Koulè
Vyolèt
PREMYE
LEKTI
«Se pou nasyon ki kòrèk la antre, sa ki kenbe verite a».
LEKTI LIV PWOFÈT IZAYI 26, 1-6
Jou sa a, y’ap chante kantik sa a nan peyi Jida a:
«Vil fò nou an se Siyon; sila a ki sove
nou an li poze miray ak anvan-miray nan li. Louvri pòt yo, pou nasyon ki kòrèk
la antre, sa k’ap kenbe verite a. Ansyen move chemen an pati, n’ap kenbe lapè
a: lapè paske nou espere nan ou.
Nou te espere nan Granmèt la pou tout tan
k’ap dire tout tan yo, nan Granmèt Bondye ki fò pou tout tan an. Sèke li
rabese moun yo ki te abite nan wotè a; vil la ki te wo a, li rabese l’; li
rabese l’ jous atè, li trennen l’ jous nan pousyè. Pye moun
ap foule l’, pye pòv la, plant pye malere yo. »
Pawòl Granmèt la.
SÒM
REPONS 117, 1 e 2 8-9, 19-21, 25-27 a
(r.: 26a)
R/ Konpliman pou sila-a ki vini o non Granmèt la.
Fè lwanj pou Granmèt la, paske
li bon, paske kè l’ sansib pou tout tan.
Li bon pou nou kache nan Granmèt
la, pase pou nou met konfyans nan chèf yo.R.
Louvri pòt jistis yo pou mwen
m’ap antre nan yo pou m’ fè lwanj Granmèt la;
sa a se pòt Granmèt la, sila yo
ki kòrèk yo ap antre ladan l’.
M’ap fè lwnj ou, paske ou koute m’, ou tounen
delivrans pou mwen.R.
Granmèt,
sove m’; Granmèt, bay siksè. Konpliman pou sila a k’ap vini o
non Granmèt la. N’ap fè konpliman pou nou sot nan kay Granmèt la. Bondye
Granmèt la klere nou.R.
LEVANJIL
«Moun ki
fè volonte Papa a, l’ap antre nan rèy syèl yo»
MEN BÒN NOUVÈL JEZIKRI A DAPRÈ
MATYE KI SEN 7, 21. 24-27
Lè sa a: Jezi di disip li yo:
«Se pa tout moun k’ap di m’:
«Granmèt, Granmèt» k’ap antre nan rèy syèl yo; men se moun ki fè volonte Papa
m’ ki nan syèl la, se li menm k’ap antre nan rèy syèl yo.
Tout moun ki koute pawòl mwen sa
yo epi ki obsève yo, l’ap sanble ak yon moun sajès, ki bati kay li sou wòch;
lapli tonbe, larivyè desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li pa tonbe;
sèke li te chita solid sou wòch.
Tout moun ki koute pawòl mwen sa
yo, men ki pa obsève yo, l’ap sanble ak yon moun ki san lespri, ki bati kay li
sou sab; lapli tonbe, larivyè desann, van soufle, yo fonse sou kay sa a, li
tonbe, destriksyon l’ nan gran anpil.
An nou fè lwanj ak konpliman pou pawòl
Bondye a.
REFLEKSYON:
Jodi a Granmèt la pwononse pawòl sa yo nan
fen «Diskou sou mòn nan», kote li bay kòmandman nou jwenn nan Ansyen Testaman
an (Pawòl Bondye pou lèzòm) yon sans nouvo epi ki pi pwofon.
Li pale ak nou antan ke Pitit Bondye, e se
antan ke Pitit Bondye li mande nou resevwa sa li di kòm pawòl ki gen pi gwo enpòtans:
se pawòl lavi pou tout tan, ke nou dwe pratike; se pa sèlman koute nou dwe
koute pawòl oubyen admire moun ki di li a, san ke nou pas santi li angaje nou,
aprè sa pou nou bliye li.
«Bati yon kay sou sab» (cf. Mt 7,
26) se yon imaj pou dekri yon konpòtman ensanse, se kalkil yon moun ki manke
lespri, yon moun k’ap prepare pwòp echèk li, aprè yon gran efò ke li te fè ak
anpil lapenn pou konstwi yon bagay.
Granmèt la vle montre nou kijan pou nou
poze fondasyon ki solid, kote baz la kapab sòti nan fason nou pratike ansèyman
li yo, sa vle di nan fason nou viv yo chak jou.
Dispozisyon n’ap pran chak jou pou nou viv
ansèyman Kris la dwe abouti nan rezilta konkrè, si rezilta yo pa ka definitif,
men swa dwe ede nou viv ak kè kontan ak rekonesans, lè nou ap ekzamine konsyans
nou leswa avan nou dòmi.
Kè kontan nou jwenn lè nou pote yon ti
viktwa sou pwòp tèt nou dwe ede nou angaje nou nan lòt batay, e fòs la p’ap
manke nou, avèk konkou lagras Bondye, pou nou pèsevere jiska lafen.
LAPRIYÈ: Reveye pouvwa ou, Granmèt, pote nou sekou ak
gran fòs ou, pou sa peche nou yo te jennen yo, favè bon kè ou fè yo rive pi
vit. Pa pouvwa Jezikri.
PWOPOZISYON: M’ap
kraze kay relasyon mwen te fonde sou ipokrizi a pou mwen ka rebati li sou
renmen.
No hay comentarios:
Publicar un comentario