL
JEZIKRI A DAPRÈ SEN LIK 10, 21-24
Lè sa a :
Jezi tresayi nan Lespri Sen an, li di : «Mwen fè
konpliman pou ou, Granmèt syèl la ak tè a, paske ou kache bagay sa yo pou moun
sajès yo ak moun entelijans yo, epi ou devwale yo bay sa ki tou piti yo. Wi,
Papa, paske se konsa sa fè ou plezi. Papa m’ renmèt mwen tout bagay. Pèsonn pa
konnen ki sa Pitit la ye, sinon Papa a; epi ki sa Papa a ye, sinon Pitit la ak
moun Pitit la vle devwale sa».
Li vire kot disip li yo, li di: «Se chans pou je yo ki wè
sa nou wè a. Mwen di nou anpil pwofèt ak wa te vle wè sa nou wè yo, men yo pa
t’ wè yo; yo te vle tande sa n’ap tande yo, yo pa t’ tande yo».
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON: Jodi a, pwofèt Izayi envite nou viv ak lespwa (nou konn di nan pwovèb
nou: Espwa fè viv). Pwofèt la vin anonse nou, kote Sovè a ap sòti a, se nan
rasin Jese a, kote Lespri Bondye ap avanyi li, konsakre li, mete li apa pou
sèvis Granmèt la. Li p’ap jije sou aparans men l’ap jije daprè sa li wè, l’ap
jije ak jitis. Tout moun ap jwenn plas yo merite, pòv ak rich ap chita ansanm,
timoun ap rete kote bèt sovaj, kote se lanmou k’ap bousòl nou.
Jezi fè konpliman pou Papa li,
paske li kache bagay sa yo pou moun sajès yo ak moun entelijans yo, epi li
devwale yo bay sa ki tou piti yo. Nan levanjil la, Jezi envite nou fè nou tou
piti, pou nou pa fè grandizè. Si nou vle konnen Pitit la, fòk nou fè nou piti
yon fason pou Papa ka ouvri entelijans nou pou ka rive dekouvri plan Bondye gen
pou nou.
Se chans pou nou chak, frè ak
sè m’ yo ki koute pawòl Bondye a, pawòl sa ki pote lavi nèt ale, paske Pawòl sa
a se Jezi menm.Se poutèt sa, an nou mande Bondye pou li ede nou kenbe pawòl sa nan
kè nou pou li donnen, pou l’ pote fwi, pou yon jou nou ka parèt devan Granmèt
fas a fas, li menm ki vivan ki Wa depi toutan e pou toutan.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri ede nou dekouvri prezans ou nan lavi nou, nan
peyi nou, nan fanmi nou, nan tout aktivite nou yo. Tranpri ede nou rankontre
pitit ou a chak jou pandan nou aksepte koute pawòl ou a. Ou menm ki vivan ki
wa, ki Bondye kounye a e pou toutan.
PWOPOZISYON:Ede oubyen ankouraje yon moun antre nan yon aktivite Legliz la, nan yon
gwoup, nan katechèz, nan apostola.
No hay comentarios:
Publicar un comentario