Koulè Wouj
ANDRE KI
SEN, APOT
(Fèt)
PREMYE LEKTI
“Lafwa a vin nan sa yo tande a, sa
yo tande a menm, se pa lentèmedyè pawòl Jezikri a”
NAN LÈT APOT PÒL KI SEN, POU WOMEN
YO: 10, 9-18
Si ou rekonèt ak bouch ou Jezi se
Granmèt, epi si ou kwè nan kè ou Bondye fè l’ leve sot nan pami mò yo, w’ap
sove. Moun ki kwè ak kè l’, se pou jistis la; moun ki rekonèt ak bouch li, se
pou delivrans la. Sa k’ ekri a di: “Tout moun ki kwè nan li, yo p’ap wont”.Nan
pwen distenksyon Juif ak Grèk, paske se yon sèl Granmèt tout moun, ki fè anpil
gras pou tout moun ki rele l’ yo. “Sèke nenpòt ki moun ki rele non Granmèt la,
l’ap sove”.
Men,
kijan pou yo priye sa a yo pa kwè nan li a? Oubyen kijan pou yo kwè nan sa a yo
pa tande sou li a? Kijan pou yo fè tande, si pa gen moun ki preche? Kijan pou
yo preche, si yo pa voye yo? daprè sa k’ ekri a di a: “Ala bèl yo bèl, pye
mesaje bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!”
Men
se pa yo tout ki obeyi Bòn Nouvèl la; sèke Izayi di: “Granmèt, kilès ki te kwè
mesaj nou an?” Konsa lafwa a rive nan sa yo tande a, epi sa yo tande a, se pa
lentèmedyè pawòl Jezikri a. Men mwen di: “Èske yo pa t’ tande”? Men wi, “sou
tout tè a mesaj yo gaye, pawòl yo jous nan bout fas tè a”.
Pawòl Granmèt la.
SÒM REPONS 18, 2-3. 4-5
R/
Sou tout tè a yo tande vwa yo.
Syèl
yo ap rakonte glwa Bondye, travay men l’, platfòm syèl la ap anonse l’. Jou ap
deklare pawòl bay jou, nannwit ap montre syans bay nwit.R.
Pa
gen langaj ni pawòl, pou yo pa konprann vwa yo. Sou tout tè a bwi vwa yo soti,
jous nan limit tè a pawòl yo rive.R.
LEVANJIL
“Yo menm, menm lè a, yo kite filè
yo, yo swiv li”
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ MATYE
KI SEN: 4, 18-22
Lè
sa a:
Jezi
t’ap mache bò lanmè Galile a, li wè de frè, Simon, sa yo rele Pyè a, epi Andre,
frè l’ la, yo t’ap voye filè nan lanmè a; se pechè pwason yo te ye.
Li
di yo: “Vini apre m’, m’ap fè nou al lapèch moun”.
Yo
menm, menm lè a, yo kite filè yo, yo suiv li. Li kontinye pi lwen, li wè de lòt
frè, Jak, pitit Zebede a, avèk Jan, frè l’ la, yo te nan kannòt la avèk Zebede,
papa yo, yo t’ap rapyese filè yo; li rele yo.
Yo
menm, menm lè a, yo kite filè yo ak papa a; yo swiv li.
An nou fè lwanj ak konpliman
pou pawòl Bondye a.
REFLEKSYON: Lè nou fete
youn nan apot Jezi yo, se fondasyon Legliz la nou fete. Legliz la bati sou apot
yo, se Legliz Jezikri a menm. Andre ki sen n’ap sonje jodi a, pechè pwason ki
tounen pechè moun aprè apèl Jezi te fè li, se youn nan premye disip Jezi, youn
ki vle konnen Mesi a, li we l’, li kite tout sa l’ te genyen pou li te kapab
swiv li. Konsa nou menm tou, nou kapab konprann kijan sa enpòtan pou nou
detache nou ak anpil bagay, si nou vle swiv Jezi tout bon vre, si nou vle
tounen patizan li.
Jezi, frè ak sè m’ yo, se rezon
pou nou viv, se li ki ba nou tout sa nou bezwen, se li ki ba nou tout sa n’
genyen. Poukisa pou n’ pa ta mache ak Jezi, poukisa pou n’ pa ta di l’ wi?
Jezikri vle nou mache ak li jodi a menm; pa tann li pi ta; li di nou: “vini,
swiv mwen”. Swiv li paske li se chemen, laverite ak lavi. Andre kite tout sa l’
te genyen, fanmi li, filè li, travay li, pou l’ swiv Jezi. Paske nan Jezi li jwenn lavi a. Sa sa koute
l’ si li genyen tout bagay epi li pa gen Jezi. Mèt la rele l’ pou l’al simaye
pawòl la bay tout moun. Pou l’ di nou pa gen distenksyon ant rich ak pòv, ant
blan ak nèg, ant dominiken ak ayisyen: nou tout se pitit menm Papa a. Jezi
mande pou menm jan ak Andre ak zanmi l’ yo pou nou mache bay pawòl, konsa n’ap
tounen disip misyonè pou li. Sen Pòl, nan premye lekti a, di nou jodi a: "Ala bèl yo bèl, pye mesaje
bòn nouvèl lapè a, mesaje bòn nouvèl byen ki rive yo!" Bondye ap avèk nou,
nou pa bezwen pè. Se pou nou mete tout enèji nou nan travay li a. Avèk Bondye
viktwa nou asire.
LAPRIYÈ: Granmèt, tanpri fè nou angaje nou menm jan ak Andre
pou kòz Levanjil liberasyon an. Pa pouvwa
Jezikri. Amèn.
PWOPOZISYON: Menm jan ak Andre, ann fè yon ti kite aktivite pèsonèl nou pou nou sèvi
frè ak sè nou.
No hay comentarios:
Publicar un comentario